Anilasyon depòtasyon se yon opsyon nan lwa imigrasyon ki ka ede imigran ki nan pwosedi depòtasyon evite yo mete yo deyò nan peyi a. Chak ane, anviron 4,000 moun resevwa èd sa a, ki pèmèt yo rete Etazini.
Kondisyon pou w aplike pou anilasyon depòtasyon an diferan selon estati moun nan. Sa pral depann si li se yon rezidan pèmanan legal (LPR) oswa si li pa gen rezidans pèmanan.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a 12 mas 2025.
Si w pa yon rezidan pèmanan epi w ap chache anilasyon depòtasyon
Ou dwe kapab demontre yon prezans fizik Etazini pou omwen 10 lane.
- Ou dwe montre prèv w te viv Etazini pou omwens 10 ane. Ou ka itilize resi lwaye, pèman ipotèk, sètifika nesans/maryaj, oswa dosye sante kòm prèv.
- Vwayaj aletranje yo pa ka depase 90 jou alafwa oswa 180 jou an total.
Montre bon karaktè moral
Johnna’s Main Bailey, yon avoka nan biwo Memphis kabinè Siskind Susser, ki espesyalize nan ka imigrasyon familyal ak defans kont depòtasyon fè konne, kondisyon sa a an jeneral konsène moun ki pa gen kondanasyon pou krim ki ta ka diskalifye yo epi ki peye taks.
- Ou ka itilize lèt fanmi ak zanmi ekri sou karaktè w
- Adiksyon dwòg oswa alkòl, jwèt aza ilegal, oswa prèv kondanasyon kriminèl ka diskalifye w.
Ou pa dwe gen okenn kondanasyon kriminèl grav
Ou pa dwe gen kondanasyon pou okenn krim grav, tankou asasina, vyòl, trafik dwòg oswa trafik zam, oswa fwod plis pase $10,000.
Difikilte ekstrèm pou yon manm fanmi ki kalifye
Ou dwe kapab pwouve si yo depòte w, sa ka lakòz gwo difikilte grav pou mari oswa madanm ou, paran w, oswa pitit ou ki poko marye ki poko gen 21 ane, si yo se sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan (LPR).
Main Bailey di egzijans sa a se li ki pi enpòtan an: “Pou yon aplikan apwouve pou anilasyon depòtasyon, li dwe montre difikilte eksepsyonèl. Estanda difikilte egziste nan anpil aplikasyon imigrasyon, men anilasyon gen estanda difikilte ki pi wo a.”
Li eksplike gen diferan fòm difikilte. Difikilte medikal la se pi wo nivo a. Main Bailey fè konnen: “Evalye si yon dyagnostik medikal oswa yon kondisyon mande plis randevou doktè oswa medikaman. Apre sa, gen difikilte emosyonèl. Evalyasyon sikolojik fanmi ki kalifye a ka dokimante sa. Yo konsidere tou difikilte finansye, edikasyonèl ak pwofesyonèl yo. Pafwa, konbinezon tout faktè sa yo fè yon ka aplikab.”
Si w se yon rezidan pèmanan legal k ap chache anilasyon yon depòtasyon
Kritè ki ka fè yon moun kalifye pou anilasyon depòtasyon nan ka rezidan pèmanan legal yo diferan. Pou gwoup sa a, pou w satisfè egzijans yo, sa ap enplike pou w demontre yon prezans solid ak yon dosye pwòp. Espesyalman, yo dwe te kenbe estati rezidan pèmanan yo pou omwen senk ane epi yo dwe te rete Etazini pou omwen sèt ane. Anplis, yo pa dwe gen okenn kondanasyon pou krim grav, paske yon dosye konsa ap fè yo pa kalifye pou soulajman.
Ou an detansyon? Pa panike, ou ka toujou kalifye pou anilasyon depòtasyon
Yon moun ki pa sitwayen ameriken, yon refijye, oswa yon moun ki resevwa azil ki an detansyon ka aplike pou anile depòtasyon pandan pwosedi depòtasyon an.
Kondisyon kalifikasyon yo se menm bagay la. Si w gen yon kondanasyon kriminèl epi w pa mete l sou yon aplikasyon, sa ap lage w nan move jijman sou kritè bon karaktè moral. Ekspè legal yo konseye pou pa janm bay otorite imigrasyon yo manti.
Kijan pou w aplike pou anilasyon yon depòtasyon
- Si w se yon rezidan ki pa pèmanan, ranpli Fòm EOIR-42B, ke yo rele “Aplikasyon pou Anilasyon Depòtasyon”
- Si w se yon rezidan pèmanan, ranpli Fòm EOIR-42A, ke yo rele “Aplikasyon pou Anilasyon Depòtasyon pou Rezidan Pèmanan Sètifye”
- Aplikasyon sa a dwe depoze nan tribinal imigrasyon kote jij la te bay lòd pou depòtasyon an.
- Moun ki nan detansyon yo ta dwe itilize adrès sant detansyon an.
- Kandida yo kapab soumèt yon demann pou anile frè aplikasyon an sou entènèt. Demann sa ap mande pou pataje enfòmasyon sou salè ak depans yo. Apati 2025, frè pou depoze Fòm EOIR-42A a se $100, plis yon frè byometrik $30. Frè yo ka chanje, kidonk kandida yo ta dwe tcheke sit entènèt Depatman Lajistis Etazini an pou si gen mizajou.
Rasanble prèv ou yo
Si yo arete w, mande yon manm fanmi w oswa yon zanmi w fè konfyans pou ranmase dokiman ki nesesè yo. Asire w ou voye kopi, kenbe orijinal yo. Prèv ki nesesè yo ap depann de difikilte ki site nan aplikasyon an.
Avoka yo rekòmande pou w ranmase tout lèt referans ki posib nan men zanmi, fanmi, ak anplwayè. Lèt sa yo ta dwe mete aksan sou kontribisyon pozitif ou nan peyi Etazini, tankou karaktè w, etik travay ou, ak patisipasyon w nan kominote a.
Apre w fin depoze fòmilè a, aplikan an ap bezwen temwaye devan yon jij epi esplike poukisa yo ta dwe pèmèt li rete Etazini. Klike nan lyen sa a pou w jwenn yon gid byen detaye etap pa etap sou pwosesis sa a.
Ki resous ki disponib pou imigran ki gen lòd depòtasyon kont yo?
Li rekòmande anpil pou w chache asistans nan men yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans oswa yon reprezantan ki gen lisans. Pwofesyonèl legal yo ka ede w konprann dwa w epi gade tout opsyon ki disponib yo. Gen anpil òganizasyon nan vil Nouyòk ki bay èd gratis pou imigran yo. Yo gen pwofesyonèl ki abitye ak konpleksite lwa imigrasyon an epi ki ka gide w nan tout pwosesis la. Li enpòtan anpil pou w kontakte yo pi bonè posib pou w jwenn sipò w bezwen an.
The Legal Aid Society
Sitwèb: www.legalaidnyc.org
Sèvis: Bay asistans legal gratis nan zafè imigrasyon, tankou defans kont depòtasyon ak aplikasyon pou azil.
Telefòn: 212-577-3300
Immigrant Justice Corps (IJC)
Sitwèb: www.justicecorps.org
Sèvis: Ofri èd legal gratis atravè bousye ki espesyalize nan lwa imigrasyon.
Telefòn: (212) 407-3417
Catholic Charities Community Services
Sitwèb: www.catholiccharitiesny.org
Sèvis: Ede ak aplikasyon pou imigrasyon, defans kont depòtasyon, ak atelye “Konnen Dwa w”.
Telefòn: (888) 744-7900
Make the Road New York
Sitwèb: www.maketheroadny.org
Sèvis: Bay sipò legal gratis pou imigran, tankou asistans pou DACA, TPS, ak petisyon fanmi.
Telefòn: (718) 418-7690
The Door
Sitwèb: www.door.org
Sèvis: Ofri sèvis legal gratis pou jèn imigran ki gen laj 12 a 24 an, tankou defans kont depòtasyon ak aplikasyon pou viza.
Telefòn: (212) 941-9090
African Services Committee
Sitwèb: www.africanservices.org
Sèvis: Bay asistans legal pou imigrasyon, sitou pou imigran Afriken, tankou aplikasyon pou azil ak estati refijye.
Telefòn: (212)-222-3882
UnLocal, Inc.
Sitwèb: www.unlocal.org
Sèvis: ofri sèvis legal lokal ak kanpay sansibilizasyon ki vize kominote imigran yo nan Nouyòk.
Telefòn: (646)-216-8210
The Mayor’s Office for Immigrant Affairs (MOIA)
Biwo Majistra a pou Zafè Imigran (MOIA) ofri asistans legal gratis. Yo gen yon liy dirèk ki bay Sipò Legal pou Imigrasyon ki disponib soti lendi rive vandredi ant 9:00 am ak 6:00 pm. Ou ka rele yo nan 800-354-0365 oswa 311 epi di “Immigration Legal.” Sèvis yo a disponib nan plizyè lang, tankou panyòl, fransè, chinwa ak kreyòl ayisyen.
Klike nan lyen sa pou w jwenn tout Sant Sipò Legal MOIA yo.