Daprè lalwa, timoun san papye yo gen menm dwa pou yo ale nan lekòl piblik tankou sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan yo. Daprè yon desizyon Lakousiprèm Etazini nan lane 1982 (Plyler v. Doe), Eta yo pa gen dwa refize timoun imigran san papye yo aksè ak edikasyon piblik. Anplis, edikasyon obligatwa pou tout timoun Etazini.
Pwogram Pre-K a se yon pwogram edikasyon timoun piti ki disponib pou timoun ki gen 3 rive 5 lane, anvan yo rantre nan jadendanfan (kindergarten). Pwogram Pre-K a ede devlope kapasite entelektyèl, sosyal, ak emosyonèl timoun yo atravè jwèt, aktivite kote timoun yo patisipe, ak aprantisaj pa eksperyans.
Pwogram Pre-K yo ofri yon anviwònman kote timoun yo devlope langaj, lekti-ekriti, matematik, ak rezoud pwoblèm, sa ki ede yo prepare yo pi byen pou lekòl fòmèl. Pwogram sa yo disponib pou timoun kèlkeswa estati imigrasyon yo, e yo fèt nan plizyè kad, tankou lekòl piblik, sant kominotè, ak enstitisyon prive.
Nan Nouyòk, timoun ki gen 6 rive 16 lane oblije ale lekòl. Si pitit ou gen 3 lane, ou ka enskri li nan pwogram 3-K.
Kilè enskripsyon yo louvri?
Ou dwe planifye davans pou w enskri pitit ou nan pwogram Pre-K ak 3-K gratis yo. Peryòd enskripsyon an louvri nan mitan mwa janvye epi fèmen nan fen mwa fevriye pou timoun ki pral antre lekòl nan sezon otòn nan. Daprè Jenna Lyle, Pòtpawòl prensipal Lekòl Piblik vil Nouyòk, gen twa fason fanmi yo ka aplike pandan peryòd enskripsyon an:
- Sou entènèt, sou sit: www.myschools.nyc
- Pa telefòn, nan nimewo: 718-935-2009
- An pèsòn, nan yon Family Welcome Center (Sant Akèy ak Enfòmasyon pou Fanmi), kote yon konseye ap ede w ranpli dosye enskripsyon an. Ou ka jwenn Family Welcome Center ki pi pre w la nan lyen sa a.
Tout sèvis yo disponib nan plizyè lang, tankou kreyòl ayisyen, chinwa, ak panyòl.
Ki moun ki ka aplike pou Pre-K ak 3-K?
Timoun ki rete nan vil Nouyòk ka kòmanse Pre-K nenpòt moman nan ane y ap genyen 4 lane a. Pou plis enfòmasyon, vizite paj enskripsyon an nan lyen sa a. Timoun ki rete nan vil Nouyòk ka kòmanse 3-K nenpòt moman nan ane y ap genyen 3 lane a. Pou plis enfòmasyon, vizite paj enskripsyon an nan lyen sa a.
Pwogram Early Head Start ak Head Start
Ti bebe ak timoun piti ki gen ant 6 semèn ak 3 lane, ki poko gen laj pou Pre-K, ka enskri nan pwogram Early Head Start. Pwogram sa a ofri swen ak aprantisaj pandan tout ane a, jiska 10 èdtan pa jou, swa nan sant edikasyon timoun piti vil Nouyòk yo NYC Early Education Centers (NYCEECs), swa nan sèvis swen adomisil atravè pwogram Family Child Care network.
Pwogram Head Start yo bay timoun yo manje ki sen, egzamen sante, ak sipò pou yo jwenn sèvis medikal ki nesesè. Anplis, pwogram sa yo ede paran ak fanmi yo atenn objektif pèsonèl yo, tankou jwenn travay, kay, ak edikasyon pou granmoun.
Pwogram federal gratis sa yo gouvènman an finanse, fèt pou paran ak timoun ki kalifye, epi yo bay manje ak sèvis sante pou fanmi yo. Timoun ki kalifye yo ka enskri nenpòt ki moman pandan ane a, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Pou yon fanmi kalifye, li dwe ranpli omwen youn oswa plizyè nan kondisyon sa yo:
- Lajan fanmi an ap rantre rèspèkte limit gouvènman federal la fikse yo
- Fanmi an ap viv nan lòjman tanporè
- Fanmi an resevwa asistans lajan kach nan Human Resources Administration (HRA)
- Fanmi an resevwa pwogram asistans alimantè (SNAP)
- Fanmi an resevwa Asirans Sekirite Siplemantè(SSI)
- Fanmi an ap enskri yon timoun ki nan òfelina
Pou w verifye si w kalifye epi enskri, vizite MyCity.nyc.gov oswa voye yon imèl bay CCapplication@schools.nyc.gov.
Pandan pwosesis aplikasyon an, pwogram nan ap mande youn oswa plizyè dokiman pou verifye kalifikasyon w. Dokiman sa yo ka gen ladan yo:
- Fòmilè taks sou revni 1040
- Fòmilè W-2
- Dokiman TANF (tankou asistans lajan kach)
- Dokiman SSI
- Fich pèman oswa anvlòp salè
NYC Early Education Centers (NYCEEC) : Se yon òganizasyon kominotè ki travay an patenarya ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk (DOE) pou bay Pre-K gratis. Ou ka jwenn NYCEEC ki pi pre w la sou kat la. Yo ankouraje w konsidere yon NYCEEC si w ap resevwa sèvis sosyal nan men òganizasyon ki jere sant la, oswa si pitit ou gen frè oswa sè ki deja ap frekante sant la.
Lekòl Primè Arondisman yo : Sa yo se lekòl piblik elemantè ki ofri pwogram Pre-K. Ou ka konsidere opsyon sa a si pitit ou gen yon frè oswa sè ki pi gran ki deja nan lekòl la, oswa si pitit ou deja nan pwogram 3-K nan menm lekòl la.
Sant Pre-K yo : Se anplwaye Depatman Edikasyon vil Nouyòk ki dirije sant sa yo epi yo ofri sèlman klas avan jadendanfan. Ou ka chwazi yon sant Pre-K si w vle pitit ou suiv yon pwogram ki fèt sèlman pou timoun piti, oswa si li deja ap suiv 3-K nan sant Pre-K a. Tout pwogram Pre-K yo sèvi timoun ki gen andikap.
Pou mizajou sou pwosesis admisyon an, ou ka ranpli fòm sa a. Enfòmasyon yo disponib nan plizyè lang, tankou espanyòl, chinwa, ak kreyòl ayisyen. Pou plis enfòmasyon sou admisyon oswa lis datant pou pwogram 3-K ak Pre-K, rele 311 oswa 718-935-2009. Ou ka voye yon imèl tou bay ESEnrollment@schools.nyc.gov.