fbpx
Logo
Jan 17, 2025 | Roberto Bolaños and Rommel H. Ojeda

Kijan w kapab ouvè yon kont labank san w pa gen nimewo sekirite sosyal

Pa gen entèdiksyon pou imigran iregilye ak sila yo ki pa genyen yon SSN pou yo louvri yon kont chèk ak yon kont epay Etazini, toutotan yo kapab bay prèv idantite ak adrès yo.

Yon kont chèk ak epay kapab sekirize lajan w nan yon bank FDIC kontwole. Kont lan ap sèvi tou kòm yon prèv adrès epi, pou dosye imigrasyon w, li se yon garanti pou montre ou gen stabilite. 

94 pousan fwaye Etazini posede kont labank, chif sa a geny ladan l imigran ki pa gen yon nimewo sekirite sosyal (SSN).

Malgre gen diferans nan kondisyon pou chak kategori imigran ouvè yon kanè bank, men benefis yo ak kondisyon yo kapab ouvè yon kont san yon nimewo SSN.

Ou pa bezwen yon nimewo SSN pou w ouvè yon kont labank

Pa gen entèdiksyon pou imigran iregilye ak sila yo ki pa genyen yon SSN pou yo louvri yon kont chèk ak yon kont epay Etazini, toutotan yo kapab bay prèv idantite ak adrès yo.

Lè w ouvè yon kont labank sa genyen anpil avantaj. Kont lan ap fè w jwenn yon kat debi, epi tou, li se yon prèv adrès. Li pèmèt ou gen aksè a lajan nan anpil ATM, li ede w kenbe dosye acha ak peman, apre sa, li se yon pwoteksyon pou lajan w.

Nan dosye imigrasyon kont labank lan kapab bay prèv sou dat ou te abite nan peyi a, ak kantite taks ou peye – se yon kondisyon pou natiralizasyon.

Yon kont labank ap ba w lapè nan tèt 

Yon kont labank sekirize lajan w yon kote, pandan l pèmèt ou gen aksè ak lajan an nenpòt kote.

Si ou pèdi lajan kach fizik (swa paske ou te lage li yon kote w san w pa rann ou kont, oubyen paske ou pèdi li akòz yon dife) ou p ap kapab rejwenn lajan sa a paske pa gen okenn dosye ki montre ou te genyen l. 

Yon kont labank gen achiv tout tranzaksyon ak depo ou fè yo, epi li se yon prèv lajan w lan te egziste. Anplis de sa, bank FDIC asire yo dwe gen yon asisrans estanda 250 000 dola. 

Youn nan bagay ki enpòtan lè w ap viv Etazini, se kenbe tras bil ou peye yo ak divès lòt tranzaksyon. Lè w gen yon kont labank, li ede w fè bidjè w, konsa tou, li kapab pèmèt ou pwograme peman otomatik yon fason pou w evite peye frè reta. Kont lan pèmèt ou gen tras tout tranzaksyon ak abònman. 

Yon kont ap ede w jwenn lajan travay ou pi vit gras ak depo dirèk travay la kapab fè sou kont lan.

Ki dokiman w bezwen pou w ouvè yon kont labank?

Men dokiman enstitisyon tankou Chase, Bank of America, ak Credit Unions mande pou w ouvè yon kont:

  • Non ak Dat nesans: ak nesans, yon paspò ki pa ekspire, dokiman idantite konsila delivre, lisans chofè gouvènman an bay oubyen pèmi aprantisaj la. Ou bezwen pou pi piti 2 dokiman leta delivre.
  • Prèv adrès: bòdwo sèvis piblik yo tankou telefòn, bòdwo gaz ak kouran. Kontra lokasyon, kat idantifikasyon minisipal (tankou IDNYC a). Dokiman sa yo dwe sou non w, epi yo dwe gen adrès ou rete nan moman an.
  • Idantifikasyon: ou ka bay yon nimewo sekirite sosyal SSN oswa yon nimewo idantifikasyon taks (ITIN)

Yon nimewo ITIN nesesè pou ranpli taks ou si w ap travay epi ou pa kalifye pou yon SSN. W ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w aplike pou yon ITIN la a.

Bank ou ka ouvè yon kont ak yon ITIN

Pifò enstitisyon finansye yo pèmèt ou genyen yon kont chèk ak yon kont epay si w ranpli kondisyon ki nan lis nan seksyon anvan yo. Sa ki anba la yo se pou w ouvè yon kont ak yon ITIN.

Remak: Ou p ap kapab louvri yon kont ak yon ITIN sou entènèt, apre sa, ou dwe pran randevou oubyen vizite yon filyal bank lan an pèsòn pou yo kapab verifye idantite w.

Chase Bank: Frè w ap peye chak mwa yo se $12 pou kont chèk debaz yo, ki ka anile twa fason.

PNC Bank: Frè w ap peye chak mwa yo se $7. Frè sa yo ka anile si w kenbe yon balans ki plis pase $500.

Bank of America: Gen diferan kont ki varye ant $4.95 ak $12 frè pa mwa, ki ka anile si yo satisfè sèten kondisyon (tankou depo dirèk, elatriye).

Citibank: Pa gen okenn depo minimòm ki nesesè. Yo ka anile frè a si balans mwayèn sou kont lan chak mwa se $500 pou pi piti.

TD Bank: Gen yon frè antretyen $4.95 pa mwa ki pa ka anile.

Kijan pou w ouvè yon kont labank ak yon paspò?

Alliant Credit Union, Citibank, PNC ak Wells Fargo pèmèt kliyan yo ouvè kont debi ak yon dokiman idantite ofisyèl ki gen foto, tankou paspò. Nou gen prèv imigran ki rive gen yon kont ak sèlman paspò yo nan bank sa yo.

Moun ki pa gen paspò yo ka itilize yon IDNYC pou ouvè kont nan bank sa yo ki Nouyòk.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt