Pwoblèm finansye kapab rezilta prè pou peye inivèsite, kat kredi, oswa difikilte jeneral pou jere lajan. Pou moun kap viv Nouyòk yo, genyen espesyalis ki gen bon repitasyon ki disponib pou yo bay konsèy gratis.
Yon konseye finansye resevwa fòmasyon pou li analize revni, depans ak dèt yon moun, epi bay konsèy sou kijan yo ka fè bidjè, ekonomize, epi senplifye depans yo. Konseye a pa la pou l bay konsèy sou taks, jere envestisman oswa prete kliyan li yo lajan.
Men yon gid sou kèk fason ou ka jwenn aksè ak sèvis konsèy finansye gratis nan vil Nouyòk, kijan li ka ede w pran kontwòl avni w, ak kijan pou w detèmine ki sèvis ki lejitim.
Sant otonomi finansyè vil Nouyòk yo (NYC Financial Empowerment Centers)
- Espesyalite: konsèy jeneral
- Moun ki kalifye: patisipan yo dwe gen pou pi piti, 18 ane. Yo dwe viv oswa travay nan vil Nouyòk. Pa gen okenn restriksyon sou nivo revni oswa estati imigrasyon.
- Kijan pou w aplike: ranpli fòmilè a sou entènèt oswa rele 311 epi mande “konsèy finansye”
Se Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè vil Nouyòk an patenarya ak plizyè òganizasyon kominotè ki dirije Sant Otonomi Finansyè vil Nouyòk yo. Gen 47 biwo nan vil la ki bay randevou menm jou, selon lokal la. Patisipan yo ka pwograme rankont nan telefòn oswa an pèsòn pou travay ak yon konseye pou kreye yon bidjè, amelyore kredi yo oswa fè fas ak dèt.
Nan premye rankont lan k ap dire inèdtan, konseye a ap gen yon apèsi sou finans patisipan an, li pral evalye objektif finansye yo epi rekòmande estrateji pou pwochen etap yo. Patisipan yo ka pwograme kantite sesyon yo bezwen. Sèvis yo disponib nan lang anglè, espanyòl, lang siy ameriken ak lòt lang ki disponib atravè itilizasyon yon entèprèt.
Sosyete Sèvis Kominotè
- Espesyalite: amelyore kredi, diminye dèt, ogmante ekonomi, aplike pou benefis piblik
- Moun ki kalifye: pa gen okenn limit sou kliyan yo aksepte nan pwogram nan.
- Kijan pou w aplike: ranpli fòmilè a sou entènèt oswa rele 212-614-5586
Sosyete Sèvis Kominotè se yon òganizasyon kominotè ki òganize fòmasyon sou finans ak antrene volontè ki ede patisipan yo amelyore konesans yo nan finans atravè sesyon fòmasyon gratis ak konfidansyèl. Premye sesyon yo fèt pa telefòn oswa apèl videyo. Sesyon an pèsòn yo ka planifye an aprè.
Dèt pou edikasyon, yon pwogram asistans pou konsomatè (EDCAP)
- Espesyalite: dèt prè etdyan
- Moun ki kalifye: pwogram sa ouvè pou rezidan Eta Nouyòk
- Kijan pou w aplike: rele 888-614-5004 oswa pran yon randevou pou yon sesyon konsèy vityèl
Pwogram nan gide moun k ap prete yo pou yo pi byen konprann opsyon peman yo pandan l ap anseye yo kijan pou yo evite pratik abizif ak kijan yo kapab redui nan dèt yo.
Carolina Rodriguez ki se direktè pwogram nan, mete aksan sou jan li enpòtan pou moun yo chèche èd bonè, sa ki ap ede yo jere finans yo pi byen.
Rodriguez di: “Mwen toujou di kliyan m yo, mwen ka pa kapab elimine prè etidyan ou yo, men w ap konprann sa n ap fè a, epi omwen sa ap ba lespri w lapè lè w konnen ou poze aksyon pou w jere prè ou yo, epi opsyon w ap chwazi yo se pi bon opsyon ou genyen ki disponib pou ou.”
Ekip konseye finansye li a travay avèk patisipan yo pou evalye si yo kalifye pou divès pwogram ki anile prè elèv etidyan epi devlope plan pèsonalize pou adrese dèt prè etidyan yo. Klike lyen sa a pou plis detay.
Ariva
- Espesyalite: lojman abòdab, finans jeneral
- Moun ki kalifye: pwogram sa la pou tout moun k ap viv Nouyòk ki gen pou pi piti 18 ane, kèlkeswa estati imigrasyon yo
- Kijan pou w aplike: ranpli fòmilè a sou entènèt
Ariva se yon òganizasyon kominotè k ap fè pwomosyon jistis ekonomik ak enklizyon finansye nan sèvis li bay moun k ap viv Nouyòk yo nan plizyè lokal ki nan Manhattan, Queens, Brooklyn ak Bronx. Ariva sèvi plis pase 15,000 moun Nouyòk chak ane.
Ariva okri yon sèvis kliyantèl “wo nivo” paske chak ane li rekrite epi fòme yon ekip anplwaye volontè epi li ajiste sèvis pwogram nan ofri yo selon bezwen kiltirèl ak finansye patisipan yo.
Pwogram “Ready to Rent” òganizasyon an ede moun yo navige pwogram lotri lojman abòdab vil Nouyòk la nan montre yo kalkile revni yo byen, idantifye ouvèti k ap bon pou yo epi rasanble dokiman ki enpòtan yo.
Verifye lejitimite yon konseye finansye
Gen yon chans pou kèk moun fè tankou yo se konseye finansye pou yo ka fè fwod sou kliyan an, jwenn aksè ak enfòmasyon yo oswa fè yo envesti nan fo biznis. Pou rezon sa a, li enpòtan pou verifye anrejistreman oswa lisans nenpòt moun ki pretann yo se yon konseye finansye.
Carolina Rodriguez, direktè pwogram EDCAP la, site plizyè fason moun ki enterese nan konsèy finansye ka verifye lejitimite resous y ap itilize a, tankou li rapò ak temwayaj sou aktivite òganizasyon an, chache yon prezans solid sou entènèt oswa kontni medya sosyal yo, epi chache konpayi an sou Google ak mo “fwod” oswa “eskwokri” pou wè si gen nenpòt avètisman ki parèt.
Moun yo ka mande konseye yo “Ki kote ou fè lisans ou?”
Konseye finansye ki di yo sètifye nan Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè dwe parèt nan lis baz done lisans depatman an.
Broker Check se yon zouti gratis Financial Industry Regulatory Authority (FINRA -Otorite Regilasyon Endistri Finansye) kreye pou fè rechèch sou pwofil ak eksperyans konseye finansye ak konpayi yo.
Pa gen yon biwo akreditasyon santral pou tout konseye finansye yo. Kliyan yo dwe konsilte avèk sila yo ki nan òganizasyon ki gen bon repitasyon, tankou pwogram vil la oswa òganizasyon kominotè ki asire yo gen akreditasyon yo. Konseye finansye yo ka mande pou revize atestasyon labank ak rapò kredi, men yo p ap mande pou yo jwenn aksè dirèk nan kont bankè yon kliyan.
Si w gen yon kesyon oswa yon plent sou lejitimite yon òganizasyon oswa yon moun, ou ka kontakte Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè a nan 855-411-2372.
Rodriguez di: “si yon moun ba w yon rekòmandasyon, asire w ou fè pwòp rechèch pa w pou w konfime enfòmasyon an.” “Si gen yon moun ou vrèman fè konfyans nan kominote a, mande yo verifye pou ou oswa jwenn èd nan men yon òganizasyon ou fè konfyans ki ka ede w detèmine si se yon sous fyab.”