Logo
Aug 27, 2026 | Jie Jenny Zou

Men sa w dwe konnen si w pèdi benefis SNAP ou yo Nouyòk

Atik sa a te pibliye pou premye fwa nan New York Focus.

Nan dat Premye jen 2026, plizyè milye moun nan Nouyòk resevwa yon avi ki fè yo konnen yo ka pèdi benefis manje yo resevwa chak mwa a akoz nouvo kondisyon travay ki te antre an aplikasyon nan mwa mas la. Sa a se dènye chanjman nan yon seri mezi ki limite moun ki kapab kalifye pou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP). Prèske twa milyon moun nan Nouyòk konte sou pwogram sa a pou ede yo bay fanmi yo manje.

Nou rasanble enfòmasyon pou moun k ap resevwa SNAP nan Nouyòk ki vle konprann nouvo chanjman an ak fason li ka afekte benefis yo. Si w gen kesyon espesifik sou dosye SNAP ou, kontakte depatman sèvis sosyal ki nan zòn ou an.

Ki nouvo kondisyon travay SNAP yo?

Petèt ou deja tande pale de nouvo kondisyon travay pou moun k ap resevwa SNAP yo. Yo rele yo kondisyon travay pou granmoun ki kapab travay epi ki pa gen moun sou kont yo, oswa règ ABAWD.

Kondisyon sa yo te antre an aplikasyon nan Nouyòk nan dat premye mas 2026, apre gouvènman federal la te fè kèk chanjman nan pwogram nan. Daprè nouvo règ yo, gen kèk moun k ap resevwa SNAP ki dwe pwouve y ap travay, yo fè volontarya, oswa yo ale lekòl pandan yon kantite èdtan chak mwa pou yo ka kontinye resevwa benefis manje yo. Pou w konnen konbyen èdtan yo mande, gade seksyon ki vin apre a ki rele: “Kisa mwen dwe fè pou m respekte nouvo kondisyon travay yo?”

Nouvo règ yo ka afekte w si TOUT kondisyon sa yo aplike pou ou:

  • Ou gen ant 18 ak 64 lane
  • Ou pa ap viv ak yon timoun ki poko gen 14 lane
  • Ou p ap pran swen yon moun ki pa kapab pran swen tèt li
  • Ou pa gen okenn pwoblèm sante mantal oswa fizik ki anpeche w travay.

Nouvo règ sa yo aplike pou ou menm si w pa gen kote pou w rete, ou se yon ansyen militè, oswa si w se yon jèn k ap kite sistèm òfelina a paske w rive nan laj limit la.

Kisa mwen dwe fè pou m respekte nouvo kondisyon travay la?

Si nouvo règ yo aplike pou ou, chak mwa ou dwe bay prèv ou fè youn nan aktivite sa yo: 

  • Ou fè yon travay peye oswa travay san peye pandan 20 èdtan pa semèn, sa vle di 80 èdtan pa mwa; oswa ou touche omwen $217.50 pa semèn,
  •  Ou patisipe nan yon pwogram fòmasyon travay yo apwouve pandan 20 èdtan pa semèn, sa vle di 80 èdtan pa mwa.
  • Ou fè volontarya nan yon pwogram ki kalifye, oswa ou patisipe nan yon pwogram eksperyans travay yo apwouve, pandan kantite èdtan yo mande chak mwa.

Nan dènye ka sa a, kantite èdtan ou dwe fè chak mwa depann de kote w rete. Pou w kalkile li, divize kantite lajan SNAP ou resevwa chak mwa a pa salè minimòm ki aplikab nan zòn ou an.

  • Pa egzanp, si w resevwa 300 dola befefis SNAP chak mwa epi salè minimòm nan zòn ou an se $16/lè, ou dwe fè 18 èdtan volontarya chak mwa oswa pase 18 èdtan nan yon pwogram eksperyans travay yo apwouve.
    (300 ÷ 16 = 18 èdtan.)
  • Si w ap viv nan vil Nouyòk, Long Island oswa Westchester, kote salè minimòm lan se $17/lè, epi w resevwa $300 avantaj SNAP chak mwa, ou dwe fè anviwon 17.6 èdtan volontarya oswa pase menm kantite tan sa a nan yon pwogram eksperyans travay chak mwa.
    (300 ÷ 17 = apeprè 17.6 èdtan.)

Kontakte depatman sèvis sosyal ki nan zòn ou an pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwogram fòmasyon travay yo apwouve, pwogram eksperyans travay yo apwouve, ak pwogram volontarya ki kalifye yo. Depatman an ta dwe kapab montre w ki pwogram ki disponib nan zòn ou an. Li kapab ede w kalkile tou kantite lè egzak ou dwe fè epi bay prèv pou yo chak mwa, selon sitiyasyon pa w. Si w ap viv nan vil Nouyòk, ou ka wè opòtinite volontarya ki kalifye yo nan lyen sa.

Poukisa mwen resevwa avi ki di benefis SNAP mwen yo pral kanpe?

Fanmi w ka resevwa yon avi pa lapòs ki pale de kondisyon travay pou granmoun ki kapab travay epi ki pa gen moun sou kont yo, oswa règ travay ABAWD yo. Sa vle di w ka oblije respekte kondisyon nou eksplike nan seksyon anvan an, ki rele: “Kisa mwen dwe fè pou m respekte nouvo kondisyon travay yo?”

Si w pa rive respekte kondisyon yo chak mwa pandan plis pase twa mwa nan peryòd y ap evalye a, ou ka resevwa avi ki fè w konnen avantaj SNAP ou yo pral kanpe epi yo fèmen dosye w la.

Peryòd kote y ap verifye kondisyon yo ap fini 30 septanm 2026. Sa vle di, si w pa rive respekte kondisyon yo pandan twa mwa ant premye mas 2026 ak 30 septanm 2026, ou ka pèdi benefis SNAP ou yo. Twa mwa sa yo pa oblije youn apre lòt. Pa egzanp, si w pa respekte kondisyon yo nan mwa avril, jen, ak dawout, ou riske pèdi benefis ou yo.

Mwen pa resevwa okenn avi konsènan chanjman nan benefis SNAP mwen yo.

Si w pa resevwa okenn avi konsènan chanjman nan avantaj SNAP ou yo, sa ka vle di depatman sèvis sosyal ki nan zòn ou an deside w pa oblije respekte nouvo kondisyon travay yo.

Ou PA oblije respekte nouvo kondisyon travay yo si:

  • Ou ansent
  • Ou resevwa benefis pou andikap
  • Ou resevwa benefis chomaj
  • Ou pa kapab respekte kantite lè travay oswa volontarya yo mande chak mwa a akoz yon pwoblèm sante mantal oswa fizik.
  • W ap patisipe nan yon pwogram tretman pou depandans dwòg oswa alkòl.
  • Ou enskri nan yon lekòl, yon pwogram fòmasyon, oswa yon inivèsite omwen a demi-tan.

Si youn nan sitiyasyon sa yo aplike pou ou, li posib pou yo konsidere w kòm yon moun ki epanye anba kondisyon travay yo. Sa vle di w pa oblije respekte nouvo kantite lè yo mande chak mwa a.

M panse gen yon erè. Kisa mwen ka fè?

Si w resevwa yon avi men w kwè yo ta dwe konsidere w kòm yon moun ki epanye anba kondisyon travay chak mwa yo, kontakte depatman sèvis sosyal ki nan zòn ou an tousuit epi eksplike sitiyasyon w.

Anplwaye sèvis sosyal yo ka poze w kesyon nan telefòn pou yo konprann sitiyasyon an. Yo ka mande w pou w soumèt yon fòm egzanpsyon medikal. Se yon pwofesyonèl swen sante ki dwe ranpli fòm sa a pou konfime w gen yon pwoblèm medikal ki anpeche w travay omwen 80 èdtan chak mwa.

Si w ap viv nan vil Nouyòk, pwogram Administrasyon Resous Imèn WeCare ka ede w jwenn yon pwofesyonèl swen sante ki ka ranpli fòm egzanpsyon medikal ou a gratis.

Si w kwè yo refize ba w yon egzanpsyon san rezon, oswa yo te mal anrejistre travay ou oswa kantite lè w fè chak mwa, ou ka mande yon odyans pou w konteste desizyon an (fair hearing). Yon òganizasyon lokal ki bay asistans legal ka ede w ak odyans lan oswa ak dosye SNAP ou a. Pami òganizasyon sa yo, gen Empire Justice Center, NY Legal Assistance Group, Legal Aid Society, Legal Services NYC, Urban Justice Center, ak lòt ankò.

Si w gen difikilte pou w kontakte depatman sèvis sosyal ki nan zòn ou an, yon konseye lokal ki ede moun jwenn sèvis SNAP ka ede w. Ou ka chache konseye SNAP ki nan zòn ou an nan lyen sa.

Mwen pèdi benefis SNAP mwen. Kijan mwen ka jwenn manje?

Ou ka kontakte sant distribisyon manje ki pi pre w la. Sant sa yo bay pwovizyon gratis, tankou fwi ak legim fre, manje nan bwat, lòt manje ki ka konsève lontan san frijidè, epi pafwa lòt bagay ki nesesè pou kay la. Men yon lyen pou w jwenn yon kat jewografik sou entènèt kote w ka chache sant distribisyon manje ki tou pre w. Sou kat la, ou ka jwenn lòt sèvis manje gratis tou, tankou kizin kominotè ki sèvi manje, frijidè kominotè kote w ka pran sa w bezwen, sant distribisyon manje mobil ki deplase nan diferan zòn nan kominote yo, ak lòt resous ankò.

Gwoup solidarite kominotè nan vil Nouyòk ak lòt kote nan eta Nouyòk ka ofri asistans tou. Biwo reprezantan eli lokal yo ka ede rezidan yo jwenn lòt resous ak pwogram manje. Sèvi ak sit entènèt sa a pou w jwenn reprezantan eli ki responsab zòn kote w rete a.

Men kèk lòt pwogram asistans ou ka kalifye pou yo:

  • Si w enskri nan Medicaid tou, ou ka kalifye pou resevwa èd pou manje atravè Social Care Network ki nan zòn ou an.
  • Si w ansent, oswa ou gen yon timoun ki poko gen 5 lane, epi revni fanmi w respekte limit yo mande yo, fanmi w ka kalifye pou pwogram Women, Infants, and Children, ki bay èd pou manje tou. Pwogram sa a pa sèlman pou manman ak timoun — moun k ap pran swen timoun, tankou paran fanmi akèy ak granparan ka aplike tou.
  • Si w gen 60 lane oswa plis, ou kapab kalifye pou jwenn sèvis manje ki fèt espesyalman pou granmoun atravè sant pou granmoun ak lòt pwogram.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt