Navige nan sistèm imigrasyon Etazini an ka bay anpil estrès — sitou lè gen enfòmasyon enpòtan ki manke, tankou A-Number w (Nimewo Enskripsyon Etranje). Gid sa a ap ede w konprann ki sa A-Number a ye, ki kote ou ka jwenn li, epi ki sa pou w fè si w pa rive jwenn li.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Oktòb 2025.
Ki sa ki yon A-Number?
A-Number ou se yon nimewo idantifikasyon pèsonèl USCIS oswa Depatman Sekirite enteryè (DHS). Li kòmanse ak yon lèt “A” epi li gen nèf chif (pa egzanp: A012345678). Si A-Number w la gen 8 oswa 7 chif sèlman, ajoute zewo (0) devan li jiskaske li rive nan nèf chif pou li vin nimewo ofisyèl la.
A-Number a ede gouvènman an suiv istorik imigrasyon w epi rasanble tout dosye w yo tankou fòm, viza, ak ka imigrasyon nan yon sèl dosye.
Ki moun ki resevwa yon A-Number?
Anpil moun ki pa sitwayen ameriken resevwa yon A-Number lè yo aplike pou sèvis imigrasyon oswa lè yo gen yon dosye nan pwosedi imigrasyon.
Ou ka resevwa yon A-Number si w:
- Fè demann pou yon green card
- Mande azil oswa estati refijye
- Resevwa kèk otorizasyon travay
- Te patisipe nan pwosedi tribinal imigrasyon
Se pa tout moun ki resevwa yon A-Number touswit. Ou pap gen A-Number si w:
- Antre Etazini ak yon viza ki pa ba w dwa rete lontan (tankou viza vizitè oswa viza etidyan) epi w poko fè okenn demann pou sèvis imigrasyon.
- Pa janm aplike pou azil, green card, otorizasyon travay, oswa okenn chanjman estati.
Depi w soumèt yon aplikasyon bay USCIS — tankou pou pèmi travay, green card, oswa azil — y ap ba w yon A-Number.
Si w depase tan viza w epi w antre nan pwosedi depòtasyon, ou pral gen yon A-Number. Si w te antre ak viza etidyan F-1 epi w te travay Etazini nan kad Pwogram Staj Travay Opsyonèl pou Etidyan (OPT), gen anpil chans pou w deja gen yon A-Number.
Kote w ka jwenn A-Number w
Menm si w pèdi youn nan dokiman w yo, A-Number ou an souvan parèt plizyè kote. Eseye tcheke dokiman sa yo:
1. Green card (kat rezidan pèmanan)
Chache “USCIS#” oswa “A#” sou fas kat la.

2. Kat pèmi travay (EAD)
A-Number w parèt bò kote “USCIS#” sou fas kat la.

3. Viza imigran nan paspò w
Gade kote so viza a ye a k ap ekri “Registration Number” oswa “A#”.

4. Fòm I-797 Notice of Action
Si USCIS voye yon avi sou dosye w, A-Number ou a, an jeneral parèt nan tèt paj la.

5. Papye tribinal imigrasyon (dokiman EOIR)
Si w gen yon ka nan tribinal imigrasyon, dokiman yo ap soti nan Executive Office for Immigration Review (EOIR), ki se yon pati nan Depatman Jistis Ameriken. Papye sa yo — tankou Notice to Appear, avi odyans, oswa desizyon tribinal — prèske toujou gen A-Number w. W ap wè li souvan nan kwen anlè a, a dwat, anba yon tit ki di “Executive Office for Immigration Review” oswa “U.S. Department of Justice.”
6. Kont USCIS sou entènèt
Si w kreye yon kont sou entènèt nan my.uscis.gov, konekte epi louvri pwofil dosye w la. A-Number w ta dwe parèt anba detay dosye w oswa nan avi yo.
Si w pa ka jwenn oswa w poko janm resevwa yon A-Number
Pa panike si w pa ka jwenn A-Number, ou gen plizyè fason pou rekipere li.
Ou ka rele USCIS Contact Center nan nimewo 1-800-375-5283. Eksplike yo ou bezwen èd pou w jwenn A-Number w. Yon reprezantan ka mande w kèk enfòmasyon pèsonèl (tankou non w, dat nesans ou, ak tip dosye w) pou w verifye idantite w anvan li gide w sou etap pou w rekipere nimewo a.
Si sa pa mache, ou ka soumèt yon demann Freedom of Information Act avèk Form G-639 pou w jwenn yon kopi dosye imigrasyon w.
Si w te travay avèk yon avoka imigrasyon oswa yon òganizasyon, yo ka deja gen nimewo w nan dosye yo.