Gid sa a ap montre w etap pa etap kijan pou w fè yon rapò sou dokiman w pèdi yo, mande ranplasman yo, epi pwoteje tèt ou kont vòl idantite.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Septanm 2025.
Depoze yon rapò lapolis
Lè w pèdi yon dokiman enpòtan nan Nouyòk, ou ta dwe al depoze yon rapò lapolis (NYPD).
Depoze yon rapò lapolis pa sèlman yon fòmalite. Li kreye yon dosye ofisyèl ki montre dokiman w lan te pèdi oswa yo te vòlè l. Ajans tankou USCIS, Depatman Deta ak anbasad etranje yo ka mande pou yo wè rapò lapolis la lè w ap fè demann pou ranplase dokiman an. Rapò lapolis la ede pwoteje w tou si yon moun ta eseye sèvi ak idantite w, paske w ap gen prèv ou te rapòte pèt la.
Men divès fason ou ka depoze yon rapò lapolis nan Nouyòk:
- An pèsòn: Ale nan komisarya polis ki pi pre w la. W ap jwenn li lè w antre adrès ou sou kat nan lyen sa.
- Sou entènèt: Itilize sèvis rapò anliy lapolis Nouyòk la pou w fè yon deklarasyon sou zafè w ki pèdi.
- Pa telefòn: Rele 311 (liy sa pa pou ijans nan vil Nouyòk) si w pa sèten sa pou w fè. Yo ap konekte w ak sèvis ki la pou sa a.
Lè w ap depoze rapò a, eseye bay tout detay. Dekri klèman sa ki te pèdi a, epi bay ki kote ak ki lè ou te gen dokiman an pou dènye fwa. Di si w panse yo volè l oubyen li pèdi.
Toujou fè yon kopi rapò a. Si w depoze li an pèsòn nan yon komisarya, ou ka mande yon kopi enprime. Si w soumèt li sou entènèt, ou ta dwe kapab telechaje oswa anrejistre yon vèsyon dijital. Asire w ou kenbe nimewo rapò a yon kote ki an sekirite, paske w ap bezwen li lè w ap ranpli demann pou ranplase dokiman yo.
Ranplase dokiman ki pèdi a
Apre w fin depoze yon rapò lapolis, pwochen etap la se kòmanse pwosesis pou ranplase dokiman w te pèdi a. Demach la depann de ki dokiman li ye.
Kijan pou w ranplase yon kat rezidans
Ou dwe fè demann pou yon nouvo green card lè w ranpli Fòm I-90 la nan USCIS. Ou ka fè sa sou entènèt. Frè a se 415 dola pou dosye sou entènèt, oswa 465 dola pou dosye sou papye. Gen kèk moun ki kakalifye pou yo pa peye okenn frè.
An jeneral, pwosesis la pran ant 6 ak 12 mwa. Men, dokiman ki konfime yo resevwa demann nan (Fòm I-797C) ap sèvi kòm prèv tanporè estati w. Si w bezwen vwayaje oswa montre prèv estati w pi vit, ou ka pran yon randevou InfoPass nan Biwo USCIS Nouyòk la, ki chita nan 26 Federal Plaza, Manhattan. La, yo ka mete yon I-551 stamp nan paspò w kòm ranplasman tanporè.
Kijan pou ranplase yon paspò ameriken
Li enpòtan pou w rapòte yon paspò ameriken ki pèdi. Pou w fè sa, ranpli Fòm DS-64 la sou entènèt. Depi w fin fè rapò a, paspò a anile ofisyèlman, sa vle di w pa ka sèvi avè l pou w vwayaje menm si w ta jwenn li apre.
Apre w fin fè rapò a, sèl fason pou w ranplase paspò a, se fè yon demann an pèsòn ak Fòm DS-11 lan. Nan fòm nan, ou dwe bay detay sou ki kote ak ki moman ki pi resan paspò w la te pèdi oswa yo te vòlè l. Yo ka mande w bay yon kopi rapò lapolis la si w te fè youn lè paspò a te pèdi oswa yo te vòlè l.
Apre w fin ranpli Fòm DS-11 la, ou dwe soumèt aplikasyon w lan, dokiman sipò yo, ansanm ak pèman an nan yon sant ki otorize pou resevwa demann paspò. Pou ranplase yon paspò ameriken pou yon adilt, frè a se 130 dola, plis 35 dola pou sant ki resevwa aplikasyon an, epi yon lòt 60 dola si w mande sèvis eksprès.
Depatman Deta Etazini estime pwosesis nòmal la pran anviwon 4 a 6 semèn, tandike sèvis eksprès la pran anviwon 2 a 3 semèn.
Si w gen yon vwayaj entènasyonal nan de semèn k ap vini yo, ou ka pran randevou nan Ajans Paspò Nouyòk ki nan 376 Hudson Street nan Manhattan, kote w ka mande pwosesis ki pi rapid toujou.
Kijan pou w ranplase yon paspò etranje
Si w pèdi yon paspò etranje nan Nouyòk, pwosesis pou jwenn yon ranplasman depann de peyi w soti a. Premye etap la se toujou kontakte konsila oswa anbasad peyi w.
Pifò konsila yo chita nan Manhattan. Anpil ladan yo tou pre katye Jeneral Nasyonzini an. W ap jwenn lis konplè konsila etranje nan Nouyòk yo lè w vizite repètwa ofisyèl la. Chak konsila gen pwòp kondisyon pa yo ak tan pwosesis pa yo, kidonk li pi bon pou w rele davans oswa tcheke sit entènèt ofisyèl la pou w jwenn enstriksyon ki pi egzak epi ki pi resan. Frè pou w ranplase paspò a depann de konsila chak peyi.
Kijan pou w ranplase yon kat idantite Eta Nouyòk oswa pèmi kondui
Si w pèdi yon kat idantite eta Nouyòk oswa lisans chofè, ou ka mande yon ranplasman swa sou entènèt, oswa an pèsonn nan biwo DMV Nouyòk la. Si w aplike sou entènèt, apre w fin soumèt aplikasyon w lan epi peye frè 17.50 dola a, w ap kapab telechaje yon vèsyon tanporè kat idantite oswa lisans ou tousuit. Y ap voye kat ranplasman an nan adrès ki nan dosye w lan, an jeneral nan anviwon de semèn.
IDNYC (Kat Idantite Minisipal Vil Nouyòk)
Si kat IDNYC w pèdi, yo vòlè l, li domaje oswa detwi, ou ka aplike pou yon ranplasman. Peye frè 10 dola a sou entènèt atravè sit IDNYC a, oswa an pèsòn nan yon Sant Enskripsyon Depatman Finans, kote w ka ranpli aplikasyon an tou. Kèlkeswa fason w peye a, ou dwe montre prèv idantite ak rezidans. Si w pa kapab peye frè a, ou ka fè demann pou yo anile frè a pou ou poutèt difikilte ekonomik nan Sant Enskripsyon an.
Kat Sekirite Sosyal (SSN)
Si kat Sekirite Sosyal ou pèdi oswa yo vòlè l, ou ka aplike pou yon ranplasman nan Administrasyon Sekirite Sosyal la (SSA). Fason ki pi fasil la, se aplike sou sou sit ofisyèl SSA a si w kalifye, oubyen, ou ka vizite biwo lokal SSA a.
Pou w jwenn yon nouvo kat, ou dwe montre prèv idantite w (tankou yon kat rezidans paspò ameriken, oswa kat idantite eta a). Ranplasman kat yo gratis, men w gen dwa sèlman fè twa ranplasman pa ane ak dis ranplasman pandan tout lavi w. An jeneral, SSA voye nouvo kat la pa lapòs nan de semèn.
Pwoteje tèt ou kont vòl idantite
Lè dokiman idantite enpòtan yo pèdi, li bon pou w pran kèk mezi anplis pou w evite yo mal itilize. Youn nan bagay ki pi fasil ou ka fè se mete yon alèt fwod sou kredi w nan youn nan twa gwo ajans kredi yo — Experian, Equifax, oswa TransUnion. Lè w kontakte youn ladan yo, yo gen obligasyon pou avèti de lòt yo tou. Yon alèt fwod fè li pi difisil pou yon moun louvri yon nouvo kont kredi sou non w, paske enstitisyon finansye yo ap oblije pran plis mezi pou verifye idantite w anvan yo apwouve nenpòt demann.
Si w vle plis pwoteksyon toujou, ou ka mande yon blokaj kredi. Sa konplètman anpeche nenpòt nouvo kont kredi ouvè nan non w jiskaske w retire blokaj la, e w ka retire blokaj la tanporèman si w bezwen aplike pou kredi.
Li enpòtan tou pou w siveye kont bank ou ak kat kredi w regilyèman pou w wè si gen tranzaksyon ki pa nòmal. Anpil bank pèmèt ou mete alèt ki avèti w lè gen depans ki depase yon montan w fikse. Lè w tcheke kont ou souvan, sa ede w dekouvri fwod rapid.
Pou plis pwoteksyon, sitou kont vòl idantite ki gen rapò ak taks, ou ka mande yon IRS Identity Protection PIN (IP PIN). Se yon kòd sis chif sèlman ou menm ak IRS konnen, epi li anpeche nenpòt lòt moun soumèt deklarasyon taks ak non w epi nimewo Sekirite Sosyal ou.
