Logo
Jul 24, 2026 | Aorui Pi

Gwo konsekans lè imigran iregilye yo anrejistre pou yo vote nan eleksyon

Aprann kijan pou w verifye si w enskri pou w vote epi kijan pou w anile l si w pa sitwayen. Enskripsyon otomatik pou w vote ka lage w nan fwod.

Responsab nan Depatman Sekirite Enteryè yo ap egzamine fwod elektoral pou moun ki pa sitwayen atravè peyi a, menm si espesyalis yo di ka sa yo ra.

Ane pase, yon koup nan Alaska te rele USCIS lajistis apre yo te anile seremoni sèman sitwayènte yo akoz yon erè nan estati yo kòm moun ki ka vote.

Divizyon Eleksyon Alaska a admèt erè a te fèt pandan koup la t ap renouvle pèmi kondui yo nan yon biwo Depatman Veyikil a Motè (DMV). DMV te enskri koup la kòm moun ki ka vote pa erè atravè yon pwogram yo rele “Anrejistreman otomatik pou w vote” yon pwogram pou ankouraje plis sitwayen al vote.

Yo konsidere sa kòm fwod. Moun ki pa sitwayen pa ka enskri pou yo vote paske sa vle di yo ta fè yon fo deklarasyon kòm si yo se sitwayen ameriken, oswa yo te bay manti sou nenpòt nan kondisyon kalifikasyon yo. Moun ki pa sitwayen pa gen dwa vote nan eleksyon federal epi pifò eta yo entèdi yo vote nan eleksyon leta ak lokal yo.

Si yo kondane yon moun ki pa sitwayen ameriken paske l bay manti sou sitwayènte l oswa paske l vote nan yon eleksyon federal, penalite yo ka gen ladan yo amann, prizon, ak konsekans imigrasyon tankou depòtasyon, refi pou estati imigrasyon a lavni, esklizyon pou admisyon Etazini, oswa revokasyon estati legal li.

“Enskripsyon otomatik la ka twouble kèk moun ki panse sa vle di yo gen dwa vote. Pou evite pwoblèm, nenpòt moun ki konnen yo pa sitwayen pa dwe vote oswa menm enskri pou yo vote,” se sa pwofesè Jaclyn Kelley-Widmer, nan Klinik Dwa Imigrasyon ak Defans nan Cornell Law School, deklare.

Li ajoute, “Si yon moun deklare li se yon sitwayen lè l ap enskri, sa a se yon fwod tou menm si yo pa janm vote.”

Men pa enkyete w si w pa sonje si w te janm enskri pou w vote atravè ajans gouvènman yo. Gid sa a pral eksplike kijan pou w verifye estati w epi kijan pou w anile l.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Mas 2026.

Kisa enskripsyon otomatik pou w vote a ye?

Pou w ogmante patisipasyon sitwayen yo nan eleksyon, Washington D.C. ak 24 lòt eta, tankou Nouyòk ak New Jersey, te adopte pwogram enskripsyon otomatik la. Pwosesis enskripsyon otomatik pou w vote a vle di ajans gouvènman yo, pi souvan DMV, pataje enfòmasyon pèsonèl nan baz done yo ak responsab eleksyon yo. Si yo pa chwazi opsyon pou yo pa patisipe nan pwosesis la, moun sa yo enskri pou yo vote otomatikman.

Si w chwazi enskri pou w vote pa aksidan, DMV a ap voye aplikasyon w lan bay Komisyon Eleksyon vil ou a. Komisyon an ap verifye chak aplikan anvan li apwouve yo kòm moun ki ka vote, epi moun ki apwouve yo ap resevwa tou yon kat enskripsyon elektoral fizik. Sepandan, pafwa, gen erè ki ka fèt.

Kijan pou w refize opsyon pou w enskri pou w vote nan DMV

Men mesaj w ap wè lè w ap ranpli yon fòm nan DMV (pa egzanp pou w renouvle pèmi kondui w), daprè fòm ofisyèl eta Nouyòk:

“Si w pa sitwayen Etazini, ou dwe tcheke bwat ki anba a. Moun ki pa sitwayen ki enskri oswa ki pre-enskri pou yo vote ka sibi sanksyon kriminèl, epi enskripsyon sa a ka lakoz depòtasyon oswa ekspilsyon, refi pou yo antre Etazini, oswa refi pou yo vin sitwayen.”

“Mwen refize itilize fòm sa a pou enskripsyon oswa pre-enskipsyon pou m vote. Pa voye enfòmasyon mwen bay Komisyon Eleksyon an.”

Si w pa sitwayen, tcheke de bwat yo jan yo montre yo nan egzanp pi ba a.

Kijan pou w verifye si w enskri pou w vote

Pou moun k ap viv nan vil Nouyòk, ou ka verifye estati w  nan lyen sa a. Ou ap bezwen bay enfòmasyon sa yo:

  • Non w
  • Siyati w
  • Dat ou fèt
  • Katye kote w abite 
  • Kòd postal kote w abite

Pou moun k ap viv nan Eta Nouyòk, ou ka verifye estati w nan lyen sa oswa rele Komisyon eleksyon vil Nouyòk nan nimewo 1-866-868-3692.

Si w pa enskri pou w vote, paj la ap ba w mesaj “Record Not Found.” 

Si mwen deja enskri pou m vote, kijan pou mwen anile l?

Daprè lwa elektoral Eta Nouyòk, ou dwe voye yon lèt ki ekri sou papye bay biwo eleksyon lokal ou a pou w mande yo anile enskripsyon pou w vote a. Ou ka jwenn enfòmasyon kontak pou tout biwo lokal yo sou paj biwo eleksyon zòn lan.

Pwosesis anilasyon enskripsyon pou vote a varye daprè chak eta. An jeneral, ou dwe kontakte biwo eleksyon lokal ou pou yo ede w. W ap jwenn biwo eleksyon ki toupre w la nan lyen sa.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt