Lakou Siprèm Etazini pran yon desizyon ki konfime dwa timoun ki fèt Etazini yo pou yo benefisye sitwayènte ameriken depi yo fèt, kèlkeswa peyi paran yo te fèt.
Nan pwosè Barbara v. Trump lan, ACLU ansanm ak lòt òganizasyon k ap defann dwa imigran te kanpe kont yon dekrè prezidan an te siyen nan premye jou dezyèm manda li a.
Dekrè prezidansyèl “Pwoteje sans ak valè sitwayènte ameriken” an t ap chèche retire sitwayènte depi nesans kòm yon dwa konstitisyon an garanti. Li te vle limite dwa sa a sèlman pou timoun ki fèt Etazini epi ki gen omwen youn nan paran yo ki se sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan legal.
Nan dat 30 jen 2026, Lakou Siprèm te pran yon desizyon pou kenbe dwa tout moun ki fèt Etazini genyen pou yo jwenn sitwayènte depi yo fèt.
Kisa sitwayènte depi nesans ye?
Sitwayènte depi nesans se yon kalite sitwayènte yon moun resevwa otomatikman lè li fèt sou tèritwa Etazini.
Katòzyèm amannman konstitisyon Etazini an konsakre prensip legal sa a. Depi 1898, yo entèprete l kòm yon prensip ki fè nenpòt moun ki fèt Etazini vin sitwayen ameriken otomatikman.
E si mwen te akouche pandan ane ki sot pase a oswa mwen ansent kounye a?
Tibebe w la se sitwayen ameriken, oswa l ap vin sitwayen ameriken lè li fèt, kèlkeswa estati imigrasyon paran yo.
Atravè yon dekrè prezidansyèl, Donald Trump te vle anpeche pitit anviwon 11 milyon imigran san papye k ap viv Etazini jwenn sitwayènte depi yo fèt. Dekrè a t ap konsène tou pitit imigran ki prezan legalman nan peyi a, men ki gen yon estati tanporè.
Desizyon final Laou Siprèm nan sou kesyon sa a garanti tout timoun ki fèt sou tèritwa Etazini se sitwayen ameriken.
Si tibebe w la fèt Etazini, dwa li genyen pou l jwenn sitwayènte pwoteje.
Seksyon 1 nan katòzyèm amannman an garanti twa dwa prensipal:
- Tout moun ki fèt oswa ki vin natiralize Etazini se sitwayen Etazini ak Eta kote y ap viv la.
- Eta yo pa gen dwa kreye oswa aplike lwa ki vyole dwa ak avantaj sitwayen yo genyen.
- Tout moun ki sou teritwa Etazini gen dwa pou lalwa trete yo dapre pwosedi ki jis epi ba yo menm pwoteksyon ak tout lòt moun.
Pou plis enfòmasyon, konsilte afich sa a sou konnen dwa w ak paj entènèt sa a.