Kèlkeswa estati imigrasyon yo, tout tout k ap viv nan Eta Nouyòk ki gen plis pase 17 lane ka jwenn yon diplòm Ekivalans Lekòl Segondè (HSE) nan Depatman Edikasyon Eta Nouyòk. Diplòm sa a ka ede yo jwenn pi bon opòtinite travay, devlope yon karyè ak kontinye etid yo nan kolèj oswa inivèsite.
Documented te pale ak Nikeisha Smothers, direktè edikasyon pou granmoun yo nan Brooklyn Public Library, epi li prepare yon lis konsèy ak resous pou imigran ki enterese fini etid yo.
Dènye fwa mizajou fèt nan gid sa a se nan mwa jiyè 2026.
Kiyès ki kalifye pou jwenn ekivalan yon diplòm lekòl segondè?
- Nenpòt moun k ap viv nan Eta Nouyòk epi ki gen pou pi piti 17 lane ka jwenn ekivalan yon diplòm (HSE) lè yo:
- pase egzamen GED a (ki disponib an anglè ak panyòl),
- fini pwogram National External Diploma a (NEDP) sou entènèt,
- oswa konplete 24 kredi nan kolèj.
- Elèv yo dwe bay prèv y ap viv nan Eta Nouyòk.
- Bibliyotèk piblik vil Nouyòk yo ansanm ak Depatman Edikasyon ofri kou preparasyon GED gratis an anglè ak espanyòl.
Kisa ekivalan yon diplòm lekòl segondè (HSE) ye?
Ekivalan yon diplòm lekòl segondè (HSE) bay nenpòt moun ki pa t fini lekòl segondè opòtinite pou fini edikasyon segondè yo. Pwogram sa a ouvri pou elèv ki pa enskri nan lekòl segondè nan moman an.
Kijan pou w jwenn ekivalan yon diplòm lekòl segondè (HSE)?
Daprè Smothers, gen plizyè fason pou w jwenn yon diplòm HSE:
- Pase egzamen General Educational Development (GED): Egzamen GED a gen 4 pati: matematik, syans sosyal, lang ak konpreyansyon tèks, epi syans. Egzamen an disponib an anglè ak espanyòl. Depatman Edikasyon vil Nouyòk, bibliyotèk piblik yo, ansanm ak plizyè òganizasyon ofri kou preparasyon gratis pou ede elèv yo prepare egzamen an. Dapre sit entènèt GED la, pa gen okenn frè pou pase egzamen GED a nan Eta Nouyòk.
- Konplete pwogram National External Diploma (NEDP) a. Pwogram sa a sèlman disponib a distans sou entènèt. An jeneral, moun fini li nan 6 a 12 mwa, men dapre Smothers, gen kèk elèv ki rive fini l nan 3 mwa sèlman. Pwogram nan baze sou pwojè pratik ki pèmèt elèv yo montre konpetans yo nan sitiyasyon lavi reyèl. Pandan tout pwogram nan, elèv yo rankontre ak yon konseye omwen yon fwa chak de semèn. Pou antre nan pwogram NEDP a, moun k ap aplike yo dwe: soumèt yon echantiyon redaksyon; patisipe nan yon entèvyou; epi fè yon evalyasyon ekri. NEDP disponib sèlman an anglè.
- Konplete 24 kredi nan kolèj. Elèv ki vle kontinye ak etid siperyè yo ka enskri dirèkteman nan yon Community College. Lè yo fin konplete 24 kredi. Yo ka resevwa ekivalan yon diplòm lekòl segondè (HSE). Opsyon sa a mande pou w peye frè ekolaj kolèj la. Kèk elèv ka kalifye pou èd finansyè. Biwo ki bay ekivalan diplòm High School la pa kapab rekonèt oswa evalye diplòm ki soti nan lòt peyi. Yo pa aksepte relve nòt oswa kredi ki soti nan lekòl segondè oswa enstitisyon siperyè ki deyò Etazini. Pou kredi yo ka konte pou yon diplòm HSE, yo dwe respekte egzijans ki tabli nan pwogram 24 kredi a. Tout detay yo nan dezyèm paj aplikasyon an. Klike nan lyen sa pou w jwenn plis enfòmasyon.
Èske li posib pou m pran klas yo san m pa pran egzamen yo?
Wi. Li posib tou pou w enskri nan kou edikasyon debaz yo pou amelyore kapasite w nan lekti ak ekriti, san w pa oblije pase yon egzamen. Smothers eksplike: “Sa ki bèl la, kèlkeswa opsyon aplikan an chwazi, li pral resevwa menm diplòm ofisyèl la.”
Yon elèv ki te deja frekante yon lekòl segondè nan Eta Nouyòk epi ki te deja reyisi nan youn oswa plizyè egzamen New York Regents yo pap bezwen pran pati GED ki kouvri menm matyè a. Ansyen manm fòs lame Etazini ki te fè yon sèvis militè ki kalifye ap resevwa yon diplòm HSE otomatikman. Klike nan lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon.
Ki diferans ki genyen ant NEDP ak GED?
Dapre Smothers, NEDP a plis konsantre sou konpetans pratik pou lavi chak jou, tandiske GED a plis konsantre sou konesans akademik. “Pa egzanp: nan matematik GED a, ou ka etidye sijè tankou jewometri, fonksyon, aljèb ak fraksyon. Nan matematik NEDP a, yo mande w fè travay ki sanble ak sa w ap rankontre nan lavi reyèl, tankou analize yon relve kat kredi oswa kalkile enterè sou yon prè ipotèk.”
Li fè konnen, anpil moun ki chwazi NEDP a deja gen yon travay a plen tan epi yo prefere pwogram sa a paske li ofri plis fleksibilite.
Ki kondisyon pou w enskri nan yon pwogram ekivalans diplòm lekòl segondè?
Elèv la dwe bay prèv li se rezidan Eta Nouyòk. Li ka fè sa avèk yon kat IDNYC, yon pèmi kondui, oswa nenpòt lòt pyès idantite ki montre yon adrès nan Nouyòk.
Nan pifò ka, elèv yo dwe gen plis pase 18 lane pou yo enskri nan kou preparasyon pou GED a. Smothers fè konnen, yo ankouraje elèv ki poko gen 17 an yo pou yo retounen enskri nan lekòl segondè.
Èske gen kondisyon espesyal pou imigran yo?
Elèv ki pa t lekòl Etazini yo dwe ranpli Fòm Application F la. Fòm sa a sèvi pou verifye yo rive nan laj maksimòm kote lalwa egzije yon moun ale lekòl, anvan yo ka pran egzamen GED a.
Ki kote mwen ka enskri nan yon pwogram Ekivalans Lekòl Segondè/GED?
Ajans ak òganizasyon sa yo ofri plizyè kalite kou HSE ak kou pou granmoun:
Brooklyn Public Library:
- Yo ofri kou preparasyon pou GED ki dire 11 semèn, ak enskripsyon pou pwogram NEDP a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a, oswa voye yon imèl bay HSE@bklynlibrary.org. Ou ka sèvi ak fòm enskripsyon ki nan lyen sa pou w enskri nan yon sesyon enfòmasyon.
Queens Public Library:
- Li ofri kou preparasyon pre-HSE nan sant aprantisaj pou granmoun yo. Vizite paj sa a pou wè ki kote sant yo ye. Sèvi ak fòm sa a pou w mande enfòmasyon sou kou yo. Pou plis enfòmasyon, voye yon imèl bay HSE@queenslibrary.org oswa rele (718) 990-0754.
New York Public Library:
- Yo ofri materyèl pou etidye ak prepare egzamen GED a, epi yo bay yon lis kote w ka jwenn kou preparasyon yo. Vizite lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon.
Depatman Edikasyon vil Nouyòk (DOE)
- Li ofri kou preparasyon pou GED pandan tout ane a. Yon pòtpawòl DOE fè Documented konnen pa gen yon orè fiks. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a. Moun ki enterese enskri yo dwe ale nan sant aprantisaj pou granmoun yo. Nan jou lasemèn, kou yo dire ant 3 ak 5 èdtan, tandiske nan wikenn yo dire 5 èdtan, dapre pòtpawòl la. Men adrès sant yo:
Sant sa yo fè enskripsyon pandan lajounen, soti 9:00 a.m. rive 1:00 p.m.
Bronx
Adult Learning Center
3450 East Tremont Avenue 3rd Fl
Bronx, NY 10465
Brooklyn
Adult Education @ PS 13
557 Granville Payne Avenue
Brooklyn, NY 11207
Adult Learning Center
475 Nostrand Avenue
Brooklyn NY 11216
Melrose Alternate Learning Center
271 Melrose Street
Brooklyn, NY 11206
Manhattan
Manhattan Hub
269 West 35th Street 7th Fl
New, NY 10001
Mid-Manhattan
Adult Learning Center
212 West 120th Street
New York, NY 10027
Queens
Adult Learning Center
27-35 Jackson Avenue
Long Island City, NY 11101
Queens Transition Center
142-10 Linden Boulevard
Queens, NY 11436
Sant ki nan lis ki anba yo fè enskripsyon nan aprè midi soti 5:00 p.m. rive 8:00 p.m.
Brooklyn
Melrose Alternate Learning Center
271 Melrose Street
Brooklyn, NY 11206
Staten Island
St. George
450 St. Marks Place
Staten Island, NY 10301
Queens
District 79
90-01 Sutphin Blvd. 2nd Fl
Jamaica, NY 11435
Pou plis enfòmasyon, ou ka voye yon imèl bay adultednyc@schools.nyc.gov oswa rele (646) 481-8227.a, NY 11435
City University of New York (CUNY)
- Yo ofri kou preparasyon pou HSE nan plizyè kanpis inivèsite. Vizite sit entènèt sa a oswa gade dokiman sa a pou w jwenn enfòmasyon ak kontak pou chak pwogram.
Ou ka chache tou sou sit entènèt Depatman Edikasyon Eta Nouyòk la pou w jwenn òganizasyon ki ofri kou HSE. Fè rechèch la nan lyen sa.
Ou ka chache pwogram edikasyon pou granmoun tou sou sit entènèt NYC Jobs la.