Logo
Sep 18, 2026 | Denia Pérez

Kijan pou w peye frè chak ane pou demann azil la

Yon gid pou w konprann nouvo frè 102 dola administrasyon Trump lan fikse pou demann azil la.

Nouvo frè administrasyon Trump lan te mete pou moun k ap soumèt oswa kontinye pwosesis demann azil yo kreye konfizyon paske administrasyon an pat mete an plas yon sistèm pou aplikan yo peye, ni tou li pat klarifye ki moun ki dwe peye frè sa a.

Gen kèk aplikan ki jwenn refi pou demann yo paske yo pa t peye frè a, malgre se gouvènman an ki pa t bay bon jan enstriksyon ni yon mwayen klè pou moun peye.

Administrasyon an leve sispansyon tanporè ki te genyen sou frè chak ane, gouvènman an te mete sou aplikasyon azil yo. Kounye a, moun ki gen dosye azil yo ap oblije peye frè 102 dola a.

Mwen vle fè yon demann azil pou premye fwa, èske m dwe peye frè a?

Wi. Sa koute 102 dola pou w soumèt yon nouvo demann azil. Si w pa peye frè a oswa si fòm ki gen enfòmasyon pou pèman w lan pa korèk, USCIS ka rejte epi retounen demann azil ou a

M fè demann mwen an depi omwens yon ane, èske m dwe peye frè a?

Wi, ou dwe peye frè a atravè potay pèman USCIS sa aMen yon gid etap pa etap sou fason pou w fè pèman an.

Ki kalite resi oswa prèv m dwe kenbe si m deja peye frè a oswa si mwen pral peye l?

Men yon egzanp imaj resi USCIS la. Ou ka jwenn prèv pèman an sou sit sa a lè w antre A-number w ak nimewo suivi pèman an. Si w pa konnen nimewo suivi pèman an, ou ka jwenn li nan yon delè 5 jou apre ou fin fè pèman an. Pou w fè sa, retounen sou sit pèman an, antre “A-number” w, epi chwazi opsyon “Annual Asylum Fee” kòm kategori demann lan.

Odyans tribinal mwen an pwòch epi m poko peye frè a, èske m ka toujou peye l?

Si demann ou an ap tann desizyon tribinal la, ou ta dwe peye frè a atravè pòtay pèman sa a epi kenbe yon kopi resi w la. Men yon gid etap pa etap sou kijan pou w fè pèman an pou dosye ki nan tribinal imigrasyon yo.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt