Logo
Oct 29, 2026 | Anastasia Tomkin

Fòmasyon ak salè nan sektè swen sante nan vil Nouyòk

Dekouvri sektè swen sante a k ap grandi nan vil Nouyòk, epi aprann sou pwogram fòmasyon ki genyen pou w vin asistan medikal, ajan sante kominotè, elatriye.

Gen plis pase 800,000 moun k ap travay nan sektè swen sante ak asistans sosyal nan vil Nouyòk, epi toujou gen anpil opòtinite pou moun ki ta renmen fè karyè nan domèn sa a. Jiska 97% lopital nan eta Nouyòk fè konnen yo manke enfimyè, epi 88% di yo bezwen lòt pwofesyonèl swen sante ki pa enfimyè.

Imigran yo gen lontan depi y ap jwe yon wòl enpòtan nan sektè sa a. An 2025, anviwon 57% moun k ap travay nan swen sante nan vil Nouyòk pa fèt Etazini. Travay nan swen sante se yon domèn ki gen anpil demann, ki ka bay plis estabilite nan travay, opòtinite pou avanse nan karyè, ak salè ki konpetitif.

Men kèk pwogram fòmasyon ki pa dire anpil tan pou moun ki enterese kontinye aprann epi prepare yo pou antre nan sektè sa a.

Karyè kòm asistan medikal

Fòmasyon: Pwogram ki pi kout yo ka dire 12 semèn si w suiv yo a tan plen, oswa 24 semèn si w suiv yo a tan pasyèl. Pou w enskri, ou dwe gen yon pyès idantite valab ki gen foto, tankou paspò, pèmi kondui oswa kat idantite leta.
Sa w ap fè: Pran siy vital pasyan yo, prepare yo pou konsiltasyon, ede doktè yo, pran randevou, epi fè kèk travay administratif ak travay klinik debaz.
Salè w ka touche: Anviwon 45,000 dola rive 60,000 dola pa ane nan vil Nouyòk.
Poukisa travay sa a enteresan: Se youn nan fason ki pi rapid pou w antre nan sektè swen sante a epi kòmanse bati eksperyans, jwenn referans pwofesyonèl, ak kreye yon rezo.

Ki kote pou w chèche: Workforce1, pwogram fòmasyon kontinyèl CUNY, kolèj kominotè, ak pwogram fòmasyon kèk anplwayè finanse.

Moun ki gen yon GED oswa diplòm lekòl segondè epi ki touche mwens pase 91,000 dola pa ane ka aplike pou yon Individual Training Grant, sa vle di yon bous pou fòmasyon endividyèl, atravè sit entènèt Workforce1 an oswa lè yo ale dirèkteman nan youn nan sant karyè yo. Si yo apwouve demann lan, sibvansyon an ka peye frè kou a, frè enskripsyon, liv, ak lòt depans ki gen rapò ak fòmasyon an. NYC Training Guide se yon zouti ki pèmèt moun ki enterese yo chache pami plizyè santèn kou ki disponib epi ki aksepte Individual Training Grant la kòm pèman.

Karyè kòm ajan sante kominotè

Fòmasyon: Yo souvan dire ant 3 ak 6 mwa.

Sa w ap fè: Ede pasyan yo konprann epi suiv sistèm swen sante a, konekte yo ak sèvis yo bezwen, bay enfòmasyon sou sante, epi ede yo jwenn swen prevantif.

Salè ou ka touche: Anviwon 45,000 dola rive 65,000 dola pa ane nan vil Nouyòk.

Poukisa travay sa a enteresan: Gen anpil demann pou pwofesyon sa a, sitou pou moun ki pale plizyè lang ak moun ki gen bon relasyon ak kominote imigran yo.

Ki kote pou w chèche: Hostos Community College, òganizasyon devlòpman mendèv, pwogram fòmasyon òganizasyon san bi likratif, ak sistèm swen sante yo.

LaGuardia Community College ofri yon pwogram gratis pou moun ki kalifye. Pou w aplike nan Community Health Worker Certificate Training Program yo a, kontakte LAG.CHWTraining@lagcc.cuny.edu oswa rele (718) 730-7708. Pou w enskri, ou dwe bay prèv estati imigrasyon w oswa yon otorizasyon travay ki valab.

Karyè kòm asistan enfimyè sètifye

Fòmasyon: An jeneral, fòmasyon pou asistan enfimyè eta Nouyòk apwouve yo dire ant 4 ak 12 semèn. Apre fòmasyon an, ou dwe pase egzamen konpetans leta a.

Sa w ap fè: Ede pasyan yo ak aktivite chak jou tankou benyen, abiye, manje, deplase, epi pran siy vital yo. Ou bay tou swen debaz ak sipò emosyonèl nan mezon retrèt, lopital, sant reyabilitasyon, ak nan sèvis swen lakay.

Salè ou ka touche: Anviwon 40,000 dola rive 60,000 dola pa ane nan zòn vil Nouyòk.

Poukisa travay sa a enteresan: Fòmasyon an pa long, epi gen plizyè pwogram ki bay kou ki gratis oswa ki abòdab nan domèn nan. Gen anpil demann pou pwofesyon sa a akoz kantite granmoun aje k ap ogmante. Li se tou yon bon chemen pou w avanse nan lòt metye swen sante, tankou Licensed Practical Nurse (LPN), Registered Nurse (RN), oswa lòt pwofesyon nan domèn sante.

Ki kote pou w chèche: Pwogram fòmasyon Nurse Aide Registry Depatman Sante eta Nouyòk apwouve, pwogram fòmasyon kontinyèl City University of New York (CUNY), òganizasyon devlòpman mendèv, mezon retrèt ki ofri fòmasyon peye, ak gwo sistèm swen sante tankou NYC Health + Hospitals ak Northwell Health.

Pwogram Allied Health Commonpoint ofri fòmasyon gratis ak asistans pou jwenn travay pou moun ki vle vin Asistan Enfimyè Sètifye (CNA) epi ki kapab deplase ale Queens pou suiv fòmasyon an.

Moun ki enterese yo dwe gen ant 18 ak 24 lane, gen diplòm lekòl segondè, men yo pa dwe deja gen yon associate degree oswa yon bachelor’s degree. Yo dwe genyen tou yon kat Sekirite Sosyal (Social Security card), ansanm ak kèk lòt kondisyon.

Fòmasyon an gratis, epi pwochen gwoup la ap kòmanse nan mwa out 2026.

Ou ka jwenn fòm aplikasyon an nan lyen sa a. Pou w aplike nan pwogram ki nan Queens lan, li obligatwa pou w patisipe an pèsòn nan yon sesyon enfòmasyon nan Commonpoint Silver Hub, nan Elmhurst, Queens.

Pwogram Certified Nurses’ Aide Commonpoint lan nan Bronx ouvri pou yon gwoup laj ki pi gran: moun ki gen ant 18 ak 40 lane. Ou dwe gen yon kat Sekirite Sosyal ki valab oswa yon otorizasyon travay.

Klas yo ap kòmanse nan fen sezon ete 2026 la. Moun ki enterese yo ka ranpli fòm sou entènèt la pou yo ka konsidere aplikasyon yo pou pwogram nan, ki gen ladan fòmasyon peye ak estaj.

Karyè nan kodaj ak faktirasyon medikal

Fòmasyon: An jeneral, fòmasyon an dire ant 4 ak 12 mwa.

Sa w ap fè: Konvèti sèvis medikal yo an kòd pou faktirasyon, trete reklamasyon asirans, epi ede sèvis administratif nan sistèm swen sante yo fonksyone byen.

Salè ou ka touche: Anviwon 50,000 dola rive 75,000 dola pa ane.

Poukisa travay sa a enteresan: Ou gen mwens kontak dirèk ak pasyan yo, travay la fèt souvan nan biwo, epi li vin pi enpòtan toujou pandan sistèm swen sante yo ap vin pi konplike.

Ki kote pou w chèche kou sa a: Kolèj kominotè, pwogram fòmasyon kontinyèl, ak òganizasyon sou entènèt ki ofri sètifikasyon. SUNY Downstate Health Sciences University gen yon pwogram sètifika, epi LaGuardia Community College ofri tou yon pwogram sètifika nan kodaj medikal, ak posiblite pou jwenn èd finansye ak bous. Pou w aplike, ou dwe gen yon kat idantite leta ki valab.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt