Moun k ap viv nan vil Nouyòk ak pwopriyetè ti biznis ki pase anpil tan san kouran ka rankontre pwoblèm kote manje ak machandiz yo gate. Sa rive sitou nan kèk zòn nan Queens ki konn gen anpil pàn kouran, tankou Jamaica, Flushing, Richmond Hills, ansanm ak Staten Island.
Èske m kalifye pou m mande Con Edison ranbousman?
Si w te pase plis pase 12 èdtan san kouran nan yon peryòd 24 èdtan, ou ka kalifye pou w jwenn ranbousman pou manje oswa medikaman sou preskripsyon ki gate.
Ou dwe depoze demann lan nan yon delè 30 jou apre pàn kouran an.
Kisa m ap bezwen pou m fè yon reklamasyon?
Nan demann lan, ou dwe bay enfòmasyon tankou: adrès ou, nimewo kont ou, dat pàn kouran an, yon lis ki detaye tout sa w ap mande ranbousman pou yo. Pa mete nimewo sekirite sosyal ou nan fòm nan.
Ki kote m ka jwenn nimewo kont mwen an?
Si w se lokatè
- Tcheke bòdwo sèvis elektrik ou pou w jwenn nimewo kont lan. Pou plis enfòmasyon, li atik sa a: Ki kote mwen ka jwenn nimewo kont Con Edison mwen an?
- Si se pa ou menm ki peye bil kouran an dirèkteman, pa egzanp si se mèt kay la ki jere l oswa si sèvis yo deja antre nan lwaye a, kontakte mèt kay la oswa manadjè bilding nan pou w jwenn enfòmasyon sou kont lan.
Si w ap viv nan lòjman piblik NYCHA
- Nan anpil bilding NYCHA gen yon sèl kontè prensipal, sa vle di, sèvis piblik yo deja ladan l epi rezidan yo pa resevwa bòdwo separe.
- Si w bezwen nimewo kont ki asosye ak bilding nan, kontakte moun k ap jere bilding nan oswa NYCHA.
Si bilding ou an gen yon kontè pataje
- Kontakte pwopriyetè bilding nan, mèt kay la oswa komite kooperativ la pou mande nimewo kont kontè pataje a.
- Ou ka kontakte Con Edison dirèkteman tou pou ede w idantifye kont ki asosye ak kontè pataje a.
Kisa mwen ka mete nan reklamasyon m nan kòm rezidan?
Nan yon demann ranbousman pou kay, ou ka mete:
- Jiska 655 dola pou manje ki gate.
- Pou reklamasyon ki rive jiska 280 dola, ou dwe bay yon lis detaye manje ou pèdi yo.
- Pou reklamasyon ki ant 280 ak 655 dola, ou dwe bay yon lis detaye epi prèv ki montre pèt la reyèlman fèt.
- Ou ka depoze reklamasyon w lan nan lyen sa a.
Medikaman sou preskripsyon pa antre nan limit 655 dola pou manje a. Ou dwe fè demann pou yo apa, epi w dwe bay prèv pèt la. Con Edison bay yon egzanp pou montre kijan yo kalkile kantite lajan an: si w te peye 300 dola pou yon kantite medikaman ki te dwe dire 30 jou, epi te rete 5 jou lè medikaman an gate, reklamasyon w lan ta dwe pou 50 dola.
Ki sa mwen dwe bay kòm prèv pèt la?
- Prèv pèt la ka gen ladan l:
- Resi ki bay detay sou sa w te achte yo
- Cash register tapes
- Resi kat kredi
- Chèk ki anile
- Etikèt pri oswa kòd ba ki klè pou pèmèt yo idantifye machandiz la
- Foto manje ki gate yo ki montre pèt la klèman
Kisa ki yon reklamasyon komèsyal (pou biznis)?
- Jiska 12,900 dola pou machandiz ki ka te gate epi ki te pèdi, depi w bay yon lis detaye ansanm ak prèv pèt la.
- Ou ka depoze demann lan nan lyen sa a.
Kijan m fè yon reklamasyon pou manje oswa medikaman ki gate?
Sou entènèt: fè reklamasyon an dirèkteman nan lyen sa a.
Pa lapòs oswa pa imèl: Telechaje fòm ki nan lang ou nan lyen sa a. Voye li pa imèl nan NewClaims@coned.com, oswa voye li pa lapòs nan: Con Edison Claims Department, PO Box 801, New York, NY 10276.
Pa telefòn: Rele (800) 752-6633, 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Con Edison refize reklamasyon mwen an. Èske mwen ka konteste desizyon an?
Daprè sit entènèt Con Edison, yo pa peye demann ranbousman pou pàn kouran ki fèt akoz move tan tankou tanpèt, move tan, nèj, ak lòt kondisyon nan menm kategori sa a. Yo pa ranbouse pèt ki fèt akoz pwoblèm nan aparèy elekwonik lakay ou nonplis, tankou domaj motè frijidè w.
Si yo refize demann ou an, ou ka refèl oswa rele depatman reklamasyon an nan (212) 460-3221. Si pwoblèm nan pa rezoud, oswa si w pa satisfè ak repons Con Edison bay la, ou ka depoze yon plent nan Depatman Sèvis Piblik Eta Nouyòk nan lyen sa a. Yo aksepte plent pa telefòn, pa lapòs, an pèsòn, oswa sou entènèt.