Gen kat awondisman nan vil Nouyòk — Bronx, Brooklyn, Manhattan ak Queens — ki gen pousantaj povrete ki pi wo pase pousantaj nasyonal la. Pwoblèm ensekirite alimantè kontinye afekte anpil moun ki pa gen estabilite finansyè, pami yo, anpil imigran.
Gen asistans ki disponib pou livre manje dirèkteman lakay granmoun yo, moun ki gen maladi grav, ak manman ki gen timoun piti. Kondisyon pou w kalifye yo varye an fonksyon òganizasyon k ap bay sèvis la.
Men yon lis kèk nan sèvis ki pi popilè nan vil Nouyòk ki livre manje adomisil gratis
God’s Love We Deliver
Oganizasyon God’s Love We Deliver gen yon kuizin modèn nan Manhattan kote yo prepare manje ak engredyan frèch, epi yo livre pla cho bay moun nan vil Nouyòk ki patisipe nan pwogram yo a. Manje yo prepare espesyalman selon bezwen medikal chak moun. Sa ka ede diminye depans swen sante, ogmante satisfaksyon pasyan yo, epi diminye kantite fwa moun oblije entène lopital. Yo gen dyetetisyen diplòme ki travay ak kliyan yo pou prepare yon pwogram alimantè pèsonalize.
Ki moun ki kalifye?
- Moun k ap viv ak yon maladi kwonik oswa yon maladi ki kategorikman chanje lavi yo, tankou kansè, maladi Alzheimer, maladi ren, maladi poumon kwonik (COPD), VIH/SIDA, pwoblèm sante mantal, oswa pwoblèm ki gen rapò ak itilizasyon sibstans ki fè li difisil pou yo prepare manje.
- Ansyen manm lame Etazini.
- Moun ki gen dyabèt pandan gwosès yo epi ki bezwen asistans pou manje.
Ki kote mwen ka aplike?
Moun ki enterese yo dwe ranpli fòm ki disponib sou sit entènèt God’s Love We Deliver a. Pami fòm sa yo, gen youn yon doktè dwe ranpli. Ekip Client Services la ap egzamine fòm yo pou verifye si moun nan kalifye. Si li kalifye, ekip la ap kontakte l pa telefòn oswa pa imel.
Citymeals on Wheels
Citymeals on Wheels bay manje pou granmoun aje nan Nouyòk ki pa kapab kite kay yo fasil. Sèvis la opere menm nan wikenn ak jou ferye. Yo bay bwat manje pou dejene, manje pou ka ijans, sèvis mobil pou pote pwovizyon, ak asistans pou fè makèt.
Ki moun ki kalifye?
Moun k ap resevwa sèvis la dwe: Gen 60 lane pou pi piti; gen yon pwoblèm fizik oswa mantal ki fè yo bezwen yon sèten nivo asistans; pa kapab prepare manje poukont yo, oswa pa gen okenn moun ki kapab fè sa pou yo; kapab kontinye viv lakay yo an sekirite si yo resevwa sèvis sa yo.
Ki kote mwen ka aplike?
Antre adrès moun k ap aplike a sou sit entènèt Citymeals on Wheels la, nan bwat ki ekri “Do You Need Meals?” Sistèm nan ap montre w enfòmasyon pou w kontakte Case Management Agency ki pi pre adrès la. Kontakte ajans sa a pou w pale ak yon reprezantan ki ka gide moun nan etap pa etap nan pwosesis pou w jwenn sèvis livrezon manje a lakay li.
Mom’s Meals
Mom’s Meals livre manje ki prepare espesyalman selon bezwen medikal ak restriksyon alimantè moun yo. Yo pote l dirèkteman lakay yo oswa nan lòt kote yo chwazi, depi yo kalifye pou pwogram nan. Yo ofri plis pase 60 kalite manje, dyetetisyen ki diplome ak chèf kizin pwofesyonèl prepare yo avèk engredyan bon kalite.
Ki moun ki kalifye?
- Moun ki enskri nan Medicaid oswa nan yon plan Medicare Advantage, ki te evalye kòm moun ki pa toujou gen ase manje, epi ki gen omwens yon maladi kwonik, tankou dyabèt oswa pre-dyabèt, ensifizans kadyak konjestif, COPD oswa opresyon, tansyon wo, kansè, maladi ren, maladi drepanositoz, oswa VIH/SIDA.
- Fanm ki ansent oswa ki fèk akouche.
- Moun ki fenk soti lopital oswa yon sant swen enfimyè espesyalize, oswa moun ki gen gwo risk pou yo entène lopital.
- Moun k ap resevwa sèvis atravè pwogram Older Americans Act.
- Moun ki patisipe nan pwogram PACE (Program of All-Inclusive Care for the Elderly).
- Moun ki benefisye yon Medicaid Waiver.
Ki kote mwen ka aplike?
Pou w konnen si w kalifye, ranpli Fòmilè Ankèt sou Bezwen Sosyal ki Gen Rapò ak Sante nan Nouyòk la (Health-Related Social Needs Inquiry Form). Apre w fin soumèt fòm nan, yon reprezantan yon ajans nan Social Care Network la ap rele w pou pale plis sou kondisyon pwogram nan, epi esplike w si w kalifye pou w resevwa manje gratis yo.
Livrezon manje adomisil pou granmoun aje
Moun k ap viv Nouyòk ki gen pou pi piti 60 ane epi ki pa kapab prepare manje poukont yo ka kalifye pou resevwa livrezon manje gratis, jiska senk jou pa semèn. Bezwen pou manje sa a kapab pou yon tan byen detèmine. Pa egzanp, apre yon moun fenk soti lopital. Li ka dire lontan tou, si yon moun pa kapab prepare manje poukont li akoz yon pwoblèm fizik, yon maladi, oswa nenpòt lòt rezon ki limite kapasite li.
Ki moun ki kalifye?
Moun k ap viv Nouyòk ki gen plis pase 60 lane ka aplike pou sèvis livrezon manje adomisil, kèlkeswa revni yo genyen. Si moun nan marye, mari oswa madanm li ka resevwa manje tou, menm si li poko gen 60 lane. Si gen yon moun ki gen andikap, kèlkeswa laj li, k ap viv nan menm kay la, li ka kalifye tou pou resevwa manje gratis yo livre adomisil.
Ki kote mwen ka aplike?
Kontakte biwo NY Connects nan vil Nouyòk ansanm ak Department for the Aging lè w rele 212-AGING-NYC, oswa ranpli fòm sou entènèt la pou w mande enfòmasyon sou sèvis livrezon manje adomisil.