Logo
Oct 08, 2026 | Denia Pérez

Sa w dwe konnen anvan w vwayaje avèk yon “Advance Parole”

Men sa dènye desizyon Board of Immigration Appeals (BIA) pran konsènan moun ki kite Etazini avèk Advance Parole la vle di

Nan dat 13 dawout 2026 la, Board of Immigration Appeals (BIA) te pran yon desizyon ki rele Matter of Milagro DELCARMEN-LARA. Desizyon sa a anile yon lòt desizyon ki te la anvan, epi li ka afekte posiblite anpil imigran genyen pou vwayaje aletranje avèk pèmi sa a.

Si w gen DACA, TPS, oswa si w gen yon aplikasyon rezidans, ou ka elijib pou w vwayaje aletranje si w fè demann pou pèmi yo rele Advance Parole (AP) la.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. 

Kisa Advance Parole ye?

Advance Parole (AP) se yon dokiman legal ki pèmèt imigran ki elijib yo vwayaje aletranje epi retounen Etazini. Sa vle di, se yon pèmisyon ki pèmèt yo retounen nan peyi a apre yo fin kite l.

Ki moun ki elijib pou Advance Parole?

Men kèk egzanp imigran ki elijib pou fè demann pou Advance Parole: moun ki gen aplikasyon rezidans oswa azil, moun ki gen demann pou viza T oswa U ki poko fin trete, ansanm ak moun ki gen DACA oswa TPS. Pou w jwenn dokiman sa a, ou dwe soumèt yon demann epi peye yon frè 630 dola ameriken.

Poukisa yon moun ta fè demann pou Advance Parole?

Gen anpil règleman ki ka afekte kapasite yon moun pou l vwayaje, jwenn kèk benefis imigrasyon, epi regilarize sitiyasyon imigrasyon li. Advance Parole la bay yon moun ki poko gen rezidans yon posiblite pou l vwayaje epi retounen Etazini san li pa sibi konsekans tankou yon entèdiksyon pou l retounen nan peyi a pandan 3 oswa 10 lane.

Kisa ki chanje pou Advance Parole apre nouvo desizyon BIA a?

Moun ki te jwenn apwobasyon pou demann Advance Parole yo te kapab vwayaje aletranje epi retounen Etazini san pwoblèm.

Nan Matter of Milagro DELCARMEN-LARA, BIA retire pwoteksyon kèk moun te genyen pou yo vwayaje san enkyetid entèdiksyon imigrasyon lè y ap retounen Etazini. Anvan desizyon sa a, lè yon moun te vwayaje avèk Advance Parole, la yo pa t konsidere sa kòm yon “depa” nan sans lwa imigrasyon an.

Sa vle di moun ki te antre Etazini san yo pa t pase enspeksyon, oswa moun ki te rete apre viza yo te ekspire, te kapab retounen Etazini san pwoblèm. Kounye a, nenpòt moun ki nan sitiyasyon sa a epi ki vle vwayaje avèk Advance Parole ka jwenn refi pou l retounen Etazini.

Ki moun nouvo règleman sa a afekte?

Nenpòt moun ki rete Etazini san estati legal pandan 180 jou oswa plis, antre nan sa USCIS rele “unlawful presence”; yo konsidere sa kòm yon prezans ilegal. Si yon moun gen 180 jou pou pi piti nan sitiyasyon sa a epi yo ba li Advance Parole, li ta dwe pale ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan DOJ akredite anvan li vwayaje.

Si w te vwayaje ak Advance Parole anvan sa, desizyon sa a pap afekte vwayaj ou te fè deja. Desizyon an ap aplike sèlman pou vwayaj ki fèt aprè li antre an vigè.

Kisa yon entèdiksyon pou “unlawful presence” ye?

Yon entèdiksyon pou “unlawful presence” anpeche yon moun retounen Etazini pandan 3 oswa 10 lane, selon kantite tan moun nan te viv nan peyi a ak estati ilegal. Sanksyon sa a aplike lè yon moun vyole lwa imigrasyon Etazini, epi li ka afekte kapasite l pou l regilarize estati imigrasyon li.

Mwen gen DACA. Èske mwen ka toujou vwayaje avèk Advance Parole?

Moun ki gen DACA kapab fè demann pou Advance Parole sèlman si yo bezwen vwayaje pou kòz imanitè, pou edikasyon oswa travay yo. Si w elijib pou w fè demann pou Advance Parole pou youn nan rezon sa yo, ou ta dwe toujou konsilte yon avoka oswa yon reprezantan DOJ akredite pou w konnen nivo risk ki konsène w si w kite Etazini.

Kisa mwen ta dwe fè anvan mwen planifye yon vwayaj?

Ou ta dwe konsilte yon avoka oswa yon reprezantan DOJ akredite pou w konnen si gen risk anvan w kite Etazini.

Ou ka jwenn founisè sèvis legal nan domèn imigrasyon ki ofri sèvis abòdab nan gid sa a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt