Logo
Sep 21, 2026 | Denia Pérez

Nouvo estanda USCIS sou prèv nan aplikasyon yo

Yon eksplikasyon sou nouvo règleman USCIS ou prèv moun dwe bay lè y ap fè demann pou benefis imigrasyon yo.

Si w gen yon aplikasyon nan USCIS, oswa si w pral depoze youn, ajans lan pibliye yon nouvo avi sou règleman li yo nan dat 5 out 2026 la.

Kounye a, yon ajan USCIS ka refize dosye w si yon dokiman obligatwa manke san li pa bezwen mande w voye dokiman an anvan li pran yon desizyon. 

Kisa nouvo règleman USCIS la ye?

Nouvo règleman an konsantre sou de (2) modèl kominikasyon USCIS ka itilize pandan l ap trete yon aplikasyon: Request for Evidence (RFE ki vle di demann pou prèv) ak Notice of Intent to Deny (NOID ki vle di aplikasyon an riske rejte). Yon RFE se yon dokiman USCIS voye bay yon moun k ap aplike lè ajans lan bezwen plis enfòmasyon oswa plis prèv pou li evalye dosye a. Yon NOID se yon avi USCIS voye lè ajans lan panse li gen anpil chans pou li refize aplikasyon an.

Nan anons li te fè 5 out la, USCIS fè konnen li retabli tout pouvwa desizyon ajan yo pou yo rejte yon demann benefis san yo pa oblije voye yon RFE oswa yon NOID anvan, nan plizyè sitiyasyon.

Sa vle di yon ajan ka refize yon aplikasyon imedyatman si moun nan pa t mete tout dokiman sipò ki obligatwa yo lè li te depoze aplikasyon an.

Pa egzanp, si yon aplikasyon pou rezidans pèmanan mande pou yon moun pwouve li marye ak yon sitwayen ameriken, men dosye a pa gen sètifika maryaj la oswa prèv ki montre mari oswa madanm nan se sitwayen ameriken, ajan k ap egzamine aplikasyon an ka rejte l.

Kisa yon benefis imigrasyon ye?

Yon benefis imigrasyon kapab vle di plizyè bagay, tankou jwenn yon kat rezidans pèmanan, yon otorizasyon travay, oswa menm sitwayènte ameriken. USCIS se ajans ki trete aplikasyon pou benefis imigrasyon tankou sitwayènte, rezidans, azil, DACA, ak anpil lòt ankò.

Lè yon moun ap aplike pou youn nan benefis sa yo, li dwe ranpli yon fòm epi voye dokiman ak lòt prèv ki montre li kalifye pou benefis li mande a. Chak aplikasyon vini ak enstriksyon ki esplike kondisyon pou w kalifye yo ansanm ak prèv ak dokiman moun nan dwe mete nan dosye a lè l ap depoze aplikasyon an.

Kijan chanjman règleman sa a pote nan fason USCIS trete aplikasyon yo?

Langaj nouvo règleman an fè konprann pandan administrasyon Biden lan, ajan USCIS yo te konn bay moun k ap aplike yo yon chans pou yo ajoute lòt prèv nan dosye yo anvan yo pran desizyon pou yo rejte aplikasyon an.

Dokiman an di: “Yo te bay ajan yo enstriksyon pou voye yon RFE oswa yon NOID lè yon moun k ap mande yon benefis pa t soumèt prèv yo te mande depi nan kòmansman, oswa lè dokiman ki nan dosye a pa t ase pou montre moun nan kalifye pou benefis l ap mande a.”

Kounye a, ajan USCIS yo gen dwa refize yon aplikasyon san yo pa bay moun nan chans pou li voye lòt prèv an plis. Sa vle di, depi premye fwa w depoze aplikasyon an, li dwe gen tout prèv ki nesesè pou montre w kalifye. Sinon, ajan k ap egzamine dosye a ka rejte aplikasyon an. 

Ki moun nouvo règleman sa a afekte?

Politik sa a afekte nenpòt moun ki gen yon demann k ap tann desizyon nan USCIS, oswa ki te aplike pou yon benefis imigrasyon nan USCIS apati 5 out 2026.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt