Logo
Oct 19, 2026 | Aorui Pi

Sa w dwe konnen si w ap planifye pran retrèt ou deyò Etazini

Si w ap pran retrèt ou aletranje, men kèk bagay enpòtan sou finans ak retrèt ou dwe byen konprann.

Pou premye fwa depi plis pase 50 lane, li posib pou gen plis moun k ap kite Etazini pase moun k ap imigre ladan l. Nan kad tandans jeneral sa a, Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) rapòte gen plis pase 711,000 sitwayen ameriken (kit yo fèt Etazini oswa yo vin sitwayen) ansanm ak lòt retrete ki kalifye, k ap resevwa lajan sekirite sosyal pandan y ap viv aletranje. Menm si pa gen anpil done resan sou kantite imigran ki planifye pou pran retrèt nan peyi yo, estimasyon ekonomik ak demografik montre anviwon yon tyè tout imigran Etazini fini pa kite peyi a. Anpil ladan yo retounen lakay yo pou pase dènye ane lavi yo, sitou akoz yo vle pi pre fanmi yo, pri lavi a ki vin twò chè, ak mank resous medikal Etazini.

Si w pami moun k ap planifye pou al viv aletranje lè w rive nan yon laj avanse, li enpòtan pou w konprann kijan sa ka afekte kont ekonomi retrèt ou ak benefis ou te deja akimile Etazini. Men sa w dwe pran an konsiderasyon.

Èske mwen ka kontinye resevwa benefis Sekirite Sosyal mwen si mwen al viv aletranje?

Sa depan.

An jeneral sitwayen ameriken yo ka kontinye resevwa benefis sekirite sosyal pandan y ap viv aletranje. Sa vle di yo dwe rete deyò teritwa Etazini pandan omwen 30 jou youn dèyè lòt.

Ou dwe:

  • Kalifye pou w resevwa pèman sekirite sosyal, epi
  • Ap viv nan yon peyi kote Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) ka voye pèman yo. Gen règ espesyal pou kèk peyi tankou Kiba, Kore di Nò, ak kèk peyi nan Azi Santral. 

Enpòtan: ou dwe viv Etazini pandan 183 jou (mwatye yon ane) pou w ka kenbe estati rezidan pèmanan w lan. Pou plis enfòmasyon sou sa yo rele “Substantial Presence” ou ka pran yon tès nan lyen sa a.  

SSA a bay tou yon zouti sou entènèt ki ede w verifye si w ka kontinye resevwa lajan retrèt ou yo pandan w ap viv nan yon lòt peyi.

Èske mwen ka reklame benefis Sekirite Sosyal kòm yon moun ki pa sitwayen ameriken epi ki pran retrèt?

Si w se yon moun ki kalifye kòm non-sitwayen (tankou moun ki gen rezidans, estati refijye, azil, oswa viza ki otorize w travay), epi w rete deyò Etazini plis pase sis (6) mwa san tounen, ou ka pèdi benefis sa yo.

Enpòtan: ou dwe viv Etazini omwen 183 jou (sa vle di mwatye ane a) pou kenbe rezidans pèmanan w.
Klike nan lyen sa pou w ka aprann plis sou tès “Substantial Presence”.

Kisa yon “Totalization Agreement” ye?

Yon “Totalization Agreement” se yon akò entènasyonal ant Etazini ak kèk lòt peyi. Li fèt pou anpeche travayè k ap viv andeyò Etazini peye taks 2 fwa sou menm revni yo nan 2 peyi diferan. Epi li ede travayè yo kalifye pou benefis retrèt yo, paske li pèmèt yo konbine kredi travay yo te akimile nan chak peyi.

Peyi ki gen akò Sekirite Sosyal ak Etazini yo se:

Si w pa sitwayen epi w planifye kite Etazini oswa w deja kite Etazini pou omwen 30 jou youn dèyè lòt, ou dwe ranpli fòm sa a pou w enfòme SSA.

Èske mwen ka resevwa Supplemental Security Income (SSI) aletranje?

Non. Ou dwe viv Etazini pou w reklame SSI.

Sepandan, sitwayen ameriken yo ka resevwa benefis Sekirite Sosyal pou andikap pandan y ap viv aletranje si yo ranpli kèk kondisyon obligatwa. Zouti verifikasyon sou entènèt sa a ka ede w detèmine si w kalifye.

Ou kapab kontakte Biwo SSA pou Salè Entènasyonal ak Operasyon Etranje (OEIO) pou w jwenn asistans ak aplikasyon w oswa pou jere benefis ou yo.

Èske kont retrèt 401(k) mwen an ap toujou aksesib si m ap viv andeyò Etazini?

Wi.

Nan pifò ka yo, kont retrèt ou a (401(k)) rete yon byen w posede menm si w pa rete Etazini ankò. Si w al viv aletranje epi w pap travay pou yon anplwayè ameriken, sa ka mande kèk chanjman nan plan finans ak plan retrèt ou. Ou ka pa kapab kontinye mete lajan nan plan an ankò, epi peyi kote w ap viv la ka fè w peye taks sou nenpòt retrè w fè.

Pou rezon sa yo, li ta bon pou w konsilte yon konseye finansye. Men kèk kesyon ki ka ede w gide konvèsasyon sa a:

  • Ki kote kont retrèt mwen an ye kounye a?
  • Èske mwen ta dwe kite kont mwen an kote l ye a, transfere l, oswa retire lajan an a lavni?
  • Èske mwen ka deplase kont retrèt mwen an nan yon fon pansyon etranje?
  • Èske mwen ta dwe konsidere retire tout lajan an an kach?
  • Kijan yo pral takse kont mwen an?
  • Kijan chanjman nan to echanj lajan yo ap afekte revni retrèt mwen?
  • Èske mwen ta dwe kenbe yon adrès Etazini, yon kont labank, ak istwa kredi mwen apre mwen fin kite peyi a?

Vil Nouyòk ofri yon pakèt sèvis konsèy finansye pou rezidan yo. Klike nan lyen sa a pou w aprann plis, amelyore konesans finans ou, oswa pran yon randevou ak yon pwofesyonèl.

Kijan pou m fèmen yon kont labank Etazini?

Fason ki pi fasil pou w fèmen yon kont labank Etazini se lè w rele sèvis kliyan an, oswa w voye yon demann alekri pa lapòs. Konsa tou ou ka ale dirèkteman nan yon sikisal bank lan pou w pale ak yon reprezantan epi jwenn plis enfòmasyon.

Anvan w fèmen kont lan, asire w:

  • Regle tout bòdwo oswa tranzaksyon ki poko klè pou w evite frè labank
  • Transfere oswa retire tout lajan ki rete nan kont lan
  • Anile tout pèman otomatik ak abònman ki konekte ak kont lan
  • Telechaje atestasyon kont ou yo ak lòt dokiman enpòtan yo pou taks oswa pou kenbe dosye pèsonèl ou

Fèmen yon kont labank an jeneral pa afekte kredi w. Sepandan, nan kèk ka, yon kont ou genyen depi lontan ka ede amelyore kredi w. Men kèk egzanp sitiyasyon ki ka gen enpak sou kredi w.

Nòt: Chanje bank nòmalman gratis, men nan kèk ka ou ka jwenn depans kache tankou: penalite paske w fèmen kont lan twò bonè (si w fèmen kont lan nan 90–180 jou), frè pou transfè lajan, oswa frè tranzaksyon entènasyonal nan youn oswa tou 2 peyi yo. Li plis sou lòt frè ak lòt detay enpòtan yo nan lyen sa a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt