Nan yon gwo vil ki gen anpil moun tankou Nouyòk, inondasyon se yon gwo pwoblèm ki bay moun ak kominote yo anpil tèt chaje. Pwoblèm sa a gen ladan l jesyon dlo, politik vil la, lwa sou lojman, asirans, fason bilding yo fèt, espas ki bwaze ak anpil lòt eleman.
Nan dat 24 jiyè 2026 la, majistra Zohran Mamdani anonse yon envestisman 43 milyon dola pou elaji Bureau of Coastal Resilience nan tout vil Nouyòk. Biwo sa a sipèvize gwo pwojè ki fèt pou pwoteje vil la kont inondasyon, tankou sistèm East Side Coastal Resiliency nan Lower East Side. Menmsi se yon envestisman ki enpòtan anpil, gwo travay enfrastrikti ka pran plizyè ane pou yo fini epi yo pa ka reponn ak tout bezwen ijan moun k ap viv nan zòn nan genyen.
Documented te pale ak Nick Nyhan nan The City Sponge. Nick te viv plizyè inondasyon epi li te ede kèk vwazen retabli yo aprè inondasyon kay yo. Li pataje konsèy pratik pou moun ki gen kay ak apatman ki sibi domaj akoz inondasyon.
Nyhan fè konnen, inondasyon se yon pwoblèm ki repete souvan. Si kay ou te inonde yon fwa, gen chans pou sa rive ankò, epi moun ki rete tou pre w yo ka fè fas ak menm risk la. Daprè Nyhan, anpil katye nan vil Nouyòk, tankou Southeast Queens, Greenpoint, Elmhurst ak Kensington, patikilyèman vilnerab akoz tè a ki ba, sistèm drenaj la ki twò ansyen oswa ki manke efikas, ansanm ak gwo lapli ki ka depase kapasite sistèm lokal yo kapab jere.
Si w se yon lokatè epi kay ou te inonde, men yon lis bagay ou ka fè ak kote ou ka jwenn èd pandan 24 premye èdtan yo.
Èske pa gen okenn danje pou m retounen nan apatman m apre yon inondasyon?
Adminitrasyon Ijans nan vil Nouyòk rekòmande pou moun pa retounen nan yon bilding ki te inonde toutotan otorite oswa pwofesyonèl ki kalifye pa konfime bilding lan an sekirite. Men sa w dwe obsève pou w asire w ka retounen nan kay la:
- Gade si gen siy ki montre bilding lan andomaje, si gen fuit gaz, fil elektrik ki pandje oswa fil moun ka pran kouran ki pandje.
- Si w pran sant gaz, soti imedyatman epi rele 911 lè w yon kote ki an sekirite.
- Pa antre nan ma dlo ki toupre ekipman elektrik, epi pa eseye remete kouran poukont ou.
- Fòk kouran an koupe jouk yon elektrisyen ki gen lisans pou sa konfime sistèm elektrik la an sekirite.
- Fòk nou kite lè antre nan kote ki te inonde yo. Fèmen tiyo gaz ki deyò yo sèlman si w kapab fè sa san danje.
Kijan pou m dokimante domaj inondasyon an?
Anvan w kòmanse netwaye oswa jete nenpòt bagay:
- Pran foto ak videyo tout kote nan kay la ki te inonde yo.
- Pran foto kote dlo a te rive pi wo nan kay la.
- Pran foto tout domaj ki fèt nan mi yo, planche yo, aparèy elektwonik yo, mèb yo ak bagay pèsonèl ou yo.
- Pran foto dlo twou rego, mwazi, drenaj ki bouche oswa nenpòt lòt kondisyon ki fè li danjere pou moun rete nan kay la.
- Fè yon lis tout bagay ki domaje yo. Ekri anviwon konbyen chak bagay te koute, nimewo seri aparèy elektwonik yo ak dat ou te achte yo.
- Kenbe resi otèl, transpò, manje, pwodui netwayaj, reparasyon ak bagay ou achte pou ranplase sa ki domaje yo.
- Kenbe bagay ki domaje yo si li posib pou fè sa san danje. Si gen bagay ki kontamine ou oblije jete, pran foto yo anvan ou jete yo.
- Kenbe kopi tout mesaj ou te voye oswa resevwa ak pwopriyetè kay la, konpayi asirans ak ajans gouvènman yo.
Prèv sa yo ka ede w fè yon reklamasyon nan konpayi asirans lan, depoze plent kont mèt kay la, oswa fè yon demann pou w jwenn èd si ta gen lòt katastwòf.
Kijan mwen ka rapòte domaj yo?
Li pi bon pou w rapòte domaj inondasyon yo nan plizyè kote, paske chak rapò gen objektif pa li:
- Rele 311 pou w rapòte pwoblèm tankou twou rego ki bouche, rezèvwa k ap debòde, mwazi, danje kouran elektrik, mi ki domaje, oswa pou w fè yon plent kont yon pwopriyetè kay ki pa reponn apèl ou.
- Anrejistre nimewo demann sèvis 311 lan epi rele ankò si yo pa regle pwoblèm nan.
- Rapòte blakawout, fuit gaz oswa lòt danje ijan bay konpayi sèvis piblik ki konsène a oswa sèvis ijans lan.
- Fè yon rapò sou sit entènèt vil Nouyòk la pou w fè konnen domaj yo. Lokatè yo ka bay enfòmasyon sou wotè dlo a te rive, tou rego, domaj ki fèt nan kay la ak enfòmasyon sou asirans.
- Pou w jwenn fòm pou w ranpli a ou dwe ale sou NYC.ID, ki se sistèm sekirize vil la itilize pou moun konekte lè y ap fè demann sou entènèt.
- Moun ki pa gen imèl oswa kont sou rezo sosyal, oswa ki pa vle sèvi ak youn, ka rapòte domaj nan telefòn Housing Recovery Office nan (212) 615-8329.
Anvan w ranpli fòm nan, prepare enfòmasyon sa yo:
- Adrès kay la
- Enfòmasyon sou asirans batiman an
- Enfòmasyon pou yo kontakte pwopriyetè oswa lokatè kay la
- Mezire nan ki wotè dlo oswa dlo tou rego ki te antre anndan kay la rive
- Foto ki montre domaj yo
Rapò domaj ou fè bay vil la pa ranplase yon plent ou fè nan 311 oswa yon reklamasyon bay konpayi asirans nan. Lè w soumèt rapò a, sa pa otomatikman garanti w ap resevwa èd finansye. Men, rapò a ede vil la wè kantite domaj katastwòf la lakoz epi idantifye lajan federal ki ka disponib. Nyhan di: “Gen anpil moun ki pèdi konfyans nan enpòtans rapò 311 sou domaj kay yo viktim, men mwen toujou eseye fè yo sonje se lè yon bon valè moun rapòte pwoblèm yo y ap ba yo plis enpòtans.”
Ki responsablite pwopriyetè kay mwen an aprè yon inondasyon?
Dapre lalwa, pwopriyetè kay la dwe fè w konnen anvan si kay oswa apatman w ap lwe a te gen domaj akoz inondasyon. Mande pwopriyetè a konfime alekri ki lè y ap vin enspekte apatman an epi ki lè y ap fè reparasyon yo. Pwopriyetè yo responsab pou kenbe kay yo nan kondisyon ki an sekirite epi pou regle domaj inondasyon ki gen nan batiman an. Si pwopriyetè a pa reponn, lokatè yo ka pote plent nan nimewo 311.
Lè w ap kontakte pwopriyetè kay la, bay enfòmasyon sa yo klè:
- Ki lè inondasyon an te kòmanse
- Ki kantite dlo ki te antre nan apatman an
- Si dlo a gen dlo tou rego ki ladan l
- Ki chanm ak ki sistèm nan kay la osnon batiman an ki te afekte
- Si kouran, chofaj, dlo cho oswa tiyo dlo yo pa an sekirite
- Ki reparasyon ak ki netwayaj enpòtan ki nesesè pou fèt
- Si pa gen danje pou moun rete nan apatman an
Èske asirans pwopriyetè kay mwen an ap peye pou domaj yo?
Li enpòtan pou w konnen pwopriyetè kay la ka gen asirans kont inondasyon pou kay la, men asirans li an pap dedomaje w pou bagay pèsonèl ou yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou asirans kont inondasyon nan lyen sa a.