Si w ap fè fas ak pwoblèm chofaj oubyen dlo cho nan vil Nouyòk, li enpòtan pou w konnen dwa w ak etap pou w rezoud pwoblèm sa yo san tèt chaje. Lalwa egzije pou pwopriyetè kay nan vil Nouyòk bay lokatè yo chofaj ak dlo cho. Men kijan ou ka pote plent.
Konprann lwa sou chofaj ak dlo cho nan vil Nouyòk
Pandan sezon chofaj la ki kòmanse premye Oktòb pou rive 31 Me, men egzijans ki genyen pou chofaj:
- Lajounen ant 6 zè nan maten ak 10 zè nan aswè, tanperati anndan kay la dwe omwen 68 degre fahrenheit lè tanperati deyò a desann pi ba 55 degre fahrenheit.
- Lannuit ant 10:00 p.m. ak 6:00 a.m., tanperati anndan kay la dwe omwen 62 degre fahrenheit nenpòt jan tanperati deyò a ye .
- Dlo cho dwe disponib pandan tout ane a 24 sou 24, 7 jou sou 7 ak yon tanperati ki omwen 120 degre fahrenheit.
Avèti mèt kay la sou pwoblèm chofaj oubyen dlo cho
Anvan w pote yon plent bay meri a, kontakte mèt kay la oswa manadjè batiman an pou fè l konnen pwoblèm nan. Kenbe achiv diskisyon w yo, tankou mesaj tèks, apèl oswa lis apèl ou pase. Ba yo yon kantite tan ki rezonab pou rezoud pwoblèm nan.
Rasanble prèv
Si pwoblèm nan kontinye, monte yon dosye sou sitiyasyon an. Sèvi ak yon tèmomèt pou mezire tanperati andedan kay la. Pran foto oswa videyo ki montre dat ak lè w pran tanperati a. Kontinye anrejistre tout tantativ ou eseye pou rezoud pwoblèm nan ak mèt kay la.
Depoze yon plent nan NYC 311
Si mèt kay la pa rezoud pwoblèm nan, ou kapab depoze yon plent nan NYC 311. Se yon sèvis non-ijans vil la genyen pou rapòte vyolasyon lojman, tankou pwoblèm chofaj ak dlo cho.
Kijan pou w depoze yon plent:
- Rele 311: Rele nimweo “311” sou telefòn ou epi esplike pwoblèm nan.
- Sou entènèt: Vizite sit entènèt NYC 311 la epi ranpli fòmilè ki rele heat or hot water complaint form.
- Aplikasyon mobil: Telechaje aplikasyon NYC 311 lan epi depoze yon plent dirèkteman ak telefòn entelijan ou.
Lè w ap depoze yon plent, prepare w pou bay detay sa yo:
- Non w ak enfòmasyon pou kontake w
- Adrès batiman w abite a
- Deskripsyon pwoblèm nan ak dat ak lè pwoblèm nan te rive
- Nenpòt demach ou te deja fè pou rezoud pwoblèm nan ak mèt kay la
Suiv pwogrè plent ou depoze pou mank dlo cho ak chofaj la
Depi w fin depoze plent ou, Depatman Prezèvasyon ak Devlopman Lojman (HPD) nan vil Nouyòk ap mennen yon ankèt. HPD ap fè manadjè batiman w lan konnen gen yon plent kont li epi avèti li yo ka ba l yon kontravansyon si pwoblèm nan pa rezoud byen vit. HPD ka kontakte w tou pou verifye si pwoblèm nan rezoud.
Si w konfime pwoblèm nan rezoud, HPD ap fèmen dosye a. Nan kèk ka, yon enspektè ka pase vizite batiman an pou fè verifikasyon. Si yo remake enfraksyon, HPD ka bay amann oswa pran lòt desizyon kont mèt kat la.
Apre w fin depoze plent lan, w ap resevwa yon nimewo Demann Sèvis. Ou ka itilize nimewo sa a pou swiv kijan dosye a ap mache lè w rele 311 oswa lè w vizite sit NYC 311 sou entènèt.
Si pwoblèm nan pa janm rezoud oubyen si yo pa fè anyen, ou ka ale pi lwen ak dosye a nan chache asistans legal oswa lè w depoze yon plent nan Housing Court ki se tribinal ki jere kesyon lojman.
Fè pi gwo demach si sa nesesè
Si pwoblèm nan pa rezoud aprè entèvansyon HPD, kontakte liy Dirèk Pwoteksyon lokatè vil Nouyòk la nan nimewo 311 pou konsèy. Liy Asistans pou Lokatè sa se yon zouti gratis ki disponib pou tout moun k ap viv Nouyòk, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Espesyalis nan zafè lojman yo bay asistans selon bezwen w nan plizyè lang.
Pou w jwenn sèvis sa a, rele 311 epi mande pou sèvis asistans pou lokatè a, oswa depoze yon demann atravè sit entènèt Inite Angajman Piblik Majistra a (PEU). Yon asistan PEU ki la pou ede lokatè yo ap kontakte w. Inite Sipò PEU a ede moun ki ap viv Nouyòk ki ap fè fas ak pwopriyetè ki ap menase yo, moun ki riske pou ye mete yo deyò, oswa ki bezwen reparasyon lakay yo.
Depoze yon plent nan tribinal ki regle zafè lojman pou fè respekte dwa w
Si mèt kay ou an pa bay sèvis esansyèl yo, ou ka depoze yon plent nan Housing Court pou fè yo pran responsabilite yo. Ou ka benefisye rediksyon pri lwaye oswa lòt dedomajman.
Pou pwoblèm tankou pa gen ase chofaj, dlo cho oswa lòt sèvis esansyèl, pou sitiyasyon ijans oswa reparasyon ki nesesè, ou ka demare yon aksyon jidisyè yo rele pwosedi HP (Housing Part). Demach sa a ap fòse mèt kay la rezoud pwoblèm yo, fè reparasyon ki nesesè epi regle bagay nan kay la ki pa an règ.
Chache èd nan kominote lokal ou a.
Konsèy kominotè yo se òganizasyon reprezantan lokal ki la pou ede katye yo nan tout vil la. Gen 59 konsèy kominotè, chak gen ladan yo jiska 50 manm volontè. Prezidan awondisman yo chwazi manm konsèy yo pami gwoup manm kominotè ki aktif e angaje. W ap jwenn konsèy kominotè zòn ou an nan lyen sa a.
Konsèy kominotè yo ka resevwa plent nan men lokatè yo epi defann enterè katye yo. Malgre yo pa gen pouvwa pou bay yon ajans minisipal oswa yon ofisyèl lòd pou pran kèk desizyon byen detèmine, yo souvan kapab jere epi rezoud pwoblèm yo pote devan yo avèk anpil konpetans.
Kontakte yon gwoup defans lokatè oswa òganizasyon asistans legal ki ka bay asistans gratis oswa a pri abòdab, tankou:
Met Council on Housing: The Metropolitan Council on Housing bay yon seri sèvis asistans pou lokatè, tankou yon liy dirèk pou dwa lokatè yo ak yon biwo kote w ka ale san randevou. Sèvis sa yo gratis e disponib pou tout lokatè nan vil Nouyòk, e yo sèvi milye moun chak ane.
Legal Aid Society: Legal Aid Society ofri moun k ap viv Nouyòk ki pa gen gwo revni reprezantasyon legal gratis pou sou divès sijè, tankou lojman, imigrasyon, ak pwosè kriminèl. Objektif travay yo se pwoteje dwa kominote ki dezavantaje yo.
Asian American Bar Association of New York (AABANY): AABANY’s Pro Bono & Community Service Committee (PBCS) òganize klinik legal gratis ki ouvè pou tout manm kominote a. Klinik sa yo fèt nan Manhattan, Queens, ak Brooklyn. Tcheke kalandriye sèvis pro bono yo pou dat ak kote pwochen klinik yo.
Asian Americans for Equality (AAFE): AAFE angaje l pou pwomote jistis rasyal, sosyal ak ekonomik pou Ameriken Azyatik ak lòt gwoup defavorize. Yo kwè lojman se yon dwa tout moun genyen e yo ofri sèvis konsèy nan plizyè lang tankou anglè, chinwa ak panyòl pou ede manm kominote a jwenn lojman ki an sekirite e abòdab.
Lòt konsèy
- Dokimante tout bagay: Kenbe achiv detaye sou pwoblèm nan, kominikasyon yo, ak nenpòt depans ou fè tankou chofaj pòtab oswa sejou nan otèl.
- Kolabore ak lòt lokatè yo: Si gen lòt moun nan batiman w lan ki gen menm pwoblèm yo, nou ka depoze yon plent an gwoup oswa travay ansanm pou poze aksyon.
Lè w suiv etap sa yo, ou ka abòde epi rezoud pwoblèm chofaj ak dlo cho yo yon fason efikas pandan w ap pwoteje dwa w kòm lokatè nan vil Nouyòk.