Se yon obligasyon pou w rapòte nouvo adrès ou bay otorite yo. Sa esansyèl pou w resevwa lèt ak ansons ki gen rapò ak pwosedi imigrasyon w lan.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Pou asistans legal, tanpri gade lis avoka pro-bono nou yo nan New York.
Chanje adrès ou nan ICE, USCIS ak tribinal imigrasyon
Li enpòtan anpil pou w rapòte chanjman adrès ou nan 5 jou apre w fin demenaje — oswa pi vit ke posib. Pa gen yon sèl fòmilè pou w chanje adrès ou otomatikman ak tout ajans w ap kominike yo. Fòk ou soumèt yon fòmilè chanjman adrès pou chak ajans yon fason pou asire w gouvènman an gen bon adrès ou. “Pa gen moun ki vle rate lèt enpòtan ki soti nan tribinal imigrasyon oswa lòt ajans imigrasyon konsènan dosye w lan,” daprè sa Eric Pavri di, ki se avoka resous kominotè nan òganizasyon Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP).
Moun ki gen dosye imigrasyon ka bezwen chanje adrès yo nan USCIS tou. Pou w chanje adrès ou kreye yon nouvo kont sou sit USCIS la. Ou kapab rele nimewo 800-375-5283 pou w pale ak yon reprezantan, oswa fè l sou entènèt.
W ap bezwen gen nimewo dosye w la pou w konekte l ak kont ou an.
Pou w chanje adrès ou nan yon tribinal imigrasyon w ap bezwen ranpli fòmilè EOIR-33 a. Demach la ka fèt pa lapòs oswa sou entènèt.
Pa lapòs
Pou w voye yon demann pa lapòs, chache eta kote odyans ou an ap fèt la, epi telechaje bon fòmilè EOIR-33 a. Sonje byen, pa chwazi fòmilè ki fèt pou kote w pral rete a.
Depi w fin telechaje fòmilè a, men sa w dwe sonje:
- “A number” a se nimewo ki parèt nan pifò lèt ajans imigrasyon yo. Li parèt tou nan tèt dokiman Notice to Appear (NTA) ou an.
- Ranpli yon fòmilè apa pou chak manm fanmi nan dosye w la, siyen pou timoun ki poko gen 14 ane epi kite moun ki gen pou pi piti 14 ane siyen.
- Kote ki di “proof of service” la, mete adrès avoka gouvènman an w ap jwenn nan lyen sa a.
- Fè twa kopi. Depoze orijinal la nan tribinal ou an, sèvi ak dezyèm paj la kòm anvlòp, epi kenbe yon kopi pou achiv ou. Poste dezyèm kopi a bay avoka gouvènman an (sa ki asosye ak tribinal imigrasyon an).
Depoze yon chanjman adrès sou entènèt
Pavri di, youn nan avantaj ou genyen lè w chanje adrès la sou entènèt la, li fèt imedyatman. Sit entènèt pou chanjman adrès la ap mande menm enfòmasyon fòmilè EOIR-33 a egzije yo, ansanm ak adrès avoka gouvènman Etazini ki koresponn ak tribinal kote odyans ou an ye kounya.
E si m soti nan yon lòt eta oubyen m bezwen yon tribinal ki pi pre nouvo adrès mwen an?
Moun ki vle ale nan odyans imigrasyon yo nan yon nouvo tribinal dwe mande yon chanjman jiridiksyon. Sa a diferan de chanjman adrès nou sot diskite pi wo a. Pavri di ou sèlman bezwen mande yon chanjman jiridiksyon si ” tout kondisyon sa yo valab pou ou”:
- Ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon,
- Ou demenaje lwen vil ou gen odyans ou an, epi
- Ou vle chanje kote odyans ou yo ap fèt la pou yon tribinal imigrasyon ki pi pre kote w ap viv kounye a.
Pou plis enfòmasyon sou kòman pou w mande yon chanjman jiridiksyon nan tribinal imigrasyon klike lyen sa a.
Ou dwe prezan nan tout odyans ki te pwograme yo jiskaske gen yon desizyon ki fèt sou demann chanjman jiridiskyon an.
E si m bliye chanje adrès mwen?
Bliye chanje adrès ou ka gen gwo konsekans. Ou ka rate odyans enpòtan ak enfòmasyon sou dosye w la. Menm si senk jou gentan pase, li rekòmande pou w chanje adrès ou pi vit posib.
Kòman m ka verifye si chanjman adrès mwen an aktif?
Pou w konfime chanjman adrès la aktif nan tribinal imigrasyon an, kontakte anplwaye yo an pèsòn oswa pa telefòn. Pou USCIS, rele 1-800-375-5283 epi di “InfoPass” pou w pale ak yon reprezantan byen rapid. Chanjman adrès nan ICE oswa ISAP aplike imedyatman. Pou w konfime, rele biwo ICE ki responsab dosye w la.
Èske chanje adrès mwen ap afekte dosye azil mwen an?
Moun k ap chèche azil ka mande premye pèmi travay yo sou 150 jou apre yo fin depoze aplikasyon azil yo ak fòm I-589, sa yo rele l “asylum clock” oswa “work permit clock.” Fè yon demann chanjman adrès nan ajans imigrasyon yo pa kanpe delè sa.
Ou kanpe delè pèmi travay la, si w deja depoze demann azil epi w gen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi w mande pou chanje jiridiksyon, daprè sa Pavri di. “Pou pi senp, lè w mande pou chanje tribinal kote w gen odyans imigrasyon w lan pou yon tribinal nan yon lòt vil.” Aprann plis sou “work permit clock” la ak evènman ki ka kanpe li nan lyen sa a.