Logo
Sep 14, 2026 | Ralph Thomassaint Joseph

Tradiksyon dokiman sètifye: Preparasyon pou USCIS oswa tribinal imigrasyon

Konprann poukisa USCIS mande tradiksyon ki sètifye pou dokiman imigrasyon yo, erè pou w pa fè ak kote w ap jwenn sèvis tradiksyon nan Nouyòk.

Lè w ap aplike pou viza, kat rezidans, azil oswa nenpòt lòt benefis imigrasyon, tout dokiman ki pat deja ekri an anglè dwe mache ak yon tradiksyon sètifye. Dokiman sa yo ka sètifika maryaj, relve labank, deklarasyon finansye, dokiman adopsyon oswa gad legal.

USCIS ak tribinal imigrasyon yo egzije tradiksyon sètifye ki korèk epi konplè pou trete dosye w la. Erè oswa mank sètifikasyon ka fè aplikasyon w lan pran plis tan pou yo trete l, oswa menm fè w jwenn refi.

Menm si li ka pi fasil pou w tradui dokiman yo poukont ou, dokiman ofisyèl yo dwe mache ak yon atestasyon yon moun ki gen bon konesans nan tou 2 lang yo siyen. Deklarasyon sa a konfime tradiksyon an konplè epi korèk.

“Dwe gen yon sètifika tradiksyon ki akonpanye tradiksyon yo. Imigran an pa dwe fè atestasyon an pou tèt li, li dwe jwenn yon lòt moun pou fè l. Hasan Shafiqullah, ki se Avoka Sipèvizè Imigrasyon nan Legal Aid Society di. Li fè konnen: “Yo dwe ajoute ladan l tou yon kopi orijinal la.”

Gade yon egzanp sètifika tradiksyon la a.

Egzanp sètifika tradiksyon (Biwo Egzekitif Kontwòl Imigrasyon)

Shafiqullah di, tout dokiman ki depoze nan USCIS, lòt ajans imigrasyon oswa tribinal imigrasyon dwe mache ak yon tradiksyon anglè sètifye depi li pa t deja ekri an anglè. Sepandan, si dokiman an ekri nan 2 lang— tankou anpil paspò ki gen lang peyi w la epi anglè — tradiksyon pa nesesè.

Poukisa tradiksyon sètifye yo enpòtan 

Tradiksyon sètifye yo pa sèlman yon fòmalite. Yo garanti konpreyansyon ajan imigrasyon ak jij yo sou dokiman w depoze yo, soti nan batistè rive nan dosye medikal yo. Dokiman ki mal tradui kreye pwoblèm konfyans epi ralanti aplikasyon w lan.

Erè pou w evite ak prekosyon pou w pran avan w depoze

  • Depoze yon tradiksyon san yon atestasyon ki siyen
  •  Pa mete so, oswa siyati ofisyèl
  • Tradiksyon ki pa konplè 
  • Itilize tradiksyon Google oswa lòt aplikasyon otomatize yo

Anvan w depoze tradiksyon an, mande tradiktè a reverifye si l korèk epi konplè. Asire w atestasyon tradiktè a siyen, gen dat, epi byen òganize kopi tradiksyon ak orijinal yo nan achiv ou.

Angaje yon tradiktè pwofesyonèl

Pandan nou bay lis kèk òganizasyon ki bay sèvis tradiksyon gratis anba a, aplikan yo ka deside peye yon trandiktè sètifye.:

Nou konseye w suiv etap sa yo pou asire w tradiktè w la fyab: 

  • Asire w tradiktè a sètifye,  tankou nan the American Translators Association (ATA), oswa gen sètifikasyon ki rekoni. ATA gen yon achiv tradiktè sètifye, ki pèmèt ou fè rechèch pa kategori lang epi zòn. Pa gen yon akreditasyon pou “tradiktè ofisyèl USCIS” menm si gen kèk pwofesyonèl ki fè piblisite yo konsa.
  • Mande si yo tradui dokiman imigrasyon deja. Tradiktè ki gen eksperyans yo konnen kijan pou yo fè sètifikasyon an.
  • Tradiktè a dwe founi yon deklarasyon ki konfime tradiksyon an konplè epi kòrèk. Li dwe ajoute non l, siyati l, kontakt li, dat, ak yon deskripsyon dokiman li tradui a.

Si w chwazi peye yon tradiktè, konpare plizyè pri. Pri yo varye anpil, soti nan tradiktè pwofesyonèl ki chaje 0.02 santim pa mo jiska plizyè santèn dola pa paj daprè sa Shafiqullah di.

Eske yon moun nan fanmi m ka tradui dokiman mwen yo?

Wi. USCIS aksepte nenpòt moun ki byen pale 2 lang yo fè tradiksyon sètifye, manm fanmi yo ladan l tou. Tradiktè a ap sèlman bezwen ajoute atestasyon yo egzije a ansanm ak non l, siyati l, ak enfòmasyon pou kontake l.

Dapre sa Shafiqullah di, “Manm fanmi sa a dwe gen estati imigrasyon  legal.” Malgre yo pa egzije sa, men li pa t ap pridan pou yo atire atansyon USCIS  oswa tribinal imigrasyon sou yo si yo pa gen estati legal.”

Òganizasyon ki fè tradiksyon dokiman gratis

Refugee Translation Project (RTP)

RTP ofri sèvis tradiksyon dokiman ak entèpretasyon gratis pou imigran ak moun k ap chache azil, epi ki pa gen èd lòt òganizasyon. Sèvis sa yo ede fanmi ak moun  yo nan pwosesis imigrasyon, benefis sosyal ak sèvis esansyèl yo.

RTP tradui deklarasyon pèsonèl, dosye medikal, papye idantite, dokiman tribinal ak lapolis, lèt, dosye finansye, atik jounal, ak lòt prèv nesesè pou azil oswa relokalizasyon. Yo bay sèvis entèpretasyon an pèsòn epi a distans pa telefòn oswa videyo, Etazini kou aletranje.

Imèl: info@refugeetranslation.org
Fòmilè demann: refugeetranslation.org/request-help.

Haitian Americans United for Progress, Inc. (HAUP)

HAUP bay sèvis tradiksyon sètifye pou dokiman tankou batistè ak sètifika lanmò, lisans maryaj. Yo tradui relve nòt ki an kreyòl ak fransè an anglè. W ap jwenn sèvis nan biwo yo ki nan Queens ak Brooklyn, ak fasilite pou w depoze dokiman yo nan tou de lokal yo.

HAUP ofri tou konsiltasyon legal sou imigrasyon, kou ESL, ak sèvis notè piblik. Pwogram sa yo sipòte kominote ayisyen an ak lòt imigran.

Adrès (biwo prensipal): 197‑17 Hillside Avenue, Hollis, NY 11423
Telefòn: (718) 527‑3776
Imèl: info@haupinc.org

Adrès (Biwo nan Brooklyn): 1760 Nostrand Ave, Brooklyn, NY, 11226
Lè: 10 a.m. – 6 p.m. 
Telefòn:  (718) 233-1186
Imèl:Info@haupinc.or

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt