Èske w ap sibi menas degèpisman, oswa mèt kay la ap asele w? Gid sa a bay yon eksplikasyon etap pa etap sou sa lokatè yo dwe fè si yo resevwa yon avi degèpisman, si yo chanje seri pòt kay la sou yo ilegalman, oswa si y ap viv nan kondisyon ki pa sekirize nan vil Nouyòk.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Janvye 2026.
Kisa yon avi degèpisman ye?
Si w resevwa yon avi ki fè w konnen pwopriyetè kay la konvoke w devan NYC Housing Court ki se tribinal ki jere zafè lòjman nan vil Nouyòk, sa a se youn nan premye etap li pran pou l eseye mete w deyò nan kay la. Ou pa oblije deplase imedyatman.
Gen plizyè kalite avi ak dokiman degèpisman.
- Avi petisyon + petisyon: avi petisyon an se dokiman legal ki enfòme w pwopriyetè a konvoke w nan tribinal. Yon petisyon dekri rezon ki fè pwopriyetè a rele w tribinal pou l kòmanse yon degèpisman. Avi sa ap gen tout enfòmasyon sou kantite lwaye ou dwe ak kondisyon kontra lokasyon an.
- Manda pou degèpisman: Se desizyon jij la ki bay otorizasyon pou yon marechal vil la oswa biwo cherif vil Nouyòk la vin retire w nan kay la. Se sèlman tribinal ki jere zafè lòjman ki ka bay manda sa a.
- Avi degèpisman: Dokiman sa a bay premye dat posib kote marechal oswa cherif la ka vini nan apatman an pou l mete w deyò.
- Degèpisman pou lwaye ki pa peye: Mèt kay la mennen w devan tribinal paske li di w dwe l kòb lwaye.
- Degèpisman pou lòt rezon : Mèt kay la ap eseye mete w deyò men se pa pou kòb lwaye. Pa egzanp, li gen dwa pa vle renouvle kontra lokasyon an oswa li di w pa respekte règ nan kontra a.
Anvan li depoze yon pwosè ofisyèl, mèt kay la ap ba w yon avi ki eksplike pwoblèm nan. Kidonk, si w te resevwa yon lèt petisyon, ou dwe konsantre w pou w rezoud pwoblèm nan anvan li rive devan tribinal.
Pa egzanp, si se yon avi pou kòb lwaye a, li ka di konbyen lwaye w dwe epi ba w omwen 14 jou pou w peye anvan pwopriyetè a ka mennen w nan tribinal. Si w rezoud pwoblèm nan alè, ou ka kanpe degèpisman an. Toujou prezante w nan konvokasyon tribinal yo epi pote dokiman yo.
Si w te resevwa yon avi degèpisman, jij la deja deside w dwe bay kay la. Ou ka rele biwo marechal vil la pou w tcheke si yo deja pwograme dat degèpisman w lan. W ap jwenn nimewo telefòn nan sou avi a.
Konnen dwa w genyen kòm lokatè devan mèt kay la
Mèt kay la pa ka fòse w soti san l pa pase nan sistèm tribinal vil la. Li ilegal pou yon pwopriyetè kay:
- Chanje seri pòt kay la sou ou
- Koupe chofaj, dlo, oswa elektrisite w
- Retire zafè w nan kay ou
- Menase w, asele w, oswa fè presyon sou ou pou w kite kay la
Se sèlman yon tribinal ki ka bay lòd pou yon degèpisman, epi se sèlman yon marechal oswa yon cherif ki ka egzekite lòd sa a. Se pa pwopriyetè kay yo.
Etap pou kanpe yon degèpisman
Ou pa oblije demenaje si yon jij poko ba w lòd pou w bay kay la.
Li enpòtan pou w pa inyore avi degèpisman an oswa papye tribinal ou resevwa pa lapòs oswa yon moun delivre w a la men (pwopriyetè a pa gen dwa delivre avi yo pèsonèlman).
- Ale nan tribinal la pou w reponn anvan dat limit ki sou avi petisyon an.
- Depoze yon demann yo rele Order to Show Cause pou w kanpe degèpisman an. Se yon fòm ki pèmèt ou eksplike poukisa yo pa dwe mete w deyò nan kay la. Men sonje byen, pa gen garanti degèpisman an ap kanpe jis paske jij la siyen fòm sa a.
- Sonje pote yon pyès idantite ak yon kopi avi a.
Si jij la siyen demann Order to Show Cause ou an, ou dwe remèt kopi papye yo bay pati konsène yo tankou pwopriyetè kay la oswa avoka li yo, epi bay marechal yo. Apre sa, ou dwe retounen nan tribinal la nan dat odyans ou a epi pote prèv ou te delivre papye yo kòrèkteman.
Si w pa ale nan yon odyans alè, ou pèdi ka a otomatikman. Lè pwopriyetè kay la fin jwenn yon jijman nan men tribinal la, li ka mande jij la pèmisyon pou l kolekte lajan w dwe yo. Avèk pèmisyon jij la, pwopriyetè kay la ka menm pran lajan nan chèk travay ou oswa sou kont ou labank.
Pote tout dokiman w yo nan tribinal la: avi a, resi pèman lwaye a, oswa nenpòt prèv ki montre w te peye lwaye w oswa w te suiv règleman yo. Si w ka peye kòb ou dwe a (oswa montre prèv ou kapab), sa ka ede w defann ka a. Pote prèv pèman yo epi prepare w pou w diskite sou yon plan pèman.
Èd pou tribinal ki jere zafè lòjman
Ou ka kontakte sèvis èd legal gratis oswa yon avoka prive pou ede w konprann dwa w yo.
Si yo deja mete w deyò epi w panse yo te fè sa yon fason enjis:
- Si w kwè yon marechal te mete w deyò sou baz yon lòd tribinal ki enjis, ou ka mande tribinal la pou yo kite w retounen nan kay la. Sa rele yon demann pou w reprann byen w. Ou ta dwe ale nan Tribinal Lòjman an pi vit posib pou w fè demann sa a.
- Si mèt kay la te fèmen w deyò san pase pa tribinal oswa yon manda pou l mete w deyò, sa se yon degèpisman ilegal. Ou kapab mande tribinal la tou pou yo kite w retounen, men nan ka sa a, ou dwe kòmanse yon nouvo dosye kont pwopriyetè a.
Resous legal ou ka konsidere
Pòtay resous pou lokatè vil Nouyòk
Sa a se yon zouti sou entènèt biwo majistra a kreye. Li poze w kèk kesyon senp epi li montre w ki èd ki disponib, tankou èd legal, pwogram asistans vil la, ak òganizasyon kominotè yo. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon
Liy asistans pou lokatè 311
Rele 311 epi mande pou liy asistans pou lokatè a pou w ka pale ak yon espesyalis vil la. Yo ka ede w konprann dwa w epi mete w an kontak ak sipò pou zafè lòjman nan lang ou. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon
Ou gen dwa pou w gen yon avoka
Si w ap fè fas ak yon degèpisman nan Tribinal Lòjman oswa NYCHA, ou ka kalifye pou reprezantasyon legal gratis, kèlkeswa estati imigrasyon w. Rele 311 epi mande pou yo konekte w ak Right to Counsel. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.
Eviction Free NYC
Gwoup sa a ap goumen pou plis pwoteksyon pou lokatè epi li konekte lokatè ki pa gen gwo mwayen ak avoka ki jere ka degèpisman gratis. Se Kowalisyon dwa reprezantasyon legal vil Nouyòk k ap jere li. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.
Law Help NY (Asistans legal)
Se yon sit entènèt ki ede w konprann dwa legal ou ak kijan tribinal fonksyone. Ou ka jwenn tou fòmilè tribinal yo, epi sit la pèmèt ou chache sèvis legal gratis oswa nan pri ki pa chè:
- Dwa legal ak opsyon sou plizyè sijè tankou fanmi, lojman, ak dwa konsomatè
- Enfòmasyon pou ede w fè demach ou poukont ou, tankou fòm tribinal ak eksplikasyon sou kijan sistèm tribinal la fonksyone
- Sèvis legal gratis oswa nan pri abòdab, si travay ou pa peye w ase pou w peye yon avoka
One Shot Deal
Si w gen reta pou w peye lwaye w ak bil ou akoz ou pedi travay oswa yon ijans, ou ka kalifye pou asistans finansye yon sèl fwa nan men vil la. Klike sou lyen sa a pou plis enfòmasyon.
