Logo
Jun 16, 2026 | Paz Radovic

Dwa ak resous travayè domestik nan Nouyòk dwe konnen

Men kondisyon yo, dwa yo, ak resous ki disponib. Aprann plis sou ajans pou travayè domestik, sètifikasyon, ak pwoteksyon pou travayè yo.

Ou fenk rive Nouyòk epi w vle vin yon travayè domestik Kòmanse nan domèn sa a ka parèt konplike si w pa konnen ki kote pou w chache travay, ki konpetans ki itil, epi sitou, ki dwa ki pwoteje w kòm travayè.

Gid sa a, ki te kreye ak asistans Asosyasyon Carroll Gardens (CGA), yon gwoup ki Brooklyn ki òganize travayè domestik yo, esplike sa w dwe konnen pou vin yon travayè domestik.

Travayè domestik se yon moun ki fè travay nan yon kay prive pou ede ak bezwen chak jou yon fanmi oswa yon moun. Travay sa yo ka gen ladan netwayaj, lave rad, kwit manje, pran swen timoun, pran swen granmoun aje oswa moun ki malad, fè jaden, oswa lòt sèvis nan kay la.

Kisa m bezwen pou m vin yon travayè domestik?

Anvan w kòmanse chache travay, rasanble dokiman w bezwen yo, tankou: yon kat idantite ak foto (tankou paspò), yon kontak ijans, ak CV. Li itil tou pou w gen yon dokiman ki bay lis eksperyans pwofesyonèl pase w yo ak lèt referans ki soti nan fanmi kote w te travay anvan yo.

Ajans oswa platfòm sou entènèt ka mete w an kontak ak fanmi, ede w ak kontra epi verifikasyon pou dosye kriminèl. Souvan yo mande w peye yon frè. Si w ap aplike atravè yon ajans ofisyèl, yo pral mande nimewo Sekirite Sosyal ou ak pèmi travay ou.

Klike sou lyen sa pou w aprann plis sou kolaborasyon ak yon ajans travay avèk konsèy sa yo ki soti nan Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Nouyòk (DCWP).

Pa gen okenn sètifikasyon fòmèl ki legalman obligatwa pou w vin yon travayè domestik. Sètifikasyon an ka fè w yon pi bon kandida. CGA rekòmande pou w omwen pran yon kou CPR ak sètifikasyon Premye Swen. NYC health gen yon lis kou gratis ou ka swiv nan lyen sa. 

E si mwen se yon imigran iregilye k ap chache travay sa a?

Ben Fuller-Googins, direktè egzekitif nan CGA, fè konnen, gwoup travayè domestik sa yo dwe pran prekosyon epi byen enfòme sou dwa yo kòm travayè. Fuller-Googins ak ekip li a remake gen kèk patwon ki menase rele ICE lè travayè yo mande pou respekte dwa yo, tankou lè yo mande touche pou lè siplemantè oswa konje peye. Li ilegal pou yon patwon fè sa.

Li ajoute tou: “Nou wè kèk ka, sitou pou travayè domestik ki rete lakay patwon an, kote patwon yo pran paspò oswa lòt pyès idantite yo, pou fè travayè yo santi yo san sekou epi depann totalman de yo.”

Òganizasyon ki ka ede w

National Domestic Workers Alliance (NDWA): Se yon òganizasyon nasyonal ki defann dwa moun k ap netwaye kay, ak moun k ap bay swen timoun ak granmoun. Li ofri pwogram fòmasyon, devlòpman lidèchip, ak resous pou ede travayè domestik jwenn salè jis, benefis, ak kondisyon travay ki an sekirite. NDWA bay sipò legal, fè defans politik piblik, epi li gen yon gwoupman kote travayè yo ka jwenn zouti, atelye, ak asistans sou dwa imigran.

La Colmena: Yon òganizasyon kominotè nan Staten Island ki ofri fòmasyon pou travay, kou anglè, ak pwogram lidèchip. Yo bay tou atelye “konnen dwa w” epi yo defann travayè kont vòl salè ak kondisyon travay ki pa an sekirite.

Adhikaar: Òganizasyon sa a sèvi sitou kominote imigran Nepalè ak Tibeten. Li ofri pwogram sipò lang, fòmasyon sou sante ak sekirite, ak atelye pou edike moun sou dwa yo.

Damayan: Yon asosyasyon ki sèvi travayè domestik ki soti Filipin. Li òganize sipò ant travayè, bay asistans legal sou dwa travayè, devlope lidèchip, epi fè edikasyon kominotè pou konbat vòl salè, trafik moun, ak eksplwatasyon.

Carroll Gardens Association: Yon òganizasyon kominotè nan Brooklyn ki soutni travayè nan kay atravè fòmasyon, rezo pwofesyonèl, ak devlòpman kominotè. Yo ofri opòtinite edikatif peye ak gratis sou dwa travayè, sekirite, devlòpman timoun, ak preparasyon pou ijans.

Domestic Workers United: Yon òganizasyon ki ranfòse pouvwa travayè domestik atravè edikasyon, òganizasyon, ak aktivite kiltirèl. Yo bay fòmasyon, atelye “konnen dwa w”, devlòpman lidèchip, epi yo fè kanpay pou lwa travay ki pi jis pandan y ap sipòte travayè ki pa gen aksè ak èd federal.

Dwa w kòm travayè domestik

Li enpòtan pou w konnen travayè domestik nan Nouyòk jwenn pwoteksyon anba Lwa sou dwa travayè domestik Eta Nouyòk la. Lwa sa a ba w dwa pou:

  • Resevwa omwen salè minimòm lan.
  • Resevwa pèman lè siplemantè pou tout lè ki depase 40 èdtan pa semèn (oswa plis pase 44 èdtan si w ap viv lakay anplwayè a).
  •  Jwenn yon jou repo chak semèn (24 èdtan youn apre lòt), oswa resevwa pèman lè siplemantè si w dakò travay jou sa a.
  • Jwenn konje peye apre yon ane travay ak menm anplwayè a.
  • Pwoteksyon kont diskriminasyon ak asèlman.                                                                             

Salè minimòm nan Nouyòk se16.50 dola pa lè. Konsènan lè siplemantè: si w travay plis pase 40 èdtan pa semèn (oswa 44 èdtan si w ap viv lakay anplwayè a), yo dwe peye w 1.5 fwa to nòmal ou pou chak lè anplis sa yo.

Kisa pou m fè si patwon an pa peye m?

Fuller-Googins fè konnen: “lalwa entèdi yon patwon pini yon travayè paske li mande oswa li defann dwa li.” Men kèk etap ou ka konsidere si yo pa peye w jan sa dwe fèt epi w vle chache èd nan men yon lòt enstitisyon oswa òganizasyon: 

  • Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè nan Nouyòk (DCWP) ak pwogram  Paid Care Worker Rights la, ede travayè domestik ak anplwayè yo rezoud konfli yo nan respè, konfidansyalite, epi gratis, san yo pa bezwen ale tribinal.
  • Ou ka voye yon lèt fòmèl bay anplwayè a ki eksplike konbyen lajan l dwe w. Lèt sa a sèvi kòm prèv ekri epi l mete presyon sou anplwayè a pou l peye w. Òganizasyon asistans legal oswa gwoup sipò pou travayè domestik yo ka ede w prepare lèt sa a..

Si pwoblèm nan pa rezoud, ou ka depoze yon plent fòmèl nan Depatman Travay Eta Nouyòk oswa pran kontak ak yon gwoup asistans legal ou fè konfyans.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt