Logo
Jun 22, 2026 | Faye Qiu

Kreye yon kont OMNY pou w konekte, rechaje, epi redui pri sou transpò piblik MTA yo

Èske w ap chanje MetroCard ou pou ale nan OMNY? Men kijan pou w kreye sou kont ou sou entènèt epi rechaje kat ou oswa kat rabè OMNY ou a.

Yon kont OMNY pa nesesè pou w itilize kat OMNY  ki gen pri redui a oswa kat Fair Fares la nan vil Nouyòk. Lè w kreye yon kont sou entènèt, li bay tout avantaj kat la. Avèk yon kont, ou ka tcheke balans ou, kontwole pwogrè w pou w jwenn transpò gratis, epi aktive rechaj otomatik pou w met kòb sou kat ou. Anplis, si kat ou pèdi oswa yo vòlè li, ou ka bloke balans ou pou plis sekirite.

Gid sa a ap montre w kijan pou w jere kont OMNY ou epi pwofite tout avantaj li genyen yo.

Kijan pou w itilize kont OMNY la

Apre w fin konekte kat debi oswa kat kredi w ak kont OMNY la, w ap toujou kalifye pou 50 pousan rabè sou tranpò nan Metropolitan Transit Authority (MTA). Yon fwa w fin kreye kont OMNY la, suiv etap sa yo pou w konekte kat OMNY ou a ki gen tarif redui oswa Fair Fares la.

  1. Antre sou OMNY.info avèk imèl ak modpas ou te anrejistre yo.

2. Chwazi opsyon “wallet page” epi klike sou “Add travel card” epi chwazi “OMNY Card”.

3. Antre nimewo 18 chif la ak kòd sekirite 3 chif ki dèyè kat rabè OMNY oswa kat Fair Fares la, epi enregistre enfòmasyon yo.

4. Kounye a kat ou a konekte! Ou ka wè li nan pati “wallet” kont OMNY ou a.

Yon fwa ou fin konekte kat ou a, ou ka jwenn aksè a detay kont lan, tankou balans kat ou a ak pwogrè ou fè pou w ka genyen tranpò gratis.

Rechaje kat OMNY ou a

Ou ka ajoute lajan sou kat OMNY la soun kont OMNY la, konsa ou pa bezwen tann nan liy nan yon machin tikè. Jis klike sou kat OMNY ou a, epi tape bouton ble “Add Value” ki anba paj la. Chwazi kantite lajan ou vle a epi  kontinye ak peman an pou w finalize rechaj la.

Aktive rechaj otomatik 

Youn nan avantaj kat OMNY la, se rechaj otomatik ou ka mete sou kont OMNY ou a, konsa ou pa janm bezwen enkyete w pou w pa gen tikè ankò. Ou ka chwazi yon rechaje ki baze sou balans, ki ajoute lajan otomatikman lè balans ou desann anba yon sèten montan. Oswa ou ka mete yon rechaj pwograme, kote lajan an ajoute otomatikman chak semèn oswa chak mwa. Suiv etap sa yo pou w mete rechaj otomatik la an plas:

  1. Klike sou “Set up reload” sou bò goch balans ou a. Sa ap mennen w nan yon paj kote ou ka chwazi metòd rechaj ou vle a. Opsyon ki anlè a se rechaj ki baze sou balans lan, epi anba a se rechaj pwograme a.
  1. Lè w chwazi opsyon ou vle a, y ap mande w pou w chwazi montan ou vle ajoute a. Pou rechaj ki baze sou balans lan, antre oswa chwazi konbyen pou w rechaje ak balans ki deklanche li. Pou rechaj pwograme a, mete montan an ak chak kilè ou vle kat la rechaje.
  1. Finalman, w ap bezwen antre detay kat debi w, kat kredi w, oswa kont labank ou pou w finalize peman an. OMNY ap otomatikman retire lajan sou metòd peman sa a chak fwa yo deklanche yon rechaj.

Bloke kat ou a si li pèdi oswa yo vòlè l

Yon lòt avantaj kont OMNY la bay: li pèmèt ou bloke kat ou a imedyatman si li pèdi oswa si yo vòlè l. Sa anpeche lòt moun itilize l san otorizasyon w nan sistèm OMNY a, epi li pwoteje balans ou. Pou w fè sa, jis ale nan kat ou a nan kont OMNY la, chache bouton “Manage” anba agoch la, epi chwazi opsyon “Suspend and replace the card” pou yo ka anile kat ki pèdi a epi voye yon lòt pou.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt