Logo
Aug 07, 2026 | Eileen Grench

Kijan pou w pwoteje tèt ou kont fwod nan zafè kosyon imigrasyon

Moun k ap fè magouy yo pwofite sitiyasyon difisil imigran yo pou yo voye fo avi kosyon imigrasyon.

Depi janvye 2025, Imigrasyon ak Ladwàn Etazini (ICE) arete plizyè milye moun Nouyòk. Moun ki afekte yo souvan pase plizyè mwa, menm ane, nan sant detansyon kote akizasyon abi medikal ak fizik yo gaye toupatou, menm lè yo chwazi konteste depòtasyon an.

Fanmi moun ki nan detansyon yo souvan pare pou fè tout sa ki posib pou yo libere yo. Se konsa yo ka viktim fwod. Moun k ap fè magouy yo pwofite sitiyasyon difisil imigran yo pou yo voye fo avi kosyon imigrasyon. Magouy sa yo pwomèt y ap libere moun ki nan men ICE la, si yo peye yon kòb ki souvan egzajere.

Men kijan pou w konnen si gouvènman ameriken an vrèman ofri pou l libere moun pa w la, oubyen si w se viktim fwod.

Kisa kosyon imigrasyon an ye?

Lè yo arete yon moun, gouvènman federal la ka fikse yon sòm lajan moun nan ka peye kòm garanti pou liberasyon l. Se sa ki kosyon an. Apre l fin peye kosyon an, moun nan dwe toujou ale nan odyans tribinal, ak lòt verifikasyon ki obligatwa.

Kijan pou w jwenn li?

Si yon imigran ki nan detansyon kalifye pou libète sou kosyon, li dwe aplike epi pwouve, nan yon odyans devan yon jij imigrasyon, li pa reprezante yon danje pou sosyete a, epi pa gen risk pou l sove. Li kapab fè yon petisyon bay yon jij federal pou yon manda habeas corpus. ICE kapab ba l libète sou kosyon dirèkteman, menm si pratik sa a pa fèt souvan kounye a.

Men siyal pou w veye pou w pa pran nan fwod

a) Èske se yon vrè avoka ki te kontakte w la?

Fwodè yo souvan kontakte potansyèl viktim yo sou WhatsApp oswa Facebook. Yo fè tèt yo pase pou avoka imigrasyon. Sa a se premye siyal avètisman an: jeneralman, avoka pa kontakte kliyan yo sou platfòm sa yo. 

Atansyon: Gen moun k ap itilize logo, oswa k ap pran pòz avoka ki gen bon repitasyon ak òganizasyon yo, tankou Catholic Charities.

Fwodè yo ka mande w enfòmasyon pèsonèl oswa finansye  w tou, tankou foto paspò w, nimewo sekirite sosyal ou, oswa enfòmasyon bankè w.

Verifye si se yon vrè avoka anvan w ba li nenpòt enfòmasyon. Ou ka tcheke anrejistreman avoka a pou verifye kredibilite l. 

b) Èske moun ki nan detansyon an ale nan yon odyans sou kosyon oswa nan yon odyans federal kote yo fikse montan kosyon an?

Jeneralman, moun benefisye kosyon yo apre yon odyans kote yon jij deside si li dwe akòde kosyon an, epi li fikse montan an. Tribinal imigrasyon ak tribinal federal yo reyini nan lè travay regilye yo.

c) Èske avoka ki kontakte w la mande w pou w peye l dirèkteman?

Yo peye kosyon an dirèkteman bay gouvènman an. Si yon avoka ta mande w pou w peye l dirèkteman, sa ka yon siy fwod.

Daprè Envision Freedom Fund, yon fon kosyon ki baze nan Nouyòk, yo PA JANM peye kosyon atravè Venmo, Zelle, MoneyGram, oswa Western Union.

d) Mande yon kopi desizyon jij la:

Avoka w la ta dwe ba w kopi desizyon jij la. Moun k ap fè magouy yo konn fabrike fo papye tribinal. Konsilte lis ki anba a pou w idantifye siy ki montre yon dokiman pa otantik.

e) Tcheke desizyon jij la plizyè fwa. Desizyon yon jij otantik:

  • ekri an anglè
  • gen ladan l non ak “A-number” moun ki nan detansyon an, ki se nimewo idantifikasyon gouvènman ameriken an itilize pou idantifye moun ki nan pwosedi imigrasyon
  • Li gen siyati yon jij imigrasyon
  • Li endike si gouvènman an rezève dwa pou w fè apèl
  • Li endike si avoka imigrasyon an rezève dwa pou fè apèl
  • Li bay non biwo ICE lokal la (pa egzanp, “New York Field Office”)
  • Li bay yon sòm kosyon pou pi piti $1,500. An jeneral, li dwe yon miltip de $500
  • Ekri Biwo Egzekitif Revizyon Imigrasyon an sou papye ak antèt ofisyèl
  • Itilize tèm “bond” olye de “bail”.  

Men yon egzanp vrè dokiman tribinal la nan lyen sa a: https://drive.google.com/drive/u/0/folders/1gFNse2lJEe_wE2ue3aQ-B8EmoOplV_Oe, Se Envision Freedom Fund ki pataje l.

Men kèk egzanp fo desizyon tribinal nan lyen sa: https://drive.google.com/drive/u/0/folders/1HbCVrXWnTglGkuSbMd4hPzhvBg7WSmbW, Se Envision Freedom Fund ki pataje l.

Kijan pou w verifye se yon vrè kosyon:

Yon fason pou w verifye si yon kosyon otantik se kontakte otorite yo pou w eseye rezoud li dirèkteman ak leta. Si demann kosyon an lejitim, li ka rezoud sou entènèt oswa an pèsòn.

Pèman yo, kit se sou entènèt oswa an pèsòn, dwe fèt pa yon moun ki gen estati legal. Si ou pa gen estati legal, ou dwe mande yon moun ou fè konfyans ki gen estati legal oswa yon òganizasyon ou fè konfyans pou peye kosyon an pou ou.

Pou w peye sou Entènèt:

Kreye yon kont epi soumèt yon demann pèman kosyon atravè lyen CeBONDS la. Nan lyen sa Envision Freedom Fund bay yon gid ki eksplike etap pa etap kijan pou w itilize CeBONDS.

W ap bezwen “A Number” prizonye a, 2 fòm idantifikasyon (youn ladan yo dwe pwouve estati legal li), ak yon adrès imel aktif ou gen aksè sou li. W ap bezwen bay tou yon adrès postal, ki gen ladan l nimewo apatman an, ak yon nimewo telefòn.

Si estati kosyon an chanje soti nan “revizyon” pou rive nan “revizyon ICE” epi apre sa nan “pare pou peye,” sa vle di kosyon an reyèl epi w ka peye l dirèkteman. Dapre Envision Freedom Fund, pwosesis sa a ka pran ant kèk èdtan ak kèk jou.

Si kosyon an pa valab oswa li pa t otorize, sit entènèt CeBONDS la ap endike sa klèman, avèk rezon yo eksplike nan seksyon “Kòmantè” a, dapre Rosa Santana,  ki se ko-direktè egzekitif Envision Freedom Fund. Li fè konnen, li pi bon pou w soumèt aplikasyon obligasyon an pandan lè travay, soti 9 a.m. pou rive 3 p.m.

An pèsòn:

Anvan w ale kote pou w peye kosyon an, ou dwe rele biwo local ICE la avan pou w verifye si w otorize pou peye kosyon an, jan sa ekri sou sit entènèt ICE ki la pou pèman kosyon yo. Biwo 26 Federal Plaza a nan Manhattan ak biwo Buffalo a aksepte pou w peye kosyon an pèsòn.

Men yon lis sant ICE ERO ki aksepte kosyon, ak lis biwo lokal yo.

W ap bezwen menm dokiman yo mande pou w peye kosyon sou entènèt yo: nimewo A moun ki nan prizon an ak 2 fòm idantifikasyon, youn ladan yo dwe yon prèv estati legal moun nan. Se sèlman yon moun ki gen estati legal ki ka fè pèman an pèsòn. Si w pa gen estati legal, gen òganizasyon ak bon jan repitasyon ki ka peye kosyon pou ou, tankou Envision Freedom Fund.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt