fbpx

Men kijan w ap jwenn nouvo dòz vaksen COVID-19 la gratis Nouyòk

Nan gid sa a, w ap jwenn detay sou kijan w ap jwenn vaksen COVID-19 gratis nan Nouyòk, menm si w se yon imigran iregilye oubyen menm si w pa gen asirans. 

Faye Qiu

Oct 03, 2024

Share Button WhatsApp Share Button X Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button Nextdoor

Ak kantite nouvo ka Covid-19 ki genyen Etazini pandan ete a, CDC rekòmande pou tout moun ki genyen pou pi piti 6 mwa laj, pou yo pran nouvo dòz vaksen Covid-19/ 2024-2025 lan. Se yon fason pou pwoteje moun kont risk ki genyen, menm si ou pran vaksen Covid-19 la deja. 

Ki moun ki ta dwe pran nouvo dòz vaksen Covid-19 la?

Covid-19 se yon epidemi ki toujou ap evolye, e, pwoteksyon ansyen vaksen yo ba w la ap bese plis tan ap pase. Nouvo dòz vaksen COVID-19/ 2024-2025 lan fèt pou pwoteje w kont nouvo varyan epidemi an, ki lakoz enfeksyon epi voye anpil moun al entène lopital. Lè w pran yon nouvo dòz, sa redui chans pou w malad anpil oubyen pou ale lopital akoz Covid-19 la. Li ede tou diminye risk ki genyen pou devlope sa yo rele “Covid-19 long lan”, yon sistiyasyon kote sentom yo kapab dire plizyè mwa apre premye enfeksyon an. 

Moun ki resevwa dòz vaksen COVID-19/ 2023-2024 yo gen pi bon pwoteksyon kont maladi grav pase sila yo ki pa pran l yo. 

Èske mwen elijib pou nouvo dòz la?

Wi! Tout moun ki genyen pou pi piti 6 mwa laj elijib pou pran vaksen COVID-19 ki ajou, kèlkeswa kote ou rete, sitiyasyon imigrasyon w oswa kouvèti asirans ou. Ou pa bezwen gen sitwayènte ameriken oswa asirans sante pou resevwa vaksen an.

Ki kote mwen ka jwenn vaksen COVID-19 ki ajou nan vil Nouyòk?

Si ou pa gen asirans oswa  ou se yon imigran iregilye, men kèk kote nan vil Nouyòk kote w ap ka pran vaksen an gratis:

NYC Health + Hospitals Facilities

Lopital ak klinik piblik vil Nouyòk yo bay vaksen COVID-19 gratis pou tout moun, pami yo, imigran iregilye yo oswa ki pa gen asirans. Sant sa yo an sekirite gen bon akèy pou tout moun. 

Vizite sit entènèt NYC Health + Hospitals yo pou w jwenn yon kote ki pre w.

Sant Sante Kominotè HRSA finanse yo

Sant sa yo bay swen lasante pa rapò ak  revni w epi kantite moun ki nan fanmi w. Si w pa gen mwayen pou w peye, y ap toujou ba w vaksen an gratis. Imigran iregilye yo ap jwenn sèvis tou. W ap jwenn yon sant sante ki pre w sou lyen sa a

NYC Vaccine Finder

Ou kapab itilize sit NYC Vaccine Finder a pou w jwenn yon sant ki bay vaksen ki pre w. Ou ka filtre rechèch la pou jwenn kote ki ofri vaksen gratis, oubyen a pri ki ba, espesyalman pou moun ki pa gen asirans yo. Anpil nan sant sa yo pa bezwen asirans. Vizite NYC Vaccine Finder la a.  

Li enpòtan pou w sonje, depi lè leta federal sispann finanse pwogram vaksen nan famasi yo, vaksen COVID-19 yo pa disponib gratis ankò nan famasi tankou CVS  pou moun ki pa gen asirans yo. 

Amy Thibault, Direktè Direktè Kominikasyon Ekstèn nan CVS Pharmacy di: “Kòm nou konnen, Pwogram CDC’s Bridge Access la ki te bay granmoun ki pa gen asirans yo vaksen COVID-19 gratis la te fini. Pandan CVS pa bay vaksen COVID-19 gratis ankò, pasyan yo ka tcheke depatman sante lokal yo pou wè si yo ofri sèvis la gratis oswa a yon pri ki ba,”.

Kilè vaksen  COVID-19 ki ajou a  ap disponib nan sant sa yo?

Vaksen COVID-19/ 2024-2025 yo disponib kounye a apre FDA te fin apwouve vaksen Pfizer, Moderna ak Novavax la. Konpayi ki fè vaksen yo ap voye yo dirèkteman bay founisè swen sante ak famasi yo. Plizyè sant sante ta dwe kòmanse resevwa vaksen nan kòmansman jiska mitan mwa septanm.

Ap genyen mizajou ki fèt sou sit NYC Vaccine Finder a ak kote w ap konnen ki bò ou ka pran nouvo vaksen an lè li disponib. Ou ka kontakte founisè swen sante w la tou pou w tcheke lè yo pral pare vaksen an. 

Èske gen akonpayman ki disponib pou moun ki pa pale angle nan sant vaksinasyon sa yo?

Sant vaksinayon vil Nouyòk la jere sitiyasyon satankou sant NYC Health + Hospitals ak sant Fort Greene Health Center, yoofri sèvis tradiksyon an kreyòl.

Pou plis enfòmasyon sou vaksen COVID-19 ki ajou yo, ou ka vizite paj Vaksen COVID-19 Depatman Sante Vil Nouyòk la.

Ki dokiman mwen bezwen pou m pran vaksen kont COVID-19 la?

Yon kat idantite pa obligatwa pou pran vaksen an.

Tout moun k ap viv Etazini elijib pou resevwa sèvis COVID-19 gratis, tankou vaksen, tès, ak tretman, menm si ou pa gen asirans, e kèlkeswa estati imigrasyon w. Ou pa bezwen yon Nimewo Sekirite Sosyal oswa yon kat idantite gouvènman an pou w resevwa sèvis COVID-19 yo gratis.

Lòt enfòmasyon pou imigran iregilye yo ak moun ki pa gen asirans

Ou pa gen okenn obligasyon pou w pataje estati imigrasyon w lè w ap pran vaksen COVID-19 la. Sant vaksinasyon yo p ap rapòte w bay otorite imigrasyon yo, epi enfòmasyon sou ou ap rete konfidansyèl. Vil Nouyòk angaje l pou l asire tout moun, kèlkeswa estati imigrasyon yo, pou yo gen aksè a swen sante, tankou vaksen COVID-19 la.

Se Ralph Thomassaint ki tradui gid sa a.

Nou envite w gade videyo sa a, pou w konnen tout resous Documented genyen pou ou.

Si w bezwen enfòmasyon sou resous ki disponib Nouyòk pou imigran yo, ou kapab voye yon imèl bay Ralph Thomassaint Joseph nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com

Faye Qiu

Faye Qiu, Documented's Chinese Community Correspondent, is deeply connected to New York City’s Chinese community, with a career dedicated to supporting underserved immigrant populations. Currently, Faye serves as the Community Outreach Coordinator for the Committee of 100, where she leads efforts for the AAPI Initiative to combat the underreporting of anti-Asian hate incidents. She remains committed to serving her community through weekly volunteer work with the Chinese Consolidated Benevolent Association in Chinatown.

SEE MORE STORIES

Early Arrival Newsletter

Receive a roundup of immigration and policy news from New York, Washington, and nationwide in your inbox 3x per week.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT

PO Box 924
New York, NY 10272

General Inquiries:
info@documentedny.com
+1 (917) 409-6022
Sales Inquiries:
Documented Advertising Solutions
+1 (917) 409-6022
Pitches & Story Ideas:
pitches@documentedny.com