fbpx
Logo
Jan 21, 2025 | Nancy Chen

Kijan ou kapab pwoteje tèt ou kont fwod nan dosye imigrasyon

Men kijan imigran yo kapab powteje tèt yo kont fwod nan dosye imigrasyon, epi men ki demach yo dwe fè si yo viktim anak.

Fwod imigrasyon, se tout fo sèvis ki sible imigran vilnerab yo, kote moun pretann  y ap bay asistans legal nan dosye imigrasyon. Daprè biwo majistra Nouyòk la sou zafè imigran yo (MOIA), ni moun ki avoka, ni sila yo ki pa avoka kapab fè fwod sa a. Pafwa, fwod imigrasyon an melanje ak lòt tankou apèl telefòn kote moun ap menase imigran yo, fè yo konnen yo kapab depòte yo. Fwod imigrasyon yo gen gwo enpak sou moun k ap fè yo ak viktim yo. 

Atik sa a ap entwodui w sou pratik fwod imigrasyon ki alamòd yo ak resous w ap bezwen lè w fè fas ak yo. 

Ki moun fwod imigrasyon yo vize? 

Dapre biwo komisè gouvènman distri Manhattan nan, kriminèl yo souvan vize imigran k ap chèche sitwayènte oubyen rezidans Etazini. Nouvo imigran yo jeneralman pa abitye ak òganizasyon kominotè ak resous legal ki kredib yo. Se pou sa, moun k ap fè fwod yo jeneralman sible yo.

Sa pa vle di imigran li la pi lontan yo pa viktim fwod imigrasyon tou. Baoqin Wang ki se yo avoka k ap jere kabinè Baoqin Wang se yon sitwayen chinwa k ap viv Etazini depi anviwon 30 ane, li fè konnen, ane pase li viktim yon ka fwod. Li fè konnen, pafwa li resevwa dosye imigran k ap viv Etazini pandan lontan, epi ki toujou ap viktim fwod. 

Ki pratik fwod imigrasyon ki alamòd?

Moun k ap fè fwod yo jwe sou emosyon tankou kiryozite ak laperèz pou yo pyeje viktim yo. Se sa Ying Cao ki se youn nan dirijan kabinè Ying Cao Law LLC ki New Jersey. 

Daprè MOIA, men kèk nan fo pwomès moun k ap fè fwod imigrasyon yo konn fè viktim yo: 

  • Yo pwomèt y ap fè moun jwenn viza, pèmi travay oubyen Green Card yo rapid.
  • Yo fè konnen, aksyon yo a pa gen okenn konsekans 
  • Yo fè konprann, yo genyen gwo enfliyans sou otorite imigrasyon yo. 

Avoka Cao envite nou pran prekosyon kònt pwomès sa yo ki “twò bèl pou yo ta verite.”

USCIS, Biwo eta Nouyòk pou nouvo Ameriken yo (ONA) ak MOIA bay kèk egzanp frod imigrasyon ki alamòd. W ap jwenn kèk ladan yo nan lis ki pi ba a.

Viza 10 ane oubyen fwod?

Viza dizan an  pa egziste vre. Si yon avoka pwomèt ou yon viza 10 ane kòm youn nan chemen pou w jwenn rezidans, an reyalite, sa l ap pwopoze a, se yon pwosesis ki gen 2 etap ki enplike yon aplikasyon pou azil ki pa gen okenn baz solid. Demach sa a kapab abouti sou yon pwosedi depòtasyon ak anilasyon pwosesis la.  

Yon imigran iregilye leta anile pwosesis depòtasyon l kapab benefisye yon Green Card si l ranpli kondisyon sa yo: 

  • Fòk li ap viv pou pi piti depi omwens 10 zan avan li lanse pwosedi imigrasyon an
  • Li pa dwe gen dosye kriminèl
  • Li dwe genyen yon pwòch li tankou mari/madanm, paran oubyen pitit ki riske nan gwo difikilte si Etazini depòte imigran iregilye a. 

Li difisil pou yon moun genyen nan pwosesis anilasyon depòtasyon an. Donk, se yon demach ki riske li ye. Moun k ap fè magouy yo gendwa pa avèti w sa, men, depi w pa genyen nan dosye a, leta kapab depòte w. 

Jij imigrasyon yo gen diskresyon pou anile depòtasyon, kit ou satisfè kondisyon legal yo ou pa.

Anakè ki fè tèt yo pase pou anplwaye leta

Gen rapò ki fè konnen magouyè yo konn pretann yo se ajan Imigrasyon (ICE) pou apwoche moun epi deklare yo te enplike nan aktivite kriminèl oswa riske depòtasyon. Gen kèk magouyè ki menm bay fo idantite epi yo arete plizyè imigran. Yo souvan mande imigran yo pou yo pa enfòme okenn moun, menm manm fanmi ak zanmi yo. Lè konsa, kòm imigran yo nan laperèz, yo kapab transfere lajan ak enfòmasyon pèsonèl yo bay kriminèl yo. 

Vrè anplwaye leta yo p ap janm mande lajan oswa menase arete oubyen depòte yon imigran. Y ap kontakte imigran atravè kanal ofisyèl yo, men, se pa sou paj ou sou rezo sosyal yo.   

Moun k ap bay sèvis imigrasyon ilegalman

Òganizasyon k ap sèvi imigran yo ka ede w nan kèk pwosedi tankou tradiksyon dokiman, ranpli papye imigrasyon, rasanble dokiman (tankou ak nesans oswa dokiman lekòl), tape fòmilè aplikasyon (men yo pa kapab bay konsèy sou fason pou w reponn kesyon yo), fè aranjman pou w fè foto idantite ak pran randevou pou tès medikal. Epi, yo kapab ede w prepare tès anglè ak lòt ekzamen. Se sa Michael Lanza fè konnen Documented konnen nan yon imèl. Li se pòt pawòl depatman pwoteksyon konsomatè ak travayè yo. 

Founisè sèvis sa yo oblije: 

  • Ba w yon kontra an anglè ak nan lang peyi kote w soti a. Kontra sa a dekri tout sèvis y ap ba w yo ak ki kantite lajan sa a ap koute w. Li dwe genyen ladan l tout detay tankou non, nimewo telefòn ak adrès enstitisyon k ap ba w sèvis  la. Ou ka kanpe sou kontra sa a nenpòt lè ou vle. 
  • Di w klèman yo pa avoka epi yo pa kapab ba w konsèy legal.
  • Ba w yon kopi tout dokiman yo soumèt bay leta. 
  • Retounen tout dokiman orijinal ou yo ba ou
  • Ba w yon kopi dosye w la gratis depi w mande sa

Men, daprè lalwa eta Nouyòk la, yo pa gen dwa: 

  • Bay konsèy legal
  • Menase w
  • Pwomèt ou tretman espesyal
  • Reprezante w nan yon dosye ki devan USCIS, EOIR, BIA oubyen depatman travay
  • Mande w pou w bay otorite imigrasyon yo fo enfòmasyon 
  • Fè w peye pou yo refere w bay yon moun ki kapab asiste w oubyen reprezante w

Ekzije lajan pou sèvis ki pa janm delivre

Gen kèk founisè sèvis ki pwomèt ou y ap ede w, men, fòk ou ba yo lajan kach. Apre sa, yo pa janm fè travay la lè yo fin resevwa lajan an. Modèl fwod sa a ekziste sitou akoz gen anpil imigran, espesyalman sila yo ki iregilye yo, ki pa genyen yon kont labank. Jeneralman yo peye ak lajan kach, epi pa gen resi ki jistifye depans yo. 

Manti sou djòb ki ekziste

Ou dwe pran anpil prekosyon ak konpayi sou entènèt k ap ofri travay Etazini pou moun ki aletranje. Si w resevwa sou imèl ou yon òf travay ki sispèk, se kapab yon fwod, espesyalman si yo mande w pou w peye pou w aksepte òf la. Lè w wè òf sa yo, fòk ou asire w se yon konpayi reyèl ki poste travay la sou rezo sosyal yo anvan ou pataje enfòmasyon sou ou. Menm si òf travay la reyèl, ou pap kapab travay Etazini si w pa gen yon otorizasyon travay, oubyen yon viza ki pèmèt ou travay pou yon konpayi. Klike la a pou w kapab jwenn plis detay

Si w deja Etazini ak yon viza etidyan, li enpòtan pou w konsilte biwo etidyan entènasyonal ki lekòl ou ye a, anvan ou pran yon djòb. 

Sa w dwe fè pou w pa viktim fwod sa yo

Anpil fwa, fwod imigrasyon yo mache ak lòt kalite fwod tankou yon pratik ki rele ““pig butchering” ak vòl idantite moun. Se pou sa li enpòtan pou w pwoteje idantite w pou w pa revele enfòmasyon pèsonèl ou bay moun ou pa konnen. 

Lis ki anba a genyen konsèy  MOIA ak USCIS.

Men sa w toujou dwe fè

  • Toujou ekzije pou moun k ap ba w sèvis lagal la se yon avoka ki gen lisans pou sa oubyen li se yon moun depatman lajistis akredite pou sa
  • Chache yon lòt opinyon
  • Pran sèvis nan men yon pwofesyonèl lalwa ki gen yon adrès fizik
  • Mande pou gen yon kontra ekri ki dekri tout sèvis pwofesyonèl la angaje l pou l bay yo. Li dwe siyen kontra a, ou dwe li sa ki ladan l yo anvan ou siyen l, epi kenbe l pou lè w ap bezwen l.
  • Kenbe tout kopi dokiman w yo
  • Mande resi ki ekri epi ki genyen non ak adrès founisè sèvis la

Ou dwe fè atansyon ak

  • Imèl ki sanble se bon imèl, men, adrès ki voye yo a pa nòmal 
  • Imèl ki gen fot gramè ladan yo
  • Imèl oubyen sit entènèt ki pa genyen .gov nan fen an. Pa ekzanp, yo fini ak .net., .org, .com oubyen .info
  • Imèl sispèk ou ba resevwa abityèlman
  • Pwomès pou fè dosye w la avanse sou baz lajan w ap bay
  • Pwomès benefis rapid
  • Ouvè oubyen telechaje dokiman ki nan imèl ou pa abitye ak adrès ki voye yo a

Pinga 

  • Pa peye pou fòmilè aplikasyon gouvènman an. W ap jwenn yo gratis epi w ka telechaje yo sou adrès http://www.uscis.gov/forms
  • Bay dokiman orijnal you yo. Bay kopi dokiman y pito
  • Siyen fòmilè ki pa konplè oubyen papye ki blanch
  • Siyen fòmilè imigrasyon oubyen kontra ou pa konprann sa ki ladan l
  • Reponn swadizan òdonans USCIS ki mande w pou w peye lajan ki pa sou platfòm myUSCIS account la. 

Avoka Cao ak Wang ankouraje pou n fè anpil pridans nan pataje enfòmasyon pèsonèl nou lè nou resevwa apèl nan telefòn. Si w resevwa mesaj, imèl oubyen apèl ki sispèk, yo konseye w fè tout demach pou w verifye sous mesaj yo kote ajans ofisyèl yo. Pou w fè sa, ou ka mande moun ki voye mesaj la oubyen ki rele w la pou yo voye dokiman yo mande w yo pa lapòs. Apre sa, sonje mande yo nimewo telefòn ofisyèl yo ak adrès biwo yo. Si w gen dout, kontakte yon avoka depatman lajistis akredite.  

Kisa w dwe fè si w viktim fwod?

Lè yon moun viktim fwod, sa kapab mete l an detrès, espesyalman si se imigran ki fenk vini yo. Vil Nouyòk, eta a ak gouvènman federal la mete plizyè resous disponib pou ede w. Lè w ap chache yon avoka sou entènèt la, piga w gade sèlman kòmantè pozitif ki fèt yo, paske pafwa gendwa se fo kòmantè yo ye. Sonje gade tou move kòmntè ki fèt sou avoka a, epi verifye si plizyè moun toujou ap fè yo. Ou kapab ale sou sit Avvo pou w jwenn avoka epi tcheke kòmantè moun fè sou kalite sèvis yo bay yo. 

Federal

Depatman lajistis gen yon lis kote ki bay asistans legal gratis ak yon rejis reprezantan legal ak kabinè ki akredite. Lis la bati sou baz lòd alfabetik siyati reprezantan legal yo. 

Pou w jwenn yon avoka nan eta w ap viv la, asosiyasyon bawo Ameriken yo (American Bar Association) gen enfòmasyon k ap ede w. 

Eta

Sant apèl ONA a ki se 800-536-7636 disponib gratis soti lendi pou rive vandredi a pati 9:00 nan maten pou rive 8:00 nan aswè. Sèvis la disponib nan plis pase 200 lang diferan. Espesyalis sant apèl la ap konekte imigran yo ak yon ekip avoka ki ak teknisyen lalwa ki gen eksperyans. Y ap konekte imigran yo tou ak enstitisyon ki bay sèvis nan tout eta Nouyòk la. 

Pou w rive konfime si yon moun se yon avoka ki gen lisans nan eta Nouyòk la, ale sou sit NYS Unified Court System la, oubyen rele nan nimewo 212-428-2800. 

Vil la

ActionNYC ofri sèvis konsiltasyon legal gratis nan kominote w w ap viv la, nan lang ou pale a. Ou kapab rele yo nan nimewo 800-354-0365. Ou kapab rele tou nan nimewo 311 epi w ap di “ActionNYC”. Sèvis yo disponib lendi pou rive vandredi soti 9:00 nan maten pou rive 6:00 nan aprèmidi. 

Si w bezwen referans yon avoka prive, ou kapab kontakte NYC Bar Association Legal Referral Service nan nimewo 212-626-7373

Avoka Cao rekòmande pou w chwazi avoka ki gen enfòmasyon tankou non yo, foto, telefòn, imèl ak adrès biwo yo disponib sou entènèt la. 

Kijan pou m rapòte yon ka fwod? 

Federal 

Ou kapab rapòte fwod imigrasyon bay pwogram prevansyon fwod ak abi biwo EOIR la nan nimewo 877-388-3840 oubyen ou kapab voye yon imèl bay eoir.fraud.program@usdoj.gov

Si w sispèk yon ajan oubyen anplwaye USCIS ap mal aji, ou kapab suiv enstriksyon ki sou paj sa a

Ou ka rapòte ka fwod yo bay Federal Trade Commission.

Eta

Rapòte ka fwod bay DCP ki se inite ki responsab pwoteksyon konsomatè yo ( Department of State’s Division of Consumer Protection). Nimewo yo se 800-697-1220 e li disponib lendi pou rive vandredi soti 8:300 nan maten pou rive 4:30 nan aprèmidi, sof jou konje federal yo. 

Vil la

Ala nan youn nan pòs polis ki nan zòn w ap viv la pou w drese yon rapò. Sèvis yo disponib nan plizyè lang, pami yo, Kreyòl ayisyen. 

Tout senk sikonskripsyon Nouyòk yo gen yon nimewo disponib nan biwo reprezantan legal leta a, pou ede moun ki viktim fwod imigrasyon yo: 

  • Pou Manhattan nimewo a se 212-335-3600
  • Pou Bronx nimewo a se 844-590-SCAM (7226) bximmigrant@bronxda.nyc.gov
  • Pou Brooklyn ou kapab rele nan nimewo 718-250-3333 oubyen ou kapab ranpli fòmilè plent imigran sou ka fwod yo ( Immigrant Fraud Complaint form) epi w voye l bay adrès imèl IAU@brooklynda.org
  • Pou Queens nimewo biwo fwod yo se 718-286-6673; imèl la se Frauds@queensda.org  
  • Pou Staten Island ou kapab rele nan nimewo (718) 556-7226 (SCAM); oubyen voye yon imèl bay reportscams@rcda.nyc.gov

Mwen se yon imigran iregilye ki viktim yon fwod imigrasyon, èske m ka rapòte sa bay otorite yo?

Wi! Ou kapab ranpli yon dosye plent bay DCWP sou sit yo a ki se nyc.gov/dcwp. Oubyen, ou kapab rele nimewo 311 si w santi dwa w yo vyole. 

Ou ka kontakte tou depatman lapolis Nouyòk la ki pa mande moun ki bezwen èd yo estati yo kòm imigran. 

ONA ak ActionNYC se 2 kote ki garanti ou kapab kontakte tou. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt