Kit w ap chèche terapi pou ranplasman òmòn, sipò pou sante mantal, oswa èd pou w chanje non ou ak pwonon w, vil Nouyòk ofri anpil opsyon pou ou kèlkeswa estati imigrasyon w.
Nan Nouyòk, lwa eta a ak vil la pwoteje w kont diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl ou oswa estati imigrasyon w. Pa egzanp, founisè swen sante pa gen dwa refize ba w swen paske w se yon moun transjan, nonbinè, oswa imigran. Si w sibi diskriminasyon, ou ka depoze yon plent nan Komisyon Dwa Moun nan vil Nouyòk la, oswa rele 311 pou w rapòte sa.
Swen ki afime idantite seksyèl gen ladan swen medikal, swen pou sante mantal, ak sèvis sosyal ki ede moun transjan, nonbinè, ak moun ki gen divèsite seksyèl viv yon vi otantik. E wi, ou gen dwa resevwa kalite swen sa a nan vil la.
Règleman Medicaid nan Nouyòk di yo kouvri swen ki gen rapò ak tranzisyon sèks. Menm si Medicaid pa disponib pou imigran san papye, gen anpil klinik lokal ki ka toujou ede w.
Toujou onèt sou sitiyasyon ekonomik ou; anpil klinik ka adapte pri yo paske yo vle ede. Epi sonje, ou pa poukont ou: ou ka rantre nan gwoup sipò pou imigran ak moun LGBTQ+ pou w jwenn konsèy epi santi w fè pati yon kominote.
Kòmanse ak klinik ki espesyalize nan swen pou moun transjan
Jwenn nan yon asirans sante ta dwe youn nan premye etap ou pran lè w ap vin enstale w nan vil Nouyòk. Sant Kominotè pou Madivin, Masisi, Biseksyèl ak Transjan, yon òganizasyon ki reponn ak bezwen kominote LGBTQ+ nan Nouyòk, gen pwòp Gid Asirans pa li ki ka ede w jwenn plan asirans ki abòdab epi ki adapte ak bezwen sante pèsonèl ou.
Lè w fin chwazi yon opsyon asirans, chache klinik ak sant sante ki gen bon repitasyon.
Nan kat sa a NYC Health montre w tout founisè ki bay sèvis ki respekte kominote LGBTQ+ yo, tankou konsèy sikolojik, swen ki afime idantite seksyèl, swen jeneral, ak lòt sèvis. Men kèk lòt resous pou ede w nan pwosesis pou w jwenn pi bon swen sante.
Sant Sante Kominotè Callen-Lorde
Sa a se youn nan pi gwo founisè swen sante pou kominote LGBTQ+ yo. Yo ofri terapi òmòn, swen sante jeneral, sipò pou sante mantal, ak lòt sèvis ankò. Yo itilize yon sistèm pri adapte ak revni moun nan epi yo gen sant nan Chelsea, Bronx, ak Brooklyn. Ou ka vizite sit entènèt yo nan lyen sa pou plis enfòmasyon.
Planned Parenthood of Greater New York
Klinik gratis sa a bay tout moun swen, kèlkeswa laj, oryantasyon seksyèl, idantite oswa ekspresyon seksyèl, estati imigrasyon, oswa kapasite yo pou peye. Sèvis yo ka varye selon kote a, se poutèt sa yo gen yon kat kote ou ka antre kòd postal ou pou w jwenn sant ki pi pre w la. Aprann plis detay nan lyen sa.
Rezo Sante Kominotè
Klinik nan vil Nouyòk yo ofri swen sante jeneral ak sèvis swen sante pou moun trans, san yo pa gade estati imigrasyon pasyan an. Klike sou lyen sa a pou jwenn aksè ak sèvis yo.
Ki kote m ka jwenn èd pou sante mantal?
Sant kominotè pou madivin, masisi, biseksyèl ak trans (The Center)
Gwoup sipò sosyal yo se yon pati enpòtan nan sèvis sant sa a bay. Yo ofri pwogram sante ki fokis sou trètman kont depandans, konsèy sikolojik, gwoup reyabilitasyon, tès VIH/SIDA, ak edikasyon sante.Yo òganize tou divès evènman ki selebre istwa kominote yo nan vil la, kidonk se yon bon kote pou w kòmanse bati rezo sipò w. The Center ofri gwoup sipò kote moun ki gen menm eksperyans ede youn lòt, konsa tou li ofri klinik legal kote yo bay konsèy ak asistans sou kesyon lalwa.
Liy asistans sante mantal pou moun LGBTQ+ nan vil Nouyòk
Ou ka jwenn sèvis pa telefòn 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou chache èd oswa pran randevou. Men kèk opsyon:
- The Trevor Project: liy asistans pou prevansyon swisid pou jèn LGBTQ+, disponib 24/7 pa tèks, tchat oswa telefòn.
- 1-888-NYC-WELL: liy konfidansyèl vil Nouyòk la disponib nan plizyè lang.
- NYS 24/7 Crisis prevention Hotlines: rele 1-800-273-TALK (8255) oswa voye tèks GOT5 nan 741741.
Brooklyn Community Pride Center
Òganizasyon sa a ofri plizyè pwogram, evènman ak inisyativ k ap fèt kontinyèlman pou amelyore byennèt sosyal, fizik ak emosyonèl moun LGBTQ+ nan Brooklyn. Yo bay terapi endividyèl konfidansyèl ki respekte kilti moun, epi yo bay priyorite pou moun ki kalifye pou Medicaid ak Essentials Plans. Pou w konnen si w kalifye, ranpli fòmilè demann enfòmasyon sou entènèt la.
Nan lyen sa a w ap jwenn yon lis aplikasyon gratis pou sante mantal.
Konnen dwa w: kote pou fè chanjman non, jwenn èd legal, ak plis ankò
Fon pou defans legal ak edikasyon pou transjan
Òganizasyon sa a konsantre sou kominote transjan an. Li ede moun nan pwosesis chanjman non ak sèks sou dokiman ofisyèl, epi li bay sipò nan ka diskriminasyon nan travay. Yo depoze dosye ak opinyon legal pou ede tribinal la pran desizyon (sa yo rele amicus briefs) nan tribinal eta a ak tribinal federal nan tout peyi a pou defann dwa moun transjan ak nonbinè.
Anplis, òganizasyon an edike moun sou dwa legal yo, defann aksè egal nan swen sante, ankouraje aplikasyon lwa ki pwoteje moun, epi travay pou fè chanjman nan règleman konpayi asirans yo.
Pwojè Lwa Sylvia Rivera
Gwoup asistans legal sa a dedye pou sèvi moun transjan ki pa blan. Yo ofri reprezantasyon dirèk pou moun k ap chèche asistans nan dosye imigrasyon, chanjman non, ak lòt demach ki respekte idantite sèks yo. Anplis, yo defann moun ki nan prizon ki bezwen sipò legal nan men moun ki konprann epi respekte reyalite moun transjan.
Kote pou w jwenn abri
Vil Nouyòk ofri yon seri abri ki la pou kliyan LGBTQ+ yo, avèk sèvis pou imigran ak lòt moun vilnerab. Òganizasyon sa yo ki nan lis ki nan lyen sa bay tout bagay, soti nan abri ijans, lòjman ak sipò, rive nan konsèy, jesyon dosye, sipò pou sante mantal, ak èd pou jere zafè imigrasyon ak chanjman non. Yo tout se resous ki enpòtan anpil pou moun LGBTQ+ ki nan bezwen, sitou pou moun k ap fè fas ak enstabilite lòjman ak lòt baryè kòm imigran.
Finalman, pou lòt asistans tankou èd legal, konstriksyon kominotè, asistans ekonomik, aprantisaj lang anglè, oswa defans dwa, The Center konpile lis konplè sa a ki gen sèvis imigrasyon ki disponib nan Vil Nouyòk.