EEAP, ki se yon pwogram asistans pou ede peye kouran ak gaz nan Eta Nouyòk, ede fanmi ki gen revni mwayen oswa fèb yo diminye depans yo ak yon rabè fiks sou bil kouran ak gaz yo chak mwa. Kliyan ki kalifye yo kapab resevwa diferan nivo asistans selon kantite moun ki nan kay la, kantite lajan yo touche chak ane, ak konpayi yo itilize.
Pwogram sa a ki kòmanse nan mwa janvye, se yon pwojè eksperimantal k ap dire de (2) zan anndan Pwogram Asistans pou Enèji a (EAP) ki te deja egziste. EAP a disponib otomatikman pou fanmi ki enskri nan kèk pwogram asistans gouvènman an, tankou Home Energy Assistance Program (HEAP) oswa Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP). EEAP a pèmèt moun ki pa kalifye pou EAP a — swa paske lajan yo touche a twò wo oswa paske yo pa enskri nan lòt pwogram asistans gouvènman an — jwenn rabè sou fakti kouran ak gaz yo.
Ki moun ki kalifye pou benefis sa a?
Pwopriyetè kay ak lokatè yo kapab aplike pou benefis sa a. Fanmi yo dwe genyen yon kont aktif pou elektrisite oswa gaz, yo pa dwe deja enskri nan pwogram EAP estanda a, epi revni yo dwe antre nan limit pwogram nan mande a.
Ki nivo lajan maksimòm yon moun dwe touche pa ane?
Pa gen revni minimòm ki defini pou yon fanmi touche pou l konsidere kòm yon fanmi ki kalifye. Pwogram nan fèt pou ede moun ki touche jiska 100 pousan lajan an mwayèn nan Eta a (State Median Income). Sa vle di yon limit anviwon 69,477 dola pou yon fanmi ki gen yon sèl moun, epi jiska 133,609 dola pou yon fanmi ki gen 4 moun. Nivo sa yo ka varye selon konpayi k ap founi sèvis la. Se poutèt sa, li pi bon pou w verifye enfòmasyon yo sou sit konpayi an oswa soumèt yon demann pou w jwenn yon desizyon klè pou w konnen si w kalifye.
Kijan mwen ka aplike?
Fason ki pi rapid pou w aplike se sou sit aplikasyon an. Kliyan ki enterese yo ka voye aplikasyon yo pa lapòs oswa pa faks tou.
Pou kandidati ki soumèt pa lapòs oswa pa faks yo, telechaje epi enprime fòmilè aplikasyon an sou papye epi poste oswa fax li ansanm ak dokiman sipò yo. Si yon aplikasyon pa konplè, sa ka lakòz pwosesis la pran plis tan.
Aplikasyon yo disponib nan lang sa yo:
Si w ap voye lòt dokiman pa lapòs oswa pa faks, ou dwe mete nimewo yo te bay dosye w la si w te aplike sou entènèt. Nimewo sa a ka rele tou « nimewo referans ». Si w voye dokiman w yo san nimewo referans nan, sa ka lakoz reta nan tretman dosye w la.
Voye aplikasyon an pa lapòs nan adrès sa a:
CLEAResult – NY EEAP
16350 Felton Rd.
Lansing, MI 48906
Faks : 517-580-5123
Ki konpayi ki ka patisipe nan pwogram sa a?
Konpayi ki ka patisipe yo se:
- Central Hudson Gas & Electric
- Con Edison
- National Fuel
- National Grid
- NYSEG
- Orange & Rockland
- RG&E
Fanmi ki peye fakti kouran oswa gaz bay yon konpayi ki pa sou lis sa a ka kontakte konpayi pa yo a dirèkteman pou konnen ki kalite èd ki disponib pou ede yo peye fakti kouran ak gaz yo.
Ki dokiman ki nesesè?
Ou ka soumèt chèk travay ou, dokiman travay otonòm, oswa deklarasyon Sekirite Sosyal ak pansyon w kòm prèv lajan ou touche. Ou dwe bay ase dokiman pou w montre lajan konplè ou touche sou yon mwa. Ou dwe soumèt tout dokiman ki nesesè yo nan 14 jou apre ou fin fè demann nan. Sinon, y ap rejte demann ou an.
Èske gen èd ki disponib?
Si w gen kesyon pandan pwosesis aplikasyon an oswa si w rankontre nenpòt pwoblèm, ou ka jwenn èd nan nimewo 877-400-2501 oswa ekri nan nyeeap@clearesult.com.
Kisa k ap pase apre yo fin apwouve demann mwen an?
Si yo apwouve demann ou an, konpayi sèvis piblik ou a ap enfòme w otomatikman, epi w ap resevwa rabè EEAP a nan de (2) pwochen fakti w ap gen pou w peye yo. Si rabè a pa parèt apre de (2) fakti yo, ou ta dwe kontakte konpayi sèvis piblik ou a.
W ap rete enskri nan pwogram nan pandan 18 mwa, apati dat yo aplike kredi a sou bil sèvis piblik ou a. Pandan peryòd sa a, ou pa bezwen aplike ankò.
Èske mwen ka fè apèl si yo refize demann mwen an?
Wi. Si w pa dakò ak desizyon ki rejte demann ou an oswa si w panse yo fè yon erè, ou ka rele ajan EEAP yo nan 877-400-2501 pou diskite sou dosye w la. Ou kapab fè yon nouvo demann sou entènèt si sitiyasyon w chanje oswa si yo te refize demann ou an paske ou pa t bay tout dokiman sipò ki nesesè yo. Si, finalman, ou pa kalifye pou EEAP, kontakte konpayi sèvis piblik ou a dirèkteman pou konnen ki lòt fòm èd oswa opsyon pèman ki disponib.