Logo
Aug 10, 2026 | Aorui Pi

Sèvis asistans intèprèt pou imigran yo nan vil Nouyòk

Konprann kijan pou w mande sèvis entèpretasyon gratis nan ajans vil Nouyòk yo, sant sante yo, ak lè w ap fè aplikasyon pou lojman.

Lè w se yon imigran, ou ka santi w pa alèz lè w ap mande sèvis nan biwo, sitou si dwe kominike an anglè. 

Gen moun ki pase plizyè mwa, oswa menm plizyè ane, sou lis datant pou yo jwenn lojman nan pri abòdab san yo pa jwenn repons. Gen lòt ki oblije rele plizyè fwa pou pran yon senp randevou kay doktè. Menm depoze yon plent ka parèt difisil epi bay anpil tèt chaje.

Si ou menm oswa yon moun ou konnen bezwen mande èd nan lang li lè l ap chèche yon sèvis nan yon ajans vil Nouyòk, men kèk opsyon ki disponib.

Kijan mwen ka mande èd nan lang mwen?

  • Lè w ap vizite oswa rele yon ajans vil la, tankou biwo asistans sosyal, Medicaid, oswa biwo SNAP, ou ka toujou mande pou yo ede w nan lang ou. Ajans vil Nouyòk yo gen plizyè dokiman ki disponib nan omwens 10 lang, pami yo kreyòl ak fransè.
    • Ou ka di: “Mwen bezwen yon entèprèt ki pale Kreyòl. Entèprèt yo kenbe enfòmasyon w konfidansyèl. Yo konprann tèm ki konplike yo, epi yo tradui enfòmasyon yo ak presizyon.
  • Montre anplwaye ajans vil la kat “I Speak” ou a pou fè yo konnen ki lang ou pale.
  • Pou moun ki sèvi ak Lang Siy Ameriken an (ASL), Vil la ofri ASL Direct, yon sistèm apèl videyo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou ASL Direct sou sit entènèt Biwo Majistra a pou Moun ki gen Andikap.

Kijan mwen ka jwenn èd nan lang mwen pou fè demann lojman?

Pou w aplike pou lojman sibvansyone atravè Housing Connect, ou dwe kreye yon kont sou entènèt anvan ou ka voye aplikasyon an. Pwosesis sa a ka difisil pou anpil granmoun aje ki pa gen aksè ak zouti dijital oswa ki pa konnen kijan pou yo itilize yo.

Pou aplikasyon Housing Connect yo, gen gid etap pa etap ki disponib nan plizyè lang nan lyen sa a. W ap jwenn moun ki bay asistans gratis nan pwogram Housing Connect Ambassador pou ede w ranpli aplikasyon an nan lyen sa a.

Pou aplikasyon NYCHA yo, anplis aplikasyon sou entènèt la, rezidan yo ka pran yon randevou epi ale an pèsòn nan yon sant sèvis pou yo jwenn asistans.

Si w bezwen yon moun ede w fas a fas, ou ka kontakte òganizasyon kominotè ki ofri sèvis nan lang ou. Nou gen gid ki bay lis òganizasyon ki ofri sèvis an kreyòl ayisyen.

Èske mwen ka jwenn sèvis entèprèt pou swen medikal?

Ou gen dwa mande sèvis yon entèprèt gratis nan nenpòt sant swen sante. Si w ale nan youn nan sant NYC Health + Hospitals yo, yo ofri entèprèt gratis nan plis pase 300 lang, 24 sou 24, 7 jou sou 7. Yo ofri tou entèprèt pou Lang Siy Ameriken (ASL), ansanm ak dokiman enpòtan ki ekri an bray pou moun ki pa wè. Sèvis entèpretasyon yo disponib tou pa telefòn oswa atravè apèl videyo.

Pou w mande èd nan lang ou, ou ka sèvi ak aplikasyon ki sou telefòn ou oswa mache ak yon kat ki montre lang ou pale a, epi montre l bay ekip medikal la. Ou ka di ekip la tou ou bezwen yon entèprèt ki pale lang ou.

Mwen ta renmen vin yon entèprèt. Kijan mwen ka kòmanse?

NYC Community Interpreter Bank (CIB) se yon pwogram New York Immigration Coalition ap dirije, avèk finansman vil Nouyòk. Objektif li se fè plis sèvis disponib nan diferan lang nan tout vil la.

Pwogram nan rekrite, fòme, epi mete entèprèt disponib pou ede moun nan Nouyòk ki pa pale anglè byen. CIB ofri tou moun ki pale de oswa plizyè lang opòtinite pou yo fòme epi travay kòm entèprèt kominotè.

Si w enterese vin yon entèprèt kominotè, klike sou lyen sa a pou w kòmanse.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt