Èd espesyal yon sèl fwa (One Shot Deal)
- Kantite lajan: Li pa fikse, yo deside li selon chak ka
- Kiyès ki ka aplike: Nenpòt moun ka aplike, tankou moun ki gen TPS, moun k ap mande azil, ak paran san papye ki gen timoun ki sitwayen ameriken oswa ki gen rezidans. Fòk omwens youn nan moun nan kay la gen papye.
- Kijan pou w aplike: Ale nan yon biwo èd sosyal nan ki zòn ou, aplike sou entènèt sou sit HRA a, oswa telechaje aplikasyon mobil Access HRA a.
Pwogram One Shot Deal la se yon pwogram NYC Human Resources Administration (HRA) ki bay èd finansye yon sèl fwa nan ka ijans. Yo ka voye lajan an dirèkteman bay pwopriyetè kay la pou peye lwaye a oswa kòb ou dwe sou lwaye a, pou evite yo mete w deyò nan kay la.
Moun ki aplike a ka oblije montre prèv li kapab kontinye peye lwaye li alavni, epi yo ka mande li remèt yon pati nan lajan One Shot Deal la. Kantite lajan an depann de chak ka, selon bezwen moun nan ak desizyon anplwaye HRA a pran.
Moun ki kalifye yo ka aplike sou sit entènèt Access HRA a, nan aplikasyon mobil Access HRA a, oswa lè yo ale nan yon Sant Sèvis (Benefits Access Center). Moun ki aplike yo dwe nan yon sitiyasyon difisil, tankou:
- Li riske pèdi apatman li lwe a oswa kay pa li
- Yo koupe gaz oswa kouran lakay li, oswa li resevwa yon avi ki di yo pral koupe yo
- Li pèdi rad li, zafè pèsonèl li oswa mèb nan kay li akoz vòl, dife oswa yon katastwòf natirèl
- Li viktim vyolans domestik
- Li gen lòt pwoblèm ki ka mete sante oswa sekirite li oswa fanmi li an danje
Èd lajan atravè pwogram asistans tanporè pou fanmi ki nan bezwen (TANF)
- Kantite lajan: Li depann de zòn kote w ap viv la ak kantite moun ki nan fanmi an
- Kilès ki ka aplike : Sitwayen ameriken, kèk imigran, ak lòt moun ki pa sitwayen men ki ranpli kondisyon pwogram nan. W ap jwenn plis detay nan lyen sa a.
- Kijan pou w aplike: Aplike sou sit Access HRA a
Èd piblik, yo rele tou èd finansye, bay fanmi ki kalifye yo yon kantite lajan chak mwa pandan yon peryòd ki ka rive jiska 60 mwa, atravè pwogram federal asistans tanporè pou fanmi ki nan bezwen (TANF).
Pwogram nan ouvè pou fanmi ak moun ki pa paran adoptif (foster parents), men ki gen responsablite finansye pou yon timoun k ap viv lakay li. Tout moun k ap resevwa èd la dwe patisipe nan travay, lekòl oswa fòmasyon kòm kondisyon pou yo ka kontinye resevwa èd sa a.
Pwogram TANF la ouvè pou sitwayen ameriken ak kèk imigran. Moun ki pa sitwayen ameriken, ki pa gen papye, ansanm ak moun ki sou estati tanporè, ka sèlman kalifye pou èd lajan ki sèvi pou peye swen nan ka ijans medikal.
Dokiman sa a eksplike kijan fanmi yo ka kalifye pou plis lajan chak mwa nan diferan sitiyasyon, tankou lè yon moun ansent, lè fou oswa frijidè a pa mache epi sa anpeche yo kuit manje, oswa lè yo bezwen transpò piblik pou al travay.
Safety Net Assistance
- Kantite lajan: Li depann de zòn nan ak kantite moun ki nan fanmi an
- Kiyès ki ka aplike: Sitwayen ameriken, kèk imigran, ak moun k ap chache azil
- Kijan pou w aplike: Aplike sou sit Access HRA a
Safety Net Assistance (SNA) ki soti nan depatman sante eta Nouyòk bay èd finansye pou moun ak fanmi ki nan bezwen. Kantite èd yo bay la depann de “nivo bezwen” moun nan ak lòt revni li genyen. SNA louvri pou:
- Adilt ki pa gen depandan
- Koup ki pa gen timoun
- Timoun k ap viv poukont yo san paran
- Fanmi k ap fè fas ak adiksyon dwòg oswa alkòl
- Fanmi ki refize evalyasyon oswa tretman pou dwòg oswa alkòl
- Moun ki pa sitwayen men ki kalifye pou TANF
Moun k ap aplike pou SNA dwe pare pou travay pou yo ka resevwa èd la, paske gen tès ak evalyasyon sou travay ki fè pati pwosesis la.
Genyen tou yon limit nan kantite lajan ki disponib. Moun ki kalifye pou SNA yo resevwa lajan an kach pandan omwen 2 lane. Apre dezan, yo ka toujou resevwa èd SNA, men nan ka sa a, y ap voye lajan an dirèkteman bay pwopriyetè kay la oswa konpayi sèvis kouran oswa gaz moun nan.
Pwogram Prevansyon pou fanmi ki paka peye kay (FHEPS)
- Kantite lajan: Li depann de chak ka
- Kilès ki ka aplike: Fanmi ki gen timoun, ki deja ap resevwa asistans lajan, epi ki riske pèdi kay yo oswa ki nan lòt sitiyasyon difisil
- Kijan pou w aplike: Ale nan yon biwo NYC Human Resources Administration (HRA) nan zòn ou, oswa si w deja ap resevwa èd lajan, aplike sou entènèt sou sit HRA a
Pwogram Family Eviction Prevention Supplement (FHEPS) la egziste pou ede moun oswa fanmi ki riske pèdi kay yo peye mwa lwaye yo dwe, oswa jwenn yon lòt apatman si yo ta riske mete yo deyò. Fanmi ki kalifye yo dwe swa ap fè fas ak degèpisman oswa pèdi kay yo akoz vyolans domestik oswa lòt pwoblèm sante ak sekirite. Fanmi k ap chèche èd pou deplase akoz yon menas degèpisman ka jwenn èd tou pou ranpli fòm aplikasyon an lè yo kontakte founisè Homebase ki kalifye.
Hebrew Free Loan Society
- Kantite lajan: prè san enterè jiska 7,500 dola ki dwe remèt
- Kiyès ki ka aplike: Moun ki pa gen gwo revni k ap viv nan 5 awondisman Nouyòk yo, Westchester ak Long Island
- Kijan pou w aplike: Ranpli fòm aplikasyon prè HFLS la
Hebrew Free Loan Society ofri prè san enterè pou moun ki gen revni mwayen oswa revni yo fèb nan Nouyòk. Prè sa a pa sèlman pou moun ki fè pati kominote jwif la. Li disponib pou tout moun.
Pou w aplike, revni total fanmi an anvan taks dwe egal oswa pi ba pase limit òganizasyon an fikse selon kantite moun ki nan kay la. Limit sa ka rive jiska anviwon $130,000 dola ameriken pou yon sèl moun, epi prèske $246,000 dola pou yon kay ki gen 8 moun. Yo mande yon garanti (guarantor) pou tout prè general yo.
Òganizasyon an ofri tou lòt kalite prè pou bezwen espesifik, tankou depans pou adopsyon timoun, frè inivèsite, ranbouseman dèt, swen sante, ak tretman pou fè pitit.