Logo
Feb 24, 2026 | Documented.info

ICE arete w?  Rezo ijans kominotè yo nan Nouyòk ka ede w

Vin aprann kijan rezo selil ijans kominotè yo bay sipò ak asistans lèICE arete yon moun.. Konnen ki kalite èd yo ka bay ak kijan yo ka akonpaye moun nan moman ijans.

Ak sitiyasyon imigrasyon Etazini jounen jodi a, operasyon ICE yo fèt pi souvan. Menm si sa ka fè moun pè lè yo panse ICE ka met men sou yo, poze yo kesyon oswa menm arete moun ki pwòch yo, li enpòtan pou w sonje ou pa poukont ou. Gen anpil moun ak òganizasyon ki la pou ede w.

Selil ijans kominotè yo la pou mete moun an kontak ak òganizasyon, avoka ak lidè nan kominote a ki pare pou yo bay sèvis ak sipò nan sitiyasyon ijans.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an fevriye 2026. Yon premye vèsyon atik sa a te parèt sou ImportaMi.com.

Kilè mwen ka rele yon selil ijans kominotè ?

  • Pou w sinyale aktivite ICE (si w wè ajan ICE nan katye w oswa nan lari).
  • Si ICE frape pòt lakay ou oswa kanpe w.
  • Si ICE arete oswa kenbe yon manm fanmi w oswa yon moun pwòch ou. 

Ki kalite sèvis selil ijans kominotè yo bay?

Nimewo ijans

Pifò selil ijans kominotè yo gen yon nimewo telefòn ou ka rele. Ou ka rele pou w rapòte prezans ICE nan kominote w, pou fè yo konnen ICE kenbe w epi ou bezwen èd, oswa pou w mande èd pou w konekte ak resous lokal legal yo.

Obsèvatè kominotè
Obsèvatè kominotè yo ale sou plas kote ICE ap fè yon entèvansyon oswa yon arestasyon. Yo pran nòt epi dokimante sa k ap pase a pou yo ka ede w ak dosye legal ou a devan tribinal. Avoka w ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou entèvansyon an (tankou nimewo badj ajan ICE la, sa yo di w, si yo respekte dwa w, elatriye) pou l ka defann ou pi byen nan tribinal. Obsèvatè kominotè yo, an jeneral, se sitwayen ameriken ki ka ede reyini enfòmasyon sa yo san yo pa pè yo arete yo tou.

Asistans legal

Si ICE kenbe w, anpil selil ijans kominotè gen rezo avoka gratis oswa avoka a pri abòdab. Yo ka eseye mete w an kontak w ak asistans legal pou ede w ak dosye w la.

Sipò emosyonèl

Selil ijans yo ka mete w an kontak ak manm kominote a ki resevwa fòmasyon pou sèvi kòm ekip akonpayman. Ekip sa yo se sitwayen ameriken ki ka akonpaye w san danje nan tribinal oswa nan lòt rankont ak lapolis. Yo pa avoka epi yo pa ka bay konsèy legal, men yo ka rete bò kote w pou ede w gen mwens laperèz. Yo kapab ofri sipò ak akonpayman tou pou fanmi w si yo arete w. 

Sa w dwe sonje lè w ap rele yon selil ijans kominotè

  • Pifò selil yo pale omwen 2 lang oswa pale plizyè lang.
  •  Gen kèk selil ki gen yon sèl moun k ap reponn telefòn nan. Si liy lan okipe, sa vle di yo petèt deja ap pale ak yon lòt moun. Eseye rele ankò oswa kite yon mesaj vokal.

Selil ijans kominotè yo ap grandi, epi gen plis toujou k ap kreye. Si w pa wè yon rezo repons rapid bò lakay ou, verifye ak sant kominotè lokal ou oswa fè yon rechèch sou entènèt pou asire w si gen youn nan zòn ou an.

Selil ijans kominotè nan eta Nouyòk

New York State Immigration Hotline 1 (800) 566-7636

Selil ijans kominotè nan vil Nouyòk

Immigrant Defense Project (212) 725-6422

Hands Off NYC ICE Hotline  (229) 304-8720

The Legal Aid Society (844) 955-3425

Mayor’s Office of Immigrant Affairs Immigration Legal Support Hotline 1-(800) 354-0365

Rapid Response Legal Collaborative ranpli fòm kontak la

Selil ijans kominotè nan Rockland County 

Rockland Rapid Response Network (845) 510-5012 

Selil ijans kominotè nan Ulster County

Ulster Immigrant Defense Network (845) 293-3423

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt