Ann fè livrezon ansanm – Delivering Together, se yon nouvo pwojè Bibliyotèk Piblik Brooklyn (BPL) kreye espesyalman pou moun k ap delivre manje atravè aplikasyon nan vil Nouyòk. Bibliyotèk yo ofri espas ki an sekirite ak sipò nan Brooklyn kote livrè yo ka repoze, rechaje, epi jwenn divès kalite resous. Tout sèvis sa yo gratis.
Tout moun byenvini. Kit ou vin pran yon ti poz rapid, bwè dlo, oswa aprann yon nouvo bagay, Bibliyotèk Piblik Brooklyn la pou ou. Ou ka konsilte lyen sa.
Sa w ap jwenn nan nenpòt branch BPL
Ak 62 lokal nan tout Brooklyn, chak bibliyotèk akeyi livrè yo pou:
- Pran yon poz — pwoteje w kont move tan an epi repoze kèk minit.
- Chaje telefòn ou epi sèvi ak WiFi gratis.
- Sèvi ak twalèt yo epi ranpli boutèy dlo w.
- Patisipe nan pwogram gratis pou amelyore anglè w, aprann sou sèvis pou imigran, oswa patisipe nan aktivite fanmi ki amizan tankou Storytime.
- Fè kat bibliyotèk BPL ou gratis, ki ba w aksè ak plizyè milye liv, zouti pou repare bisiklèt, ak resous dijital.
Nan nèf branch bibliyotèk yo, pwogram Delivering Together a ofri plis avantaj toujou:
- Prete yon ti kit pou repare bisiklèt pou w pote avè w pandan w ap travay, ak kat bibliyotèk ou.
- Jwenn kote sekirize pou w estasyone bisiklèt ou ansanm ak zouti reparasyon.
- Patisipe nan atelye gratis sou sijè tankou sekirite sou wout, dwa travayè yo, ak aprantisaj lang anglè.
Men branch bibliyotèk kote w ka jwenn lòt resous sa yo:
- Bedford — 496 Franklin Ave
- Borough Park — 1265 43rd Street
- Brighton Beach — 16 Brighton 1st Road
- Dekalb — 790 Bushwick Avenue
- Jamaica Bay — 9727 Seaview Avenue
- Leonard — 81 Devoe Street
- Paedergat — 850 E. 59th Street
- Sunset Park — 5108 4th Avenue
- Williamsburgh — 240 Division Avenue
Pwogram sa a te kreye an patenarya ak Los Deliveristas Unidos, yon mouvman pou livrè ki sèvi ak aplikasyon òganizasyon Workers Justice Project mete sou pye.
Èske w te konnen ou pa bezwen sitwayen pou w jwenn yon kat bibliyotèk? Nenpòt moun ki rete nan vil Nouyòk kalifye. Men kijan pou w kòmanse.
Men kijan pou w jwenn resous sa yo
Pou w jwenn nenpòt nan resous sa yo, pwogram Delivering Together mete yon kat sou entènèt ki pèmèt ou chache branch bibliyotèk piblik Brooklyn ki pi pre w epi verifye si yo gen zouti pou repare bisiklèt disponib.
Klike sou lyen sa a pou w antre. Sèvi ak meni ki anba a pou w chwazi sa w ap chèche a: bibliyotèk, twalèt, oswa espas pou w estasyone bisiklèt. Pandan yo akeyi tout moun, ou pa ka pote bisiklèt ou anndan Bibliyotèk Piblik Brooklyn yo.