Logo
Aug 28, 2026 | Ralph Thomassaint Joseph

Eske imigran ka fè demann "child support"?

Estati imigrasyon w pa retire dwa w pou fè demann child support.

Nenpòt paran, gadyen legal, oswa moun k ap pran swen yon timoun ka fè demann pou l jwenn child support pou timoun nan nenpòt ki lè, kèlkeswa revni l oswa estati imigrasyon l. Li enpòtan pou w pale ak yon avoka anvan w soumèt demann lan, paske sa ka mennen w nan lòt pwosedi devan tribinal.

Ou ka mande tribinal la pou li egzije lòt paran an peye sa yo rele yon “pro-rata share” ki se pousantaj pwopòsyonèl nan depans medikal yo, asirans lan pa ranbouse. Sa ka gen ladan l depans medikal ak lòt depans asirans lan pa kouvri. Menm prensip la ka aplike pou kèk depans ki fèt pou lekòl ak gad timoun nan, tankou peye yon babysitter ak gadri. Pou depans gad timoun yo, moun k ap pran swen timoun nan dwe ba w yon lèt notarye ki presize kantite èdtan yo travay ak tarif yo touche a.  

Men sa w dwe konnen

  • Ou ka fè demann child support kit ou pa gen papye, kit ou gen DACA, oswa w gen green card. Ajans ki jere child support sèvi tout paran, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
  • Resevwa child support pa p ba w pwoblèm nan dosye imigrasyon w, epi li pa vyole règ “public charge” la  nonplis.
  • Pwosesis la ka konplike si lòt paran an ap viv nan yon lòt peyi. Etazini gen akò ak plizyè peyi, men egzekite lòd pèman yo difisil.
  • Si yon moun fè eksprè li pa peye child support, sa ka konsidere kòm yon mank “bon karaktè moral”, e sa ka afekte aplikasyon l pou sitwayènte.
  • Pale ak yon avoka anvan. Yon konsiltasyon legal ka ede w konprann avantaj ak risk yo anvan w kòmanse pwosesis la. 

Èske mwen ka fè demann child support si m pa gen papye oswa mwen pa sitwayen ameriken?

Wi. Estati imigrasyon w pa anpeche w fè demann child support.

Biwo sèvis child support (OCSS) nan vil Nouyòk sèvi tout paran ak gadyen legal, kèlkeswa revni yo oswa estati imigrasyon yo. Lalwa konsantre sou bezwen timoun nan ak responsablite paran yo genyen pou sipòte l, li pa baze sou sitwayènte.

Dapre Lisa Alexander, Direktris Family Law Domestic Violence Unit nan Staten Island Legal Services, tribinal fanmi an pa kontakte ICE oswa lòt ajans pou rapòte estati imigrasyon okenn moun. Nan dosye child support, epi an jeneral nan pifò dosye tribinal fanmi, estati imigrasyon an pa vrèman yon kesyon yo mande.

Nan eta Nouyòk, ou gen dwa resevwa child support apati jou w depoze demann lan, men yo pa konte ane ki te pase anvan yo.

Alexander bay egzanp sa a: si w gen yon timoun ki gen senk (5) ane epi w depoze demann lan jodi a, ou gen dwa resevwa child support a pati jodi a, men pa pou senk ane ki sot pase yo.

Èske fè demann child support oswa resevwa l ka afekte dosye imigrasyon m oswa fè yo konsidere m kòm yon “public charge”?

Non. Child support se yon dwa legal timoun nan genyen, se pa yon benefis sèvis sosyal.

Otorite yo pa konte child support kont ou lè y ap evalye “public charge”.

Alexander esplike : child support pa fè pati asistans piblik yo konsidere nan règ public charge la, paske se pa yon benefis gouvènman an bay. Se yon asistans ou legalman gen dwa pou w resevwa daprè lwa eta a pou ede w pran swen pitit ou.

Lajan child support ou resevwa a konsidere kòm revni fanmi an, epi li ka ede montre ke w gen yon sitiyasyon ekonomik ki estab nan yon dosye imigrasyon.

Men, règ public charge la ap chanje. Department of Homeland Security anile règ 2022 a, epi yon nouvo règ ap antre an aplikasyon 18 septanm 2026. Child support toujou pa yon benefis gouvènman an, kidonk resevwa l pa ta dwe lakoz okenn pwoblèm nan règ public charge la.

Alexander bay konsèy sa a: “si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid, li toujou itil pou w pale ak yon moun k ap defann dwa moun oswa yon avoka anvan w pran nenpòt desizyon.”

E si lòt paran an se yon sitwayen ameriken oswa li ap viv nan yon lòt peyi?

Ou ka toujou fè demann child support. Obligasyon peye pansyon an baze sou responsablite paran an anvè timoun nan, li pa depann de sitwayènte paran an. Daprè Alexander, si lòt paran an ap viv aletranje, pwosesis la ka pi konplike. Etazini gen akò ak plizyè peyi pou ede yo egzekite lòd child support. Men li kapab difisil pou fè lòt paran an ki nan yon lòt peyi, resevwa dokiman legal yo, pou rive fè desizyon tribinal la respekte. Epi chak peyi gen pwòp règ pa yo sou kijan sèvis child support dwe fèt.

Lajan pansyon an ap toujou rete kòm yon dèt, epi kantite lajan w dwe resevwa a ap kontinye ogmante. Men, sa ka pran tan pou w rive jwenn lajan an, epi pwosesis la ka mande kolaborasyon ant plizyè peyi.

Èske tribinal la ka egzije m peye child support si m pa gen otorizasyon travay?

Wi. Menm si w pa gen otorizasyon legal pou w travay, sa pa yon rezon ki pèmèt ou evite peye child support.

Tribinal la ap kalkile kantite pansyon an selon revni w ak sitiyasyon finansye w, menm si yo peye w an kach oswa anba tab.

Nan ka sa a, tribinal la ka:

  • Mande patwon w yon lèt ki montre konbyen yo peye w ak konbyen èdtan w travay;
  • Mande relve labank ou oswa istorik pèman w, tankou tranzaksyon sou Venmo oswa lòt aplikasyon menm jan an;
  • Poze plis kesyon si revni w deklare a pa koresponn ak depans ou yo. 

Alexander eksplike: tribinal la egzije yon deklarasyon finansye sou sèman. Li di pafwa enfòmasyon yo pa koresponn. Pa egzanp, si yon moun di li prèske pa touche anyen, men li gen gwo depans, tribinal la ka poze plis kesyon pou l konprann sitiyasyon an. 

Avoka a fè konnen tribinal fanmi nan Eta Nouyòk yo kapab tou fikse yon revni pou yon paran an. Sa vle di tribinal la ka deside konbyen li kwè paran an kapab touche an reyalite, selon faktè tankou travay li te konn fè anvan ak fason li viv, menm si paran an pa deklare revni sa a kounye a oswa li p ap travay.

Kisa k ap pase si m pa peye child support? Èske sa ka afekte dosye imigrasyon m?

Wi. Si w pa peye child support sa ka gen konsekans grav.

Ajan imigrasyon yo ka konsidere yon moun ki fè eksprè pou li pa peye oswa refize peye yon lòd child support tribinal te egzije l kòm yon faktè negatif, lè y ap deside si moun nan gen “bon karaktè moral”. Se youn nan bagay enpòtan yo mande pou w genyen pou w ka jwenn sitwayènte ameriken oswa kèk lòt benefis nan dosye imigrasyon.

Plis dèt child support yon paran ap monte, se plis eta Nouyòk ka sèvi ak diferan mwayen pou fòse l peye. Pa egzanp, yo ka: 

  • sispann pèmi kondui l
  • Pran lajan nan ranbousman taks li
  • Sezi byen l
  • Nan ka grav kote yon moun fè eksprè pou l pa peye, tribinal la ka menm bay lòd pou mete moun sa nan prizon pou jiska sis mwa.

Si w pa kapab peye kantite lajan yo te fikse a, ou ka depoze yon demann pou diminye montan child support la. Pa egzanp, si w pèdi travay ou san se pa fòt ou, sa ka sèvi kòm yon rezon pou w mande bese sou montan an. Men, si w kite travay ou sèlman paske w pa anvi kontinye travay la, sa pa konsidere kòm yon rezon valab.

Èske m dwe pwouve m se paran legal timoun nan pou m ka resevwa child support?

Wi. An jeneral, yo dwe etabli legalman kiyès ki paran timoun nan anvan tribinal la bay yon lòd child support. Nan eta Nouyòk, sa fèt sitou nan twa fason:

  • Maryaj: Si w te marye lè timoun nan te fèt, lalwa sipoze otomatikman mari oswa madanm ou se paran legal timoun nan.
  • Rekonesans patènite: Tou 2 paran yo siyen yon fòm rekonesans patènite, epi non lòt paran an parèt sou batistè timoun nan.
  • Pwosedi pou etabli patènite: Si patènite a poko etabli legalman, paran k ap mande pansyon alimantè a ka depoze yon demann pou etabli patènite nan tribinal fanmi. Si lòt paran an di li pa paran timoun nan, tribinal la ka bay lòd pou fè yon tès ADN. Apre sa, tribinal la ka bay yon Order of Filiation, sa vle di yon lòd ki etabli legalman kiyès ki paran timoun nan epi ki pèmèt tribinal la etabli yon lòd child support.

Tribinal yo aksepte kopi batistè ki soti nan lòt peyi, depi yo tradui epi sètifye. Alexander fè konnen biwo li a ede kliyan yo tradui dokiman sa yo epi soumèt yo bay tribinal la. 

Ki premye etap pou m fè demann child support? Ki dokiman mwen bezwen?

Premye bagay pou w fè se pale ak yon avoka. Lè w depoze yon demann pou child support, sa ka pouse lòt paran an fè yon demann pou gad timoun nan oswa dwa vizit, e gen dwa se pa sa w vle.

Men dokiman ou ta dwe rasanble anvan w depoze demann lan:

  • Batistè timoun nan 
  • Non, dat nesans ak adrès lòt paran an, si w konnen yo
  • Dokiman finansye w, tankou deklarasyon taks, chèk travay ak fòm W-2
  • Si w ap travay anba tab: yon lèt nan men patwon w ki montre konbyen yo peye w ak konbyen èdtan w travay
  • Prèv depans yo, tankou resi pou gad timoun, bòdwo medikal ak depans edikasyon

Nan Eta Nouyòk, ou ka depoze demann lan nan Biwo Child Support Services (OCSS) oswa nan Tribinal Fanmi. Ou gen dwa resevwa child support pou timoun nan jiskaske li gen 21 lane. 

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w fè demann child support nan Nouyòk nan gid ki nan lyen sa a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt