Nan Nouyòk, tou de (2) paran yo gen obligasyon daprè lalwa pou yo pran swen timoun yo jiskaske yo gen 21 an. Si youn nan paran yo refize peye pou bezwen timoun nan — tankou manje, rad, swen medikal ak edikasyon — moun k ap pote chay finansye a gen dwa fè yon demann pou alimantasyon nan Office of Child Support Services (OCSS) ki se Biwo Sèvis Alimantasyon pou Timoun.
Moun ki gadyen legal timoun nan kapab tou mande pou yo fikse, modifye oswa aplike yon desizyon tribinal konsènan alimantasyon. Y ap fikse montan final la dapre bezwen timoun nan ak sitiyasyon finansye paran an.
OCSS jere demann pou child support epi li sèvi tout paran ak gadyen legal timoun yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Men kijan pou w fè demann child support nan Nouyòk
Sou entènèt: Ranpli fòm enskripsyon sou sit eta Nouyòk la.
An pèsòn: Depoze fòm enskripsyon an nan Tribinal Fanmi (Family Court) yo deziyen pou sa oswa nan biwo OCSS ki nan youn nan 5 awondisman vil Nouyòk yo: Bronx, Brooklyn, Manhattan, Queens, oswa Staten Island.
Pa telefòn: Rele NYS Child Support Helpline nan (888) 208-4485, soti lendi rive vandredi, 8:00 a.m. rive 7:00 p.m.
Sant sèvis san randevou: Ale nan OCSS Customer Service Walk-In Center, nan 151 West Broadway, 4th Floor, New York, NY, soti lendi rive vandredi, 8:00 a.m. rive 6:00 p.m.
Ki sèvis OCSS ofri?
- Chache epi lokalize lòt paran an
- Etabli legalman kiyès ki paran timoun nan, si sa nesesè
- Bay lòd pou lòd child support ak asistans medikal
- Kolekte epi distribye pèman yo
- Asire egzekisyon lòd child support yo
Kijan sistèm child support la fonksyone nan vil Nouyòk?
Lè w fin soumèt yon demann, OCSS ede idantifye oswa lokalize paran ki pa gen gad timoun nan epi etabli lyen paran legal la si yo poko konfime patènite a. Sa ka mande pou yo fè tès ADN atravè Sèvis Patènite OCSS la. Apre yo fin konfime lyen paran an, dosye a ale nan Tribinal Fanmi, kote yo etabli yon lòd pou sipò timoun nan epi yo detèmine obligasyon pèman yo an fonksyon revni ak sitiyasyon fanmi an.
Child Support Calculator se yon zouti ou ka itilize pou w jwenn yon estimasyon sou kantite lajan yon paran ki pa gen gad timoun nan ka oblije peye nan Vil Nouyòk.
Apre yo fin bay yon lòd child support, OCSS jere koleksyon pèman ak ekzekisyon lòd la. Paran yo ka kontakte OCSS pa telefòn, imèl, lapòs. Yo kapab ale nan sant sèvis kliyantèl yo an pèsòn pou yo jwenn mizajou sou dosye a, poze kesyon sou pèman an, mande modifikasyon nan lòd ki egziste deja, plan pèman an, oswa asistans pou fè respekte lòd la.
Ajans lan gen resous sou sit child support vil ak eta Nouyòk la. Paran yo kapab jwenn enfòmasyon sou kont yo ak konsèy pandan tout pwosesis la.
Liy asistans pou child support eta Nouyòk la disponib soti lendi pou rive vandredi, ant 8:00 a.m. ak 7:00 p.m., nan nimewo 888-208-4485 oswa 866-875-9975 pou moun ki gen pwoblèm odisyon.
Kisa pwogram Career Track la ye?
Career Track se yon pwogram anplwa pou paran ki pa gen gad timoun ki gen yon ka child support nan vil Nouyòk. Travay ak fòmasyon disponib pou yo nan domèn konstriksyon, transpò, sipò ak operasyon swen sante, HVAC Green & Clean, sipò IT ak sibèsekirite. Moun yo ka jwenn plis sipò atravè pwogram sa a, tankou antrenè karyè endividyèl, èd pou CV, pratik entèvyou, sipò pou rechèch travay ak navigasyon sipò pou timoun.
Kandida ki enterese yo dwe voye yon imèl bay careertrack@hra.nyc.gov ki gen non konplè yo, nimewo dosye child support yo genyen nan vil Nouyòk la, ak enfòmasyon kontak yo.