Nan dat 25 jen 2026, Komisyon Gid Lwaye vil Nouyòk la te vote pou anpeche ogmantasyon pri lwaye pou kontra lwaye ki dire youn (1) oswa de (2) lane, pou anviwon yon milyon apatman ki gen lwaye kontwole dapre lalwa nan vil la.
Kisa blokaj pri lwaye a ye, e kijan li fonksyone?
Yon blokaj pri lwaye vle di otorite konsène yo pa pèmèt ogmantasyon sou pri lwaye yon lokatè gen pou l peye. Nan Vil Nouyòk, se NYC Rent Guidelines Board (RGB) ki vote sou lwa sa yo. Komisyon sa a responsab pou l fikse ajisteman lwaye pou “apeprè yon milyon apatman ki anba “Lwa ki Kontwòle Pri Lwaye nan Vil Nouyòk”.
Kilè blokaj pri lwaye a ap kòmanse?
Blokaj pri lwaye a ap kòmanse pou otòn sa a. Li konsène kontra lwaye ki kòmanse apati 1ye oktòb 2026 pou rive 30 septanm 2027.
Èske blokaj pri lwaye Nouyòk la konsène apatman mwen an?
Blokaj pri lwaye RGB deside a konsène sèlman lokatè ki abite nan apatman ki gen lwaye kontwole.
Kijan pou m konnen si apatman mwen anba lwaye ki kontwole?
Si w pa sèten apatman w lan gen yon lwaye stab, ou dwe kontakte NYS Division of Housing and Community Renewal (HCR). W ap bezwen ranpli fòm sa a epi tann anviwon 20 jou ouvrab pou w jwenn yon repons. Lè w jwenn repons lan, ou ka rele nan 311 epi mande “Tenant Helpline” pou w jwenn yon moun ki ka ede w konprann dokiman w resevwa yo epi konnen si apatman w lan gen lwaye stab. Si apatman w lan anba règleman lwaye kontwole, sa vle di lalwa mete yon limit sou kantite lajan yo ka mande w pou w peye kòm lokatè.
Pou w verifye estati apatman w lan li gid sa a nou prepare pou ou.
Kisa k ap pase si kontra lwaye mwen an renouvle anvan premye oktòb 2026?
Si kontra lwaye w renouvle anvan premye oktòb 2026, se règleman Rent Guidelines Board te adopte nan mwa jen 2025 lan k ap aplike. Reglèman sa a pèmèt yon ogmantasyon 3 pousan chak ane pou kontra lwaye ki dire yon (1) ane ak 4.5% pou kontra lwaye ki dire de (2) ane.
Èske blokaj la ap rete aprè 2027?
Sa ap depann de desizyon y ap pran alavni. RGB fè reyinyon ak odyans piblik chak ane pou deside si y ap ogmante pri lwaye nan apatman ki kontwole yo, epi, si wi, nan ki nivo.
Daprè lalwa tout moun gen dwa ale nan odyans piblik sa yo kèlkeswa estati imigrasyon yo. Chak moun genyen 2 minit pou yo pale devan komisyon an. Lalwa egzije RGB pou l òganize omwen yon odyans piblik anvan premyejiyè ki se dat komisyon an vote pou fikse règleman sou lwaye pou ane k ap vini an. Ane sa a, vòt la te fèt 25 jen.
Kisa m ka fè si pwopriyetè kay la monte pri lwaye a kanmenm?
Si w sispèk yo fè w peye twòp pou lwaye kay ou, ou ka depoze yon plent nan NYS Division of Housing and Community Renewal.
E si kay mwen an pa gen lwaye kontwole?
Menm si w pa abite nan yon apatman ki gen lwaye kontwole, ou toujou gen dwa kòm lokatè. Yo pa gen dwa mete w deyò ilegalman, anpeche w antre lakay ou, oswa menase w di w y ap fè ICE arete w.
Pou plis enfòmasyon sou kote w ka jwenn èd konsènan pwoblèm jeneral ki gen rapò ak lojman, gade gid sa a. Ou ka jwenn lòt kalite èd ak sipò pou lokatè tou nan lyen sa a.