Prepare w pou w antre nan domèn sa a nan bon moman kote nouvo lwa yo ap aplike. Gen pwogram fòmasyon gratis ki disponib nan vil Nouyòk.
Èske w se yon moun serye, ki vijilan, epi ki sousye pou sekirite moun?
Si wi, ou ka yon bon kandida pou travay kòm ajan sekirite ak yon salè ki kòmanse apati 17 dola lè.
Nouvo lwa ki pral antre an aplikasyon nan mwa janvye 2027 la, fèt pou asire yon salè ki jis pou ajan sekirite yo. Lwa sa yo montre salè minimòm nan epi li egzije patwon antrepriz prive yo peye ajan sekirite yo menm salè ak ajan k ap travay nan kontra piblik, e ba yo konje peye ansanm ak lòt avantaj.
Lisans lan obligatwa
Pou w travay kòm ajan sekirite nan Nouyòk, ou dwe konplete yon fòmasyon 8 èdtan avan w antre nan nenpòt ki antrepriz. Fòmasyon an se premye etap pou w jwenn lisans ou. Lè w fin suiv fòmasyon, w ap resevwa yon sètifika ki pèmèt ou fè yon demann lisans. Apre sa, gen yon fòmasyon 16 èdtan ki fèt sou 2 jou. Ou dwe suiv li 90 jou apre premye jou travay ou kòm ajan sekirite. Li prepare ajan an pou travay espesifik li gen pou l fè pou job sa a, selon kondisyon patwon an. Finalman, chak ane, ajan sekirite yo dwe pran yon nouvo fòmasyon 8 èdtan pou renouvle kalifikasyon yo.
Gen plizyè kote ki la pou ede patisipan yo nan pwosesis la. Premye a, ki konsidere kòm platfòm prensipal gouvènman vil Nouyòk la rekòmande, se Workforce 1.
Workforce 1
Pwogram sa a, se Depatman Sèvis pou Ti Entrepriz nan vil Nouyòk ki jere li. Sibvansyon fòmasyon endividyèl la bay patisipan yo yon èd finansye ki kouvri tout sa yo bezwen pou yo jwenn lisans ajan sekirite Nouyòk la — soti nan frè kou yo rive nan frè anprent dijital ak depans pou depoze demann lisans lan.
Kijan sa mache:
- Enskri sou entènèt oswa an pèsòn nan yon sant Workforce 1 Career Center, ki genyen nan chak awondisman nan Nouyòk.
- Rankontre ak yon konseye epi pase yon evalyasyon.
- Si yo apwouve w (nan 30 jou), w ap resevwa èd finansye pou pran fòmasyon an gratis.
Kondisyon minimòm pou moun ki enterese yo se: ou dwe genyen 18 ane pou pi piti, gen yon diplòm segondè oswa ekivalan li, gen yon CV epi fòk se yon moun k ap chache travay aktivman.
Si yo detèmine elèv la kalifye, li pral resevwa yon finansman ki valab nan nenpòt lekòl fòmasyon Workforce 1 apwouve, tankou United Security Training Center ak Star Security Training, pou kouvri depans fòmasyon yo. An jeneral, fòmasyon an dwe dire 2 semèn.
CAMBA
CAMBA se yon òganizasyon kominotè ki gen anplwaye ak volontè k ap bay sèvis pou l konekte moun ak opòtinite ki kapab amelyore kalite lavi yo. Òganizasyon an gen yon sant fòmasyon pou ajan sekirite. Se Depatman Sèvis Jistis Kriminèl Eta Nouyòk la ki ba li otorizasyon fonksyònman. CAMBA bay elèv yo de fwa kantite èdtan fòmasyon lalwa egzije a pou moun ki bezwen plis tan pou yo konprann pwogram nan oswa plis asistans pou yo ranpli dokiman lisans yo. Pwogram nan kouvri plizyè domèn tankou redaksyon rapò, repons ijans, sèvis kliyan, prevansyon krim, ansanm ak yon kou espesyalize sou sekirite nan domèn sèvis sosyal.
Elèv ki reyisi fòmasyon an kapab jwenn aksè ak pwogram ki prepare yo pou yo antre sou mache travay la ansanm ak sipò pou yo jwenn djòb.
Kondisyon pou w patisipe yo se prèv otorizasyon travay ak diplòm segondè oswa yon ekivalan.
Moun ki enterese yo kapab ale nan biwo CAMBA ki nan 2244 Church Ave., Brooklyn, osnon rele nan nimewo sa yo ki se: 718-282-0108 x 66106.
Sant Opòtinite edikasyonèl nan Queens
An kolaborasyon ak CUNY, Sant Opòtinite edikasyonèl nan Queens (Queens Educational Opportunity Center) ap bay yon fòmasyon gratis a distans pou ajan sekirite. Klas yo ap kòmanse nan mwa mas 2026 la. Patisipan yo ap resevwa tout fòmasyon sètifikasyon nòmal yo (fòmasyon 8 èdtan avan afektasyon an, fòmasyon 16 èdtan sou travay la) ansanm ak akonpayman pou yo jwenn djòb. Moun ki enterese ak fòmasyon sa a kapab enskri sou entènèt, an pèsòn, oswa vityèlman.
Kondisyon pou w patisipe yo se: moun ki gen 18 lane oubyen plis, ki pa lekòl nan moman aplikasyon an, ki pa gen okenn entèdiksyon travay, ki satisfè kondisyon kalifikasyon EOC yo, epi ki genyen yon kat sekirite sosyal ki valab oswa yon lòt otorizasyon travay.