Daprè Sant pou kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), gen gwo diferans nan jan chak fanm pote gwosès yo, e akouchman kapab youn nan eksperyans ki pi bèl nan lavi yon fanmi. Konsa tou, li kapab konplike epi pote laperèz, espesyalman pou fanm ki fè pati gwoup rasyal minoritè yo Etazini, ki gen yon to lanmò matènèl ki pi wo pase lòt gwoup yo (kantite lanmò pou chak 100 000 nesans vivan).
Plizyè etid montre prezans yon fanm saj pandan gwosès la pou rive jou akouchman an ka amelyore rezilta akouchman yo. Akonpanyatris oswa fanm saj la se yon moun ki resevwa fòmasyon pou bay sipò, konsèy ak akonpayman ki pa medikal pandan gwosès ak akouchman. Sipò sa yo kapab ede bese kantite sezaryèn, akouchman twò bonè, epi fè tranche fanm yo dire mwens tan.
Yo prevwa demann pou fanm saj ap ogmante jiska 16 pousan anvan ane 2029. Yon akonpayatris Etazini touche an mwayèn ant 40 000 ak 50 000 dola pa ane. Sepandan, revni sa a ka pi wo selon eksperyans li, kantite tan li disponib pou travay, ak kote l ap viv. Nan vil Nouyòk, yon akonpanyatris touche an mwayèn anviwon 43 dola lè, sa ki reprezante apeprè 89 000 dola pa ane anvan taks, si moun nan travay 40 èdtan pa semèn pandan tout ane a san konje.
Kidonk, si w ap reflechi sou yon karyè kòm fanm saj, men kèk enfòmasyon enpòtan sou opsyon ki disponib pou ou nan vil Nouyòk. Gen plizyè pwogram fòmasyon gratis oswa a pri abòdab ki disponib atravè òganizasyon kominotè, CUNY ak inisyativ vil Nouyòk nan domèn sante matènèl.
Ki diferan kalite fanm saj ki genyen?
Fanm saj pou akouchman
Lè yo pale de fanm saj, souvan, se de yon akonpayatris pandan akouchman y ap pale. Akonpayatris sa yo bay sipò anvan, pandan ak tousuit apre akouchman an. Yo ede moun ansent yo prepare yo pou akouchman, bay tete, epi pafwa menm pou kèk aspè nan lavi kòm paran. Pandan pwosesis akouchman an ak jou akouchman an, yo bay konsèy sou fason pou w pozisyone kò w, teknik respirasyon ak metòd detant pou ede manman an pase etap sa a pi fasil.
Fanm saj oswa akonpayatris apre akouchman
Akonpayatris apre akouchman ede fè tranzisyon ant gwosès ak lavi kòm manman vin pi fasil. Yo bay swen ak sipò pandan premye jou apre nesans yon ti bebe. Yo ede manman an reprann fòs li fizikman ak emosyonèlman apre akouchman, bay konsèy sou bezwen ak konpòtman tibebe a, epi sou fason pou ranfòse relasyon ant paran ak pitit. Yo ka ede tou ak kèk travay nan kay la pou paran an ka jwenn tan pou repoze epi reprann fòs li.
Akonpayatris kominotè
Akonpayatris kominotè yo bay fanmi yo sipò ak konesans ki respekte kilti ak reyalite kominote yo pandan gwosès, akouchman ak peryòd apre akouchman an. Souvan yo soti nan menm kominote, kilti oswa yo pale menm lang ak moun y ap ede yo. Yo la pou sipòte ak gide fanmi yo, ede yo idantifye bezwen yo, epi mete yo an kontak ak resous kominotè tankou kouchèt gratis, pwogram distribisyon manje ak sèvis sipò pou lojman stab.
Ki kondisyon pou pwogram fòmasyon fanm saj yo?
Menm si diplòm oswa lisans Leta a pa souvan obligatwa, li rekòmande pou w genyen omwens yon sètifika. Gen kèk pwogram ki mande pou patisipan yo gen omwens diplòm lekòl segondè oswa ekivalan an, genyen 18 ane pou pi piti, epi suiv kèk etap fòmasyon tankou atelye debaz, ansanm ak fòmasyon sou alètman ak reyanimasyon kadyopilmonè (RCP).
Ki kote mwen ka jwenn fòmasyon gratis oswa a pri abòdab pou vin yon fanm saj?
Medgar Evers College & NYC Her Future: Pwogram fòmasyon sa a ki dire 10 semèn epi ki gratis, fèt sou kanpis CUNY nan Brooklyn (1638 Bedford Avenue). Li ouvè pou tout moun, epi li pèmèt patisipan yo aprann baz akonpayman fanm ansent pandan ak apre akouchman. Pwogram nan gen ladan l eksperyans pratik, kou nan sal klas, teknoloji similasyon ak egzèsis pratik. Pwochèn sik la ap kòmanse nan mwa septanm. Moun ki enterese yo ka kontakte doktè Daniels pou plis enfòmasyon nan nimewo: 917-684-5148.
- Ki kote: Medgar Evers College, 1638 Bedford Avenue, Brooklyn NY 11225
- Pri: Gratis
- Ki kote pou w aplike: Rele 917-684-5148 nan mwa dawout 2026 oswa voye yon demann enfòmasyon.
NYC Health Citywide Doula Initiative: Depatman sante vil Nouyòk finanse yon pwogram fòmasyon kominotè ki gen pou objektif ogmante kantite fanm saj nan katye ki pa gen ase sèvis sante. Moun ki pale plizyè lang oswa ki rete nan zòn ki nan “Taskforce for Racial Inclusion and Equity” yo jwenn priyorite.
Atelye gratis sa a ki dire plizyè jou fèt yon fwa pa ane. Pwochen sik fòmasyon an ap louvri an 2027. Moun ki enterese yo ka rele 844-OK-DOULA oswa voye imèl bay cdi@health.nyc.gov. Apre fòmasyon an kandida ki pase klas la ak siksè pral anrejistre nan yon pwogram staj pou sis (6) mwa ak youn nan huit (8) pwogram CDI yo pou yo kontinye jwenn fòmasyon ak opòtinite pou devlopman profesyonèl.
- Ki Kote: A detèmine
- Pri: Gratis
- Ki kote pou w aplike: Rele 844-OK-DOULA oswa voye imèl bay cdi@health.nyc.gov .
Maternal Health and DONA Doula Training Program (Kingsborough Community College): Kingsborough Community College (ki fè pati CUNY) ofri yon kou 48 èdtan sou sante matènèl kote etidyan yo resevwa fòmasyon pou vin akonpayatris pandan akouchman. Yo aprann konesans debaz sou gwosès, akouchman ak swen apre akouchman.
Pou w antre nan pwogram nan, ou bezwen omwens yon diplòm lekòl segondè (oswa ekivalan) epi ou dwe gen 18 ane pou pi piti. Etidyan ki fini kou sa a ap resevwa yon sètifika CUNY nan domèn Sante Matènèl, ansanm ak sètifika DONA pou kou sa yo: “Entwodiksyon nan akouchman pou fanm saj,” “Fòmasyon sou sipò pou bay tete,” ak “Fòmasyon DONA International pou akonpayatris akouchman.”
Fòmasyon an koute 575 dola, epi gen yon frè enskripsyon 25 dola. Moun ki enterese yo ka aplike sou sit entènèt admisyon CUNY a.
- Kote: Kingsborough Community College, 2001 Oriental Boulevard, Brooklyn
- Pri: 575 dola, plis 25 dola pou enskripsyon
- Ki kote pou aplike: Sou sit entènèt admisyon CUNY a.