Logo
Aug 18, 2026 | Anastasia Tomkin

Men kijan yon imigran ka fè demann "child support" Nouyòk

Nan Nouyòk, tou de (2) paran yo gen obligasyon daprè lalwa pou yo pran swen timoun yo jiskaske yo gen 21 an. Si youn nan paran yo refize peye pou bezwen timoun nan — tankou manje, rad, swen medikal ak edikasyon — moun k ap pote chay finansye a gen dwa fè yon demann pou alimantasyon nan Office of Child Support Services (OCSS) ki se Biwo Sèvis Alimantasyon pou Timoun. 

Moun ki gadyen legal timoun nan kapab tou mande pou yo fikse, modifye oswa aplike yon desizyon tribinal konsènan alimantasyon. Y ap fikse montan final la dapre bezwen timoun nan ak sitiyasyon finansye paran an.

OCSS jere demann pou child support epi li sèvi tout paran ak gadyen legal timoun yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo.

Kijan mwen ka aplike pou child support?

Pou w fè demann child support nan vil Nouyòk, ou ka ranpli fòmilè enskripsyon eta Nouyòk la sou entènèt pou w ouvri yon dosye.

Ou ka fè demann lan an pèsòn tou. Ou dwe ale nan Tribinal Fanmi nan zòn ou rete a oswa nan biwo lokal distri a, si fanmi w ap resevwa asistans lajan (cash assistance, an anglè) nan sèvis sosyal. W ap soumèt fòmilè enskripsyon an ak fòmilè Family Safety Screening lan.

An jeneral, yo fikse yon randevou pou entèvyou inisyal avèk paran k ap resevwa kash asistans yo nan biwo OCSS distri yo. Moun ki pap resevwa kash asistans yo ale dirèkteman nan Tribinal Fanmi.

Kijan sistèm child support la fonksyone nan vil Nouyòk?

Lè w fin soumèt yon demann, OCSS ede idantifye oswa lokalize paran ki pa gen gad timoun nan epi etabli lyen paran legal la si yo poko konfime patènite a. Sa ka mande pou yo fè tès ADN atravè Sèvis Patènite OCSS la. Apre yo fin konfime lyen paran an, dosye a ale nan Tribinal Fanmi, kote yo etabli yon lòd pou sipò timoun nan epi yo detèmine obligasyon pèman yo an fonksyon revni ak sitiyasyon fanmi an.

Child Support Calculator se yon zouti ou ka itilize pou w jwenn yon estimasyon sou kantite lajan yon paran ki pa gen gad timoun nan ka oblije peye nan Vil Nouyòk.

Apre yo fin bay yon lòd child support, OCSS jere koleksyon pèman ak ekzekisyon lòd la. Paran yo ka kontakte OCSS pa telefòn, imèl, lapòs. Yo kapab ale nan sant sèvis kliyantèl yo an pèsòn pou yo jwenn mizajou sou dosye a, poze kesyon sou pèman an, mande modifikasyon nan lòd ki egziste deja, plan pèman an, oswa asistans pou fè respekte lòd la.

Ajans lan gen resous sou sit child support vil ak eta Nouyòk la. Paran yo kapab jwenn enfòmasyon sou kont yo ak konsèy pandan tout pwosesis la.

Liy asistans pou child support  eta Nouyòk la disponib soti lendi pou rive vandredi, ant 8:00 a.m. ak 7:00 p.m., nan nimewo 888-208-4485 oswa 866-875-9975 pou moun ki gen pwoblèm odisyon.

Kisa pwogram Career Track la ye?

Career Track se yon pwogram anplwa pou paran ki pa gen gad timoun ki gen yon ka child support nan vil Nouyòk. Travay ak fòmasyon disponib pou yo nan domèn konstriksyon, transpò, sipò ak operasyon swen sante, HVAC Green & Clean, sipò IT ak sibèsekirite. Moun yo ka jwenn plis sipò atravè pwogram sa a, tankou antrenè karyè endividyèl, èd pou CV, pratik entèvyou, sipò pou rechèch travay ak navigasyon sipò pou timoun.

Kandida ki enterese yo dwe voye yon imèl bay careertrack@hra.nyc.gov ki gen non konplè yo, nimewo dosye child support yo genyen nan vil Nouyòk la, ak enfòmasyon kontak yo.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt