Logo
Sep 15, 2026 | Anastasia Tomkin

Sa w dwe konnen sou rediksyon nan bidjè pwogram Essential Plan an

Apati 1ye jiyè 2026, gen anviwon 450 mil moun nan Nouyòk ki pèdi pwoteksyon asirans "Essential Plan" yo akoz rediksyon nan finansman federal.

Essential Plan se yon opsyon asirans sante pou moun Nouyòk ki pa fè gwo kòb epi ki pa kalifye pou Medicaid. Gen 1.7 milyon moun Nouyòk ki depann de pwogram sa a ki gen avantaj tankou: swen prevantif gratis epi w pa p peye okenn frè chak mwa. Apati premye jiyè 2026, yo estime anviwon 450,000 moun nan Nouyòk pèdi pwoteksyon Essential Plan an akoz rediksyon nan finansman federal ki soti nan lwa administrasyon Trump la ki rele “One Big Beautiful Bill Act” oswa OBBBA. Sa ka lakoz yo oblije peye plis lajan pou swen sante.

Ki chanjman k ap fèt nan Essential Plan an?

Apati premye jiyè 2026, moun k ap viv Nouyòk ki gen yon revni ant 200% ak 250% Nivo Povrete Federal (FPL) la chak ane — sa vle di moun k ap viv poukont yo ki touche ant $31,920 ak $39,900 pa ane — pap kalifye ankò pou pwogram asirans Essential Plan an. Otorite yo te voye lèt bay tout moun ki konsène yo. Lèt sa yo gen enstriksyon sou fason pou yo jwenn yon nouvo pwogram asirans sante.

VALÈ MOUN KI NAN FANMI AN200% FPL(REVNI ANYÈL)
131,920 dola
243,280 dola
354,640 dola
466,000 dola

Sous: Depatman sante Nouyòk

Kijan chanjman sa yo afekte moun ki benefisye pwogram DACA a?

Chanjman sa yo pral gen yon enpak pi grav sou moun ki enskri nan asirans lan epi ki anba pwogram DACA a.

Moun ki benefisye DACA epi ki gen yon revni ki depase 138% FPL la — sa vle di moun k ap viv poukont yo epi ki touche plis pase $22,024 pa ane — pap kalifye pou okenn pwogram asirans leta. Kapab gen eksepsyon si gen gwo chanjman nan lavi yo ki pèmèt yo kalifye tankou chanjman enpòtan nan revni yo, nan konbyen moun ki gen nan fanmi yo, oswa nan estati imigrasyon yo ki ka fè yo antre nan kategori moun ki ka jwenn asirans lan. Yo ka rapòte chanjman sa yo nan yon aplikasyon sou entènèt oswa rele 1-855-355-5777 (TTY: 1-800-662-1220) pou yo mande enfòmasyon sou kalifikasyon yo pou asirans lan.

Gen eksepsyon pou moun ki benefisye DACA epi ki ansent, oswa moun ki te akouche ant mwa dawout 2025 ak mwa jen 2026. Moun sa yo ap jwenn asirans Medicaid apati premye jiyè 2026, san yo pa bezwen fè okenn demann espesyal pou chanjman sa a fèt.

Y ap transfere moun ki benefisye DACA yo epi ki gen yon revni ki egal oswa pi ba pase 138% nivo povrete federal la ($22,024 pou yon moun) nan pwogram Medicaid apati premye jiyè 2026.

Èske gen kèk eksepsyon pou chanjman sa yo?

Gen yon eksepsyon enpòtan pou moun ki ansent. Gen kèk ladan yo k ap ka kenbe asirans yo kèlkeswa revni anyèl yo. Moun ki ansent epi ki enskri nan asirans lan, si dat akouchman yo prevwa anvan premye janvye 2027, ap rete enskri nan Essential Plan pou rès peryòd gwosès yo ak pou peryòd 12 mwa apre akouchman an. Moun ki ansent epi ki gen pou akouche apre premye janvye 2027 pral transfere nan Medicaid nan dat premye jiyè 2026.

Pou moun yo retire nan pwogram nan, ki lòt opsyon yo genyen pou asirans sante?

Moun ki pral pèdi pwoteksyon Essential Plan yo ka enskri nan yon Plan Sante Kalifye. Nan ka sa a, yo ka gen pou peye pi chè ak plis depans pèsonèl. Moun ki konsène yo gen jiska 30 dawout 2026 pou yo enskri san yo pa gen yon peryòd kote yo pa gen pwoteksyon.

Pri total asirans sante atravè yon “Plan sante kalifye” depann de:

  • Revni fanmi an
  • Kote fanmi an rete
  • Chwa plan an

Gen kèk moun ki ka kalifye pou kredi taks federal sou pri asirans yo; kredi sa a bese pri yo gen pou yo peye chak mwa a. Pa egzanp, yon moun k ap viv poukont li nan vil Nouyòk epi ki touche 35,910 dola pa ane (sa vle di 225% nan Nivo Povrete Federal oswa FPL) ap kalifye pou yon kredi taks 637 dola pa mwa; konsa, l ap kapab peye 230 dola pa mwa pou yon plan “Silver” (ki sèvi kòm referans).

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w enskri nan yon Plan sante kalifye ou ka:

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button Bluesky Share Button WhatsApp Share Button Instagram Share Button TikTok
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt