Dènye mizajou fèt nan gid sa a nan mwa Jiyè 2026.
Depatman Sante Eta Nouyòk estime youn sou chak senk moun k ap viv nan Nouyòk gen sentòm twoub sante mantal chak ane. Gen plizyè santèn milye nan moun sa yo ki pa gen aksè ak swen, alòske y ap fè fas ak inegalite sosyal ki fè yo bezwen plis sipò.
Maladi mantal yo varye nan gravite, epi yo ka mande diferan apwòch pou yon moun kenbe sante mantal li an bon eta. Malgre moun ka adopte pratik swen pèsonèl pou ede jere emosyon yo, gen moman kote asistans espesyalis nan domèn nan enpòtan anpil pou diminye kriz sikolojik.
Documented rasanble yon lis òganizasyon ak gwoup ki ofri opsyon a pri abòdab, ki aksepte Medicaid, oswa ki bay sèvis gratis pou moun k ap chèche sipò sikolojik. Òganizasyon ki nan lis la ofri sèvis an anglè, espanyòl, ak plizyè lòt lang. Nou rekòmande pou w kontakte òganizasyon yo dirèkteman pou w ka jwenn plis detay sou sèvis y ap ofri yo. Nan ka ijans, toujou rele 911.
Adelphi University – Sant pou Sèvis Sikolojik.
Yon klinik sante mantal ki bay psikoterapi, evalyasyon sikolojik, ak sèvis sipò pou timoun, adolesan, ak granmoun.
Telefòn: (516) 833-8025 | 75 Varick Street New York, NY 10013
Catholic Charities – Sant Sante Konpòtmantal
Sant Sante Mantal Catholic Charities yo ofri kliyan yo swen pou sitiyasyon kriz 24 sou 24, 7 jou pa semèn, 365 jou pa ane. Yo ede stabilize ak trete kliyan yo nan yon kad klinik.
Telefòn: (718) 722-6001 | Imèl: info@ccbq.org
Crisis Services/Mental Health: Ekip Mobil pou Kriz
Yon ekip mobil pou kriz se yon gwoup pwofesyonèl sante—tankou enfimyè, travayè sosyal, ak sikyat—ki al lakay moun pou bay sèvis sante mantal nan sitiyasyon kriz. Ou ka mande èd yon ekip mobil pou kriz si w gen enkyetid pou yon manm fanmi w, yon zanmi, oswa yon moun ou konnen k ap viv yon kriz sikolojik (oswa ki riske fè youn). Ou ka mande yon ekip pou tèt ou tou.
Pou w mande yon ekip, rele NYC Well. Ekip mobil pou kriz yo reponn demann ki fèt ant 8:00 nan maten ak 8:00 nan aswè. An jeneral, yo fè yon vizit an pèsòn nan espas dezèdtan.
Telefòn: 988
Yon pwogram rechèch ki ofri evalyasyon gratis sou sante mantal ak kapasite aprantisaj pou timoun ki gen ant 5 ak 21 ane. Fanmi k ap patisipe yo ap gen kat a senk randevou avèk yon espesyalis ki gen lisans ansanm ak ekip rechèch li. Fanmi yo ap resevwa yon rapò konplè sou kapasite pitit yo, yon konsiltasyon pou diskite rezilta yo, epi rekòmandasyon pou lòt tretman si sa nesesè. Pwogram nan bay referans tou pou doktè lokal ak lòt sèvis.
Tel: (212) 308-3118 | Liy dirèk: (347) 694-4357 | Adrès: 286 Malcolm X Blvd. New York, NY 10027
NAMI NYC Chapter – Alyans Nasyonal pou Maladi Mantal
NAMI-NYC gen yon liy asistans ki disponib soti lendi pou rive vandredi, ant 10:00 a.m. ak 5:00 p.m. Gen moun ki disponib tou pou reponn mesaj tèks sou entènèt atravè bwat mesaj ki sou sit entènèy yo a. Liy asistans pou adolesan yo a fèt pou jèn ki gen ant 14 ak 18 an.
NAMI-NYC patwone yon pwogram ki rele “Parent-Match,” kote li òganize gwoup sipò pou paran timoun ki gen bezwen espesyal, epi li ofri anpil lòt pwogram ki gratis oswa ki pa koute chè. Telefòn: 212-684-3264
NYC 988 – Sèvis Kriz ki Gratis epi Konfidansyèl
NYC 988 ofri konsèy gratis epi konfidansyèl pou sitiyasyon kriz, sipò pou sante mantal ak pwoblèm adiksyon alkòl ak dwòg, enfòmasyon, ak referans. Ou ka kontakte liy asistans gratis sa a 24 sou 24, 7 jou sou 7, pa telefòn, mesaj tèks, oswa chat sou entènèt. Pwofesyonèl sante mantal yo ka mete w an kontak ak sèvis ou bezwen yo.
Telefòn oswa mesaj tèks: 988 | Telefòn: 988, peze 2 pou sèvis an espanyòl | Sèvis entèpretasyon disponib nan plis pase 200 lang | TTY: 711, epi apre sa 988 | Chat: 988lifeline.org/chat
Ale nan nyc.gov/988 pou jwenn sèvis.
NYC Health + Hospitals
Atravè pwogram NYC Cares la, lopital ki nan rezo NYC H+H yo ofri moun k ap viv Nouyòk yo sèvis medikal gratis oswa a pri redui (ki gen ladan l swen sante mantal), kèlkeswa sitiyasyon travay yo, estati imigrasyon yo, oswa istwa medikal yo. Pou w aplike pou w vin manm, klike sou lyen ki anwo a oswa rele 1-646-692-2273.
NYPCC – Sèvis Sante Mantal
New York Psychotherapy and Counseling Center (NYPCC) se yon òganizasyon ki bay sèvis sante mantal pou timoun, adolesan, ak granmoun nan vil Nouyòk yo. NYPCC trete yon pakèt pwoblèm sante mantal, tankou anksyete ak strès, twoub bipolè, depresyon, psikoz ak skizofreni, adiksyon, twomatis ak abi. Yo gen biwo nan Queens, Brooklyn, ak Bronx.
Pou w pran yon randevou, ranpli fòmilè dijital yo a oswa rele biwo ki pi pre w la.
SBH Behavioral Health – Klinik Sante Mantal pou adilt (AOC)
SBH BehavioralHealth – Yon klinik sante mantal ki ofri granmoun (ki gen 18 an oswa plis) sèvis sikoterapi endividyèl, familyal, ak an gwoup, ansanm ak sèvis jesyon medikaman.
Telefòn: (718) 960-3730 | Adrès: 2021 Grand Concourse, 9yèm Etaj, Bronx, NY 10453
National Suicide and Crisis Lifeline
(Liy Nasyonal pou Prevansyon Suisid ak Kriz) Liy sa a ofri sipò gratis e konfidansyèl 24 sou 24, 7 jou sou 7, pou moun ki bezwen èd ijan nan domèn sante mantal. Voye mesaj oswa rele nimewo 988 pou w pale ak konseye ki ka ede w jere strès mantal epi mete w an kontak ak ekip lokal ki jere sitiyasyon kriz.
Voces Latinas
Voces Latinas ofri gwoup sipò, tès depistaj pou depresyon ak twomatis, premye swen pou sante mantal, entèvyou pou motivasyon, ak edikasyon sou sante mantal. Yo bay referans tou pou moun ka jwenn terapi nan lòt òganizasyon. Telefòn: (718) 593-4528 | Adrès: 37-63C 83rd Street, 2yèm Etaj, Jackson Heights, NY 11372
Gen sèvis sante mantal dijital gratis pou imigran
Yon lòt fason ou ka pran swen sante mantal ou se ak aplikasyon dijital ki ofri konsèy sou meditasyon, mindfulness, ak teknik detant. Men yon lis aplikasyon gratis ou ka itilize depi kounye a:
Depression CBT Self-Help Guide: gid sa a bay enfòmasyon sou depresyon ak estrateji pou jere sentòm yo. Li disponib sèlman sou telefòn entelijan Google.
NYC Well: terapi gratis sou entènèt (pa SMS oswa chat) pou moun k ap viv Nouyòk.
Mind Shift: yon estrateji ki baze sou Terapi Kognitif Konpòtmantal (CBT) pou ede moun jere anksyete. CBT se yon teknik ki mete aksan sou chanje panse negatif yo pou konsantre pito sou pwoblèm moun nan ap viv kounye a. Li gen ladan l zouti pou moun kontwole tèt yo, avèk konsèy sou mindfulness, detant, chanje fason nou panse, ak aksyon konkrè pou ede itilizatè a pran kontwòl anksyete li. Li te fèt okòmansman pou adolesan, men kounye a nenpòt moun ka itilize l.
Smiling Mind: aplikasyon gratis pou meditasyon.
Talk Space: terapi sante mantal sou entènèt pou adolesan ki gen ant 13 ak 17 an.