Sa rive anpil nan nou: ou rive nan yon biwo vòt ak tout desizyon w nan tèt ou, epi lè w vire bilten an, ou wè yon pakèt kesyon ou pa t reflechi sou yo anvan sa.
Gid sa a THE CITY ekri, la a pou ede w redui presyon sa a.
Jou elesyon yo Etazini se 5 novanm. Moun kapab kòmanse vote bonè depi 26 oktòb.
Se lè sa a, moun k ap viv nan vil Nouyòk yo ap gen opòtinite pou vote 6 pwopozisyon lwa ki nan do bilten vòt la. Gen youn ladan yo k ap amande konstitisyon eta Nouyòk la, apre sa, genyen senk lòt k ap chanje konstitisyon vil la.
Kisa pwopozisyon lwa sou bilten an vle di menm?
Se yon seri lwa oubyen kesyon kote elektè yo gen opòtinite pou deside sou yo dirèkteman. Nan sans sa a, demach la diferan ak lè elektè yo ap vote pou reprezantan ki pou pran dezisyon pou yo.
Genyen plizyè nouvo lwa ki pase Nouyòk nan pwosesis pwopozisyon lwa sa a. Pami yo, genyen Environmental Bond Act la an 2022 ak ranked-choice voting la an 2019. Elektè yo te vote kont plizyè lòt, pami yo, yon pwopozisyon ki te fèt an 2021 pou yo te elaji aksè pou vòt yo.
Pou mwa novanm 2024 la, tout moun ki pral vote nan eta Nouyòk yo pral wè pou pi piti yon kesyon, ki rele Proposal 1 ki pou amande konstitisyon an. An fonksyon de kote w ap viv la, ou kapab wè lòt pwopozisyon ki konsène lokalite oubyen sikonskripsyon an. Nan vil Nouyòk, elektè yo pral kapab deside sou senk lòt pwopozisyon.
Pwopozisyon 1: Lwa amandman pou pwoteksyon egal
Men kijan pwopozisyon 1 an ap parèt sou bilten an.
Pwopozisyon sa a ap pwoteje moun kont tretman ki inegal ki chita sou ras, nasyonalite, laj, andikap, sèks ak oryantasyon seksyèl, idantiteki baze sou jan ak gwosès. Li pwoteje tou kont move tretman ki chita sante repwodiksyon ak otonomi.
Yon vòt “YES”, ap fè pwoteksyon sa yo antre nan konstitisyon Nouyòk la.
Yon vòt “NO” kite pwoteksyon sa yo deyò konstitisyon eta Nouyòk la.
Pandan Nouyòk gen plizyè lwa ki pwoteje avòtman, moun k ap sipòte pwopozisyon 1 an fè konnen, si pwopozisyon sa yo antre nan konstitisyon an, l ap pi difisil pou redui sou dwa moun pou yo avòte, sizoka reyalite politik la ta chanje.
Daprè Sarah Steiner ki se yon avoka Nouyòk ki espesyalize nan eleksyon, si ta genyen yon entèdiksyon federal sou avòtman, amandman sa a ap pi byen pwoteje moun k ap viv Nouyòk yo nan pwosedi yo, ke si se te yon senp lwa ki regle sa.
“Si gen yon amandman nan konstitisyon Nouyòk la, gen plis chans pou dwa nou pwoteje. Se pi gwo chans nou genyen”, Sarah Steiner di.
Pati Repibliken eta Nouyòk la kanpe anfas pwopozisyon an. Li fè konenn, Nouyòk deja genyen lwa kont diskriminasyon, donk, amandman sa a fè plis pase kreye yon dwa konstitisyonèl, lè w gade lis pwoteksyon li kreye a.
“Amandman sa a se yon pyèj k ap fè imigran ilegal yo jwenn benefis sou do moun ki peye taks yo. Apre sa, l ap ouvè pòt pou sila yo ki pa sitwayen Ameriken vote.” Se sa Ed Cox, ki prezidan pati Repibliken an nan Nouyòk, di nan yon deklarasyon li fè nan mwa jiyè a. Li fè konnen, “ Lè yo mete idantite jan an kòm yon dwa konstitisyonèl, sa ap bay ti gason ak gason dwa pou fè konpetisyon ak tifi nan spò fi pratike yo.”
Ed Cox deklare, pwopozisyon sa a “ap bay minè yo dwa pou yo gen aksè ak mwayen pou bloke pibète yo, epi yo kapab fè chiriji pou chanje sèks yo san konsantman paran yo.”
Kowalisyon pou pwoteje timoun yo nan Nouyòk, se yon lòt opozan ak pwopozisyon amandman an. Li kontinye sou lide ki fè konnen se yon menas li ye pou minè yo. Sou sit entènèt li a, li rele pwopozisyon sila a, “Lwa pou ranplase paran yo.”
Pòt pawòl òganizasyon ki rele Abitan Nouyòk pou egalite dwa (New Yorkers for Equal Rights), Andrew Taverrite, fè konnen, deklarasyon sa yo pa laverite epi yo pa kredib.
“Nan Nouyòk lalwa deja ekzije konsantman paran yo pou minè yo kapab sibi pwosedi medikal ki gen pou wè ak swen pou chanje ògàn seksyèl yo, e amandman an pa chanje sa,” daprè sa Taverrite di. Li di: “Amandman an pap otorize timoun yo gen entèvansyon chiriji san konsantman paran yo.”
Li ajoute: “Se yon diskou politisyen yo itilize kote yo eksplwate yon pakèt ti inosan kòm maryonèt yo.”
Pwopozisyon 2 pou rive 6: Ki kote yo soti menm?
Gen senk lòt pwopozisyon sou bilten vòt la — pwopozisyon 2 jiska 6 — ki ka amande konstitisyon vil Nouyòk la, ki se manman lwa vil la. Pwopozisyon sa yo ap pote divès kalite chanjman soti nan mete plis obstak nan pwosesis pou lameri apwouve bidjè l, ak nan lwa sou sekirite piblik la ki bay sèvis ijyèn vil la plis pouvwa. (w ap jwenn plis detay nan seksyon pi ba a).
Te gen anpil obstak pou pwopozisyon sa yo finalman ale sou bilten vòt yo. Nan sezon prentan an, konsèy minisipal la te prezante yon pwopozisyon ki dwe sou bilten vòt yo ki bay konsèy la pouvwa pou apwouve moun majistre nome yo.
Nan menm moman an, majistra Eric Adams kreye pwòp komisyon pa l pou revize manman lwa vil la. Nan komisyon sa a, li mete kèk moun ki pami alye ki pi pwòch li yo pou dirije pwosesis la, jan THE CITY te rapòte sa. Pandan sezon ete a, komisyon majistra a reyiyi pandan 2 mwa, yon kalandriye konsèy minisipal la ak kèk gwoup defansè dwa te kritike kòm yon mache prese.
Inisyativ pou pwopoze lwa pou sitwayen yo vote te vin kreye yon batay legal. Daprè lwa vil Nouyòk la, yon bilten pa kapab genyen pwopozisyon konsèy miinisipal al pwopozisyon majistra a an menm tan. Se pwopozisyon majistra a ki genyen priyorite. Sa vle di, nan eleksyon mwa novanm yo, se sèl pwopozisyon majistra Eric Adams yo, pou revize manman lwa vil la, k ap sou bilten yo.
Nan yon kominike, pòt pawòl konsèy minisipal la, Julia Agos, deklare “pwopozisyon lwa 2 pou rive 6 komisyon revizyon majistra Eric Adams lan kapab rann gouvènman an pi lan nan pote repons ak bezwen abitan Nouyòk yo.” Julia Agos fè konnen, gen yon mache prese nan pwosesis la.
“Komisyon Majistra a pase sou kote tout gwo deliberasyon ak dizon piblik la nan pwosesis lejislatif la ki se 271 jou an mwayèn, pou l avanse pwopozisyon l yo sèlman 2 jou apre piblikasyon yo,” Julia Agos deklare.
Direktè egzekitif komisyon majistra a, Diane Savino, di senk mezi ki sou bilten vòt yo ekziste apre yo fin koute bezwen moun k ap viv Nouyòk yo.
“Apre yo fin òganize odyans kote plis pase 750 moun nan tout senk minisipalite te patisipe, epi yo te resevwa plis pase 2,300 lèt, Komisyon Revizyon Konstitisyon an vini ak pwopozisyon sou bilten vòt yo ki reflete sa li tande abitan Nouyòk yo bezwen pou lari a pwòp, pou gen responsablite fiskal, sekirite piblik, transparans nan pwosesis planifikasyon vil la, ak sipò pou biznisminorite ak fanm yo posede,” se sa Savino te di nan yon deklarasyon.
Opozan revizyon konstitisyon majistra a pa dakò epi yo di mem si pwopozisyon ki dwe sou bilten vòt yo sanble inonsan, an reyalite, se yon tantativ pou entèfere nan pwosesis lejislatif vil la.
“Pwopozisyon 2 pou rive 6 la febli sistèm kontwòl yo ak demokrasi lokal la, apre sa, li ogmante pouvwa majistra nan yon moman kote sitwayen toupatou nan peyi a ta dwe ap vote pou demokrasi gras ak bilten vòt yo.” Se sa Joo-Hyun Kang deklare. Li se reprezantan Power Grab NYC, yon ekip ki kreye pou reponn ak pwopozisyon revizyon manman lwa Nouyòk la.
Kang di, “Sa a, se yon mouvman sofistike ak anba chal majistra a fè.”
Dapre Dwyer, abitan Nouyòk yo ka verifye bwat yo resevwa lèt yo, pou yo jwenn Gid Vòt pou Elektè Vil Nouyòk yo, Konsèy Finans Kanpay Nouyòk la voye yo pa lapòs semèn sa a.
Kisa Pwopozisyon 2 pou rive 6 yo di ?
Pwopozisyon sa yo ap kout epi fasil pou w li gras ak yon lwa sou “langaj senp” ki te vote Albany ane pase. Men, paske pwopozisyon ki sou bilten vòt la kout, sa kapab senplifye yo twòp: pou w gen yon lide apwofondi sou chak pwopozisyon yo; ou kapab li rezime bilten vòt yo, epi si ou vle ale pi fon, rapò final komisyon an eksplike an detaye ki jan pwopozisyon bilten vòt yo te vin kreye.
Erezman, nou li dokiman sa yo pou ou. Men sa ou bezwen konnen sou pwopozisyon nimewo 2 jiska nimewo 6:
Pwopozisyon 2 sou bileten : Netwaye pwopriyete piblik yo
Men kijan Pwopozisyon nimewo 2 a pral parèt sou bilten vòt la: “Pwopozisyon sa pral amande konstitisyon vil la pou elaji ak klarifye pouvwa Sèvis Ijyèn vil la pou netwaye lari a ak lòt pwopriyete vil la, epi mande pou jete fatra yo nan poubèl.”
Pou kounye a, Depatman ki responsab netwayaj vil la (DSNY) kontwole lapwòpte ak jesyon fatra nan lari a ak sou twotwa New York yo. Men, gen kèk zòn ki pa anba jiridiksyon DSNY, tankou espas ki nan mitan otowout yo ak pak yo. Pwopozisyon sa a ta pèmèt DSNY netwaye nenpòt pwopriyete vil la epi fè respekte nenpòt règleman ki gen rapò ak pwòpte vil la.
Yon “wi” sou Pwopozisyon 2 a ap bay DSNY pouvwa pou presize ki kalite resipyan fatra moun yo dwe itilize, yon pwen enpòtan nan inisyativ Majistra a pou mete fatra yo nan resipyan.
Menmsi li pa mansyone nan tèks ou pral li sou bilten vòt la, gen yon twazyèm moso nan Pwopozisyon 2 a: otorite sou machann lari yo. Si w vote “wi” sou Pwopozisyon 2 a, sa ap bay DSNY pouvwa pou bay machann ki nan lari yo tikè. Desizyon sa konsène machann ki sou tout pwopriyete vil la posede, ak nan pak yo kote Depatman Pak ak Lapolis Nouyòk (NYPD) deja gen pouvwa pou fè respekte yo. NYPD ak Parks ap toujou gen otorite sou zòn sa yo — si pwopozisyon 2 a pase, l ap bay DSNY pouvwa pou fè respekte lalwa tou, sa ki kapab ogmante kantite tikè machann yo ap resevwa.
Jan THE CITY te rapòte sa nan mwa jen 2024 la, kantite tikè yo bay machann nan lari ak nan pak Nouyòk yo ap monte depi ane 2020, epi defansè dwa yo di pwopozisyon sa a pral lakoz plis enjistis ki sible yon mendèv ki genyen anpil imigran.
Nan mwa out 2024 la, Carina Kaufman-Gutierrez ki se direktè adjwen yon òganizasyon ki rele Street Vendor Project di THE CITY: “Yo ap eseye fofile yon chanjman nan politik pou moun vann nan lè yo ajoute plis kontwòl nan yon moman kote otorite yo te deja bay macahn yo tikè ki koutemil dola akoz y ap vann dlo. Epi pou w pa mansyone li nan pwopozisyon ki sou bilten vòt la? Sa se manipilasyon ak derespektan.”
Lè yo te kontakte Parks ak DSNY pou kòmantè, yo te voye n al pale ak lameri.
Pwopozisyon 3 sou bilten vòt la: Estimasyon adisyonèl sou pri pwopoisyon lwa yo ak mizajou nan dat limit bidjè yo
Men kijan pwopozisyon 3 pral parèt sou bilten vòt la: “Pwopozisyon sa a ta pral amande konstitisyon vil la pou egzije analiz fiskal nan men Konsèy la anvan odyans ak vòt sou lwa yo, l ap otorize majistra a fè analiz fiskal, epi fè mizajou sou delè pou bidjè yo.”
Anvan Konsèy minisipal la ka vote sou nenpòt lejislasyon, yo dwe prezante yon Deklarasyon Enpak Fiskal ansanm ak yon bòdwo ki estime konbyen lwa yo pwopoze a kapab koute. Pou kounye a, deklarasyon sa yo se responsablite Konsèy minisipal la, epi yo kreye apre konsiltasyon ki fèt ak ajans vil la epi gwoup moun ki la pou veye bon jesyon gouvènman an. Anplwaye yo kreye dokiman an lè bòdwo a sanse finalize, men anvan manm yo vote l.
Yon vòt “wi” sou Pwopozisyon 3 ap chanje yon pati nan pwosesis sa a: li ap mande pou konsèy minisipal la soumèt yon Deklarasyon Enpak Fiskal pi bonè, yon fason pou odyans piblik sou lejislasyon yo ka pran pri lwa a an konsiderasyon, epi li ta mande pou tout deklarasyon yo gen yon estimasyon bidjè ki soti non sèlman nan Konsèy minisipal la, men tou nan Biwo Jesyon ak Bidjè a – ki se yon pati nan branch egzekitif la, sa vle di majistra a.
Daprè rapò final Komisyon Revizyon Konstitisyon an, gwoup la te konsilte anpil ekspè sou bidjè pandan yo te konsidere chanjman an. Gwoup ki rele fiscal hawks la fè konnen pwopozisyon sa a pa ale ase lwen pou kwape depans yo epi “abòde pwoblèm reyèl yo nan bidjè defakto yo atravè lejislasyon,” se sa Andrew Rein ki se prezidan Komisyon Bidjè Sitwayen an te di THE CITY nan mwa Out 2024 la.
Opozan Pwopozisyon 3 yo di si yo mande pouvwa egzekitif la pou l soumèt yon estimasyon bidjè anvan yon odyans piblik sou yon pwojè lwa fèt, sa pral retade pwosesis pou kreye lwa yo ki deja pran plizyè ane.
Jason Otaño ki se avoka jeneral Konsèy minisipal la te temwaye nan youn nan odyans Komisyon Revizyon Konstitisyon an, li fè konnen Pwopozisyon 3 ap bay Biwo Majistra a yon “veto defakto” nan lejislasyon yo pwopoze a, paske biwo a te kapab jis kenbe enfòmasyon ki nesesè yo pou kreye yon Deklarasyon Enpak Fiskal. Dapre rapò final Komisyon an ki te rasanble temwayaj la, Otaño te di ke pwopozisyon an ta gen yon “efè dwòl sou echanj lide.”
Anplis premye dispozisyon ki genyen anpil kontwovès soul li a, Pwopozisyon 3 a pral mete tou kèk ekstansyon kout sou dat limit bidjè vil la. Premyèman, l ap pwolonje dat limit preliminè bidjè a soti 16 janvye rive premye fevriye nan ane lè yo eli yon nouvo majistra, apre sa, l ap chanje dat limit pou Biwo Bidjè Endepandan an fè rapò sou depans yo soti premye fevriye rive 15 fevriye. Chak ane, l ap pwolonje dat limit bidjè egzekitif la dwe soumèt soti 26 avril rive premye me, epi apre sa, dat limit pou prezidan minisipalite yo fè rekòmandasyon yo soti 6 me rive 13 me.
Pwopozisyon 4 sou bilten vòt la: Plis avètisman ak tan anvan vòt lwa sekirite piblik yo
Men kijan pwopozisyon 4 la pral parèt sou bilten vòt la: “Pwopozisyon sa ap mande plis avi piblik ak tan anvan Konsèy minisipal la vote lwa ki konsène operasyon sekirite piblik lapolis, ajan prizon yo, oswa sèvis Ponpye.”
Pwopozisyon sa a se trè senp. Si Konsèy minisipal la vle vote yon lwa ki gen rapò ak sekirite piblik — espesyalman konsènan lapolis Nouyòk (NYPD), Depatman Koreksyon vil la (ki responsab prizon yo) oswa sèvis ponpye (FDNY) — yo dwe anonse sa bay piblik la, majistra a ak tout ajans ki afekte yo omwen 30 jou anvan vòt la.
Nan 30 jou sa yo, majistra a oswa ajans yo kapab òganize pwòp odyans pa yo pou mande avi opinyon piblik la. Komisyon Revizyon Konstitisyon an fè konnen piske sekirite piblik la gen “yon enpòtans santral” pou vil la, li mande pou genyen yon pwosesis pou enplike opinyon piblik la, ki diferan de lòt lejislasyon yo. Reprezantan sendika ak ajans ki nan lapolis, koreksyon ak ponpye yo dakò.
Citizens Union ki se yon bon gwoup ki responsab bon gouvènans, pa dakò. Li fè konnen nan youn nan odyans piblik yo “lejislasyon sekirite piblik yo resevwa menm opòtinite ak lòt lwa yo pou yo gen opinyon piblik la.”
Vil ak Eta a fè konnen, opozan yo gen enpresyon administrasyon majistra Adams lan ap pouse pwopozisyon sa a kòm yon repons dirèk ak 2 lwa espesifik konsèy minisipal la te pase nan kòmansman ane a: youn ki egzije NYPD pou fè rapò lè yo kwaze ak rezidan yo ak yon lòt ki entèdi izole moun yo nan prizon yo. Majistra Adams te mete veto sou tou de lwa sa yo, men, konsèy minisipal la te fè l pase kanmèm.
Pwopozisyon 5 sou bilten vòt la: Planifikasyon kapital la
Men kijan pwopozisyon 5 lan pral parèt sou bilten vòt ou a: “Pwopozisyon sa a pral amande Konstitisyon vil la pou mande plis detay nan evalyasyon etablisman piblik vil la, l ap oblije etablisman yo pou yo enfòme planifikasyon kapital la, epi mete ajou dat limit planifikasyon kapital la.”
Vil la pibliye yon kantite rapò ki fè yon bilan sou enfrastrikti li yo: kisa ki bezwen repare, kisa ki bezwen elaji, kisa ki pral bati. Si pwopozisyon sa a pase, yon gwo rapò anyèl — Deklarasyon Bezwen Vil la — ta dwe elaji pou genyen plis enfòmasyon sou bezwen antretyen yo, epi yon lòt rapò — Estrateji Kapital sou Dizan — ap pran konsidere lide ki nan Deklarasyon Bezwen yo pou plan li.
Dapre Komisyon Revizyon Konstitisyon an, rekòmandasyon sa yo ekziste apre temwayaj kontwolè Brad Lander, ki te vle pwofite de pwopozisyon sou bilten vòt yo pou aplike refòm nan bidjè yo.
Men, Brad Lander di Pwopozisyon 5 lan pa soti an reyalite a pati rekòmandasyon biwo li a.
“[Pwopozisyon an] pa gen sans, pa etabli transparans, epi li pa amelyore pwosesis planifikasyon kapital lil la nan okenn fason,” se sa Lander te di nan yon deklarasyon. “Tankou pwosesis mache prese Komisyon an ak lòt rekòmandasyon yo, se tou senpleman yon efò sinik pou distrè abitan Nouyòk yo.”
Kontrèman ak pwopozisyon Lander a ki ta enplike yon pi gwo envantè enfrastrikti yo, Deklarasyon Bezwen yo kouvri mwens pase 1% nan enfrastrikti vil la. “Lè w Egzije Deklarasyon Bezwen Vil la pou bay plis detay sou kondisyon etablisman an, li pa gen sans pou objektif planifikasyon bidjè kapital la – paske sa yo se an reyalite pwojè vil la te deja bezwen amelyore epi envesti lajan pou fè sa,” se sa deklarasyon an te gen ladan l.
Pwopozisyon 6 sou bilten vòt la: Sou biznis se fanm ak moun ki minoritè yo posede yo(MWBEs), pèmi pou fim, ak komite revizyon achiv yo
Men kijan pwopozisyon 6 lan ap parèt sou bilten vòt la: “Pwopozisyon sa ap amande konstitisyon vil la pou etabli Ofisye Anchèf Divèsite nan Biznis yo (CBDO), otorize Majistra a pou deziyen biwo ki bay pèmi pou fim yo, epi konbine komisyon achiv yo.”
Dènye pwopozisyon, an reyalite, se twa pwopozisyon ki antre nan youn. Premye a kreye yon Ofisye pèmanan an chèf ki reponsab divèsite nan biznis. CBDO a se yon nouvo pòs administrasyon Adams nan ajoute. Moun ki CBDO nan moman an, se Michael Garner. Nan pozisyon CBDO a, Garner enplike anpil nan pwogram Minority and Women-Owned Business Enterprises (MWBE) vil la,
一文读懂纽约市选民在2024年选举中将公投的六项提案
e li pami moun ki pouse pou anplwaye konpayi sekirite ki nan seleksyon MWBE pou sekirize ebèjman ki nan vil la — yon lis ki gen ladann yon konpayi sekirite Majistra adjwen Philip Banks III te posede.
Dezyèmman, Pwopozisyon 6 la vle chanje ki biwo ki gen kapasite pou bay pèmi pou fim yo. Pou kounye a, si w vle fè yon fim, ou bezwen yon pèmi ki soti nan Depatman Sèvis Ti Biznis yo (Department of Small Business Services an anglè). Pwopozisyon sa a ap fè Biwo Medya ak Divètisman majistra gen pouvwa pou bay pèmi sa yo tou.
Twazyèmman, pwopozisyon an fè 2 komisyon ki responsab achiv yo fè yon sèl. Pauline Toole ki Komisyonè Depatman Dosye ak Sèvis Enfòmasyon (DORIS) jere tou de konsèy yo. Li fè konnen, DORIS te pwopoze fizyon an pou ogmante efikasite. Sa pa gen lontan, li te temwaye konsèy yo te reyini ansanm – paske travay yo tèlman sanble, pa bezwen gen reyinyon separe.
Se medya THE CITY ki pwodui ak pibliye atik sa a an premye. Se Ralph Thomassaint Joseph ki tradui l an kreyòl.