An 2023, Depatman Sekirite Nasyonal Etazini (DHS) te lanse pwogram pawòl imanitè CHNV a (anpil nan nou konnen sou non pwogram Biden nan) pou pèmèt sitwayen peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela antre Etazini pou 2 ane.
Pwogram sa a te ekzije pou benefisyè yo gen yon moun Etazini ki sponnsorize yo, epi yo te dwe pase tès sekirite. Pwogram nan te bay benfisyè yo yon mwayen legal pou yo reyini ak fanmi yo, epi jwenn pwoteksyon imanitè.
Nan mwa Oktob 2024 la, gouvènman ameriken an te kanpe pwogram nan apre li te pèmèt plis pase 500,000 moun te antre Etazini. Administrasyon an te ankouraje moun ki antre nan pwogram nan, pou yo konsidere lòt opsyon legal pou yo kapab rete Etazini.
Enfòmasyon ki la a pa ranplase konsèy legal yon avoka oubyen yon pwofesyonèl akredite kapab ba ou. Dènye mizajou yo fèt 25 mas 2025.
Kisa desizyon 25 mas 2025 la ki anonse fen pwogram pawòl CHNV a vle di?
Jou ki te 25 mas 2025 lan, DHS te anonse nan yon piblikasyon ki soti nan rejis federal la, pwogram CHNV a kanpe. Apati 24 avril 2025, pawòl imanitè a ap ekspire pou tout benfisyè yo. Nan sans sa a, yo kapab arete yo epi depòte yo.
Si mwen vin Etazini sou pwogram CHNV a, epi m gen pèmi travay, èske mwen ka kontinye travay legalman Etazini?
Dapre nòt federal 25 mas 2025 lan, pèmi travay pou moun ki anba pawòl imanitè CHNV a ap ekspire jou pwogram nan fini an, ki se 24 avril 2025. Sa vle di, ou pap kapab travay legalman apre 23 Avril 2025 si w anba pwogram pawòl CHNV a. Si w gen estati tankou TPS oswa yon aplikasyon pou rezidans, oubyen azil, ou toujou kapab travay legalman.
Kisa kap pase apre pwogram pawòl CHNV m nan ekspire?
Dapre nòt federal la, depi pawòl imanitè a ekspire, yo konsidere w kòm yon “prezans illegal”. Konsa, Etazini kapab arete w pou depòte w, sof si ou genyen yon lòt estati imigrasyon.
E si mwen genyen yon aplikasyon pou azil oubyen yon lòt estati?
Menm si Etazini kapab depòte nenpòt moun ki ilegal, DHS fè konnen, l ap priyorize sila yo ki pa aplike pou yon lòt estati tankou rezidans, azil, TPS, viza T ki pou moun ki viktim trafik moun.
Sa vle di, si w gen yon dosye k ap trete, ou dwe kapab rete sou teritwa a pandan w ap tann desizyon administrasyon an. Men, pa gen garanti sou sa. Desizyon pou kanpe pawòl imanitè a pap afekte w si w genyen yon lòt estati imigrasyon.
Ki kote mwen ka jwenn asistans legal?
Si ou poko fè sa, ou ta dwe konsilte yon founisè sèvis legal sou imigrasyon pou w konnen ki opsyon legal ou genyen. Ou ka mande asistans la a.