fbpx
Logo
Apr 11, 2025 | Ralph Thomassaint Joseph

Ki jan moun kalifye pou azil Etazini

Pou yon imigran kalifye pou azil Etazini, li dwe gen laperèz pou pèsekisyon nan peyi li akoz ras li, relijyon l, nasyonalite l, opinyon politik li oubyen gwoup sosyal li.

Men sa w bezwen konnen sou demann azil:

  • Azil pwoteje moun ki pè pèsekisyon ki baze sou ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik, oswa gwoup sosyal.
  • Ou dwe aplike avan dat k ap fè w yon lane depi w vin nan peyi a, sof si w kalifye pou yon eksepsyon.
  • Sèvis imigrasyon USCIS pral egzamine aplikasyon w lan nan yon entèvyou kote w dwe bay eksplikasyon ak prèv ki sipòte dosye w la.
  • Si w pa aplike avan delè yon lane a, sa ka fè w pa elijib, men genyen eksepsyon tankou si sitiyasyon w chanje, oubyen w ap fè fas a yon sikonstans ekstrawòdinè.
  • Li rekòmande pou w chache asistans legal  pou gide w nan pwosesis la, epi ranfòse chans pou dosye w la jwenn apwobasyon.

Konsilte yon avoka si w panse aplike pou azil. Li gid nou an sou avoka benevòl oswa avoka ki pa chè Nouyòk yo. 

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka ki kalifye oswa yon reprezantan ki akredite. 12 mas 2025 se dat dènye mizajou fèt nan atik sa a.

Kisa ki azil la?

Azil se yon fòm pwoteksyon yo bay pou moun ki deja Etazini oubyen ki rive sou fwontyè a epi ki pa kapab retounen nan peyi yo akòz pèsekisyon oswa krent pèsekisyon ki byen chita sou baz:

  • Ras 
  • Religyon
  • Nasyonalite
  • Opinyon politik
  • Apatenans a yon gwoup sosyal patikilye

Ou kapab aplike kèlkeswa estati imigrasyon w, men apwobasyon w pa garanti. Azil pèmèt ou rete Etazini legalman epi evantyèlman aplike pou rezidans pèmanan.

Ki moun ki ka aplike pou azil nan peyi Etazini?

Ou kapab kalifye pou azil si:

  • Ou prezan fizikman Etazini oswa sou yon fontyè Etazini.
  • Ou ka bay prèv ou te sibi pèsekisyon oswa ou gen yon krent pèsekisyon byen fonde nan peyi w.
  • Ou aplike anvan dat ki fè w yon (1) lane depi w rive Etazini (sof si w kalifye pou yon eksepsyon).

Ou ka toujou aplike pou azil menm si w nan peyi Etazini ilegalman oswa viza w ekspire. 

Kisa pwosesis la ye pou yon moun aplike pou azil?

Men etap pou yon moun mande azil:

  1. Ranpli Fòmilè I-589 la: 
    • Depoze aplikasyon pou azil ak sispansyon depòtasyon nan USCIS si w ap fè yon demann azil afimatif.
    • Si w deja nan pwosedi depòtasyon, premye kote w dwe ranpli fòm sa a se nan tribinal imigrasyon.

       2.   Randevou biyometrik: Prezante w nan randevou sa a pou w bay anprent ou epi tcheke background ou.

       3.   Entèvyou azil: Prezante w pou yon entèvyou ak yon ofisye azil USCIS pou eksplike ka w la.

       4.   Desizyon: Si w apwouve, ou ka rete Etazini epi evantyèlman aplike pou rezidans. Si yo ba w refi, yo ka refere w nan tribinal imigrasyon pou pwosedi depòtasyon.

Ou ka aplike pou azil kèlkeswa estati imigrasyon w, men li rekòmande pou w konsilte yon avoka imigrasyon pou ede w ak aplikasyon w lan.

Si w ap viv Nouyòk, w ap soumèt aplikasyon w lan nan biwo USCIS Chicago Lockbox.

Si w ap voye l pa lapòst (USPS) itilize adrès:
USCIS
Attn: I-589
P.O. Box 6893
Chicago, IL 60680

Si se FedEx, UPS, oswa DHL itilize adrès:
USCIS
Attn: I-589 (Box 6893)
131 S. Dearborn St., 3rd Floor
Chicago, IL 60603-5517

Èske m ka toujou aplike pou azil si m gen plis pase yon lane nan Etazini?

Wi, men fòk ou ka pwouve ou kalifye pou yon eksepsyon nan règ yon ane a. Eksepsyon yo gen ladan yo:

  • Chanjman sikonstans nan peyi w, tankou nouvo menas oswa pèsekisyon
  • Sikonstans ekstraòdinè ki te anpeche w aplike a lè, tankou maladi grav, andikap legal, oswa asistans avoka ki pat efikas.

Si w pa kalifye pou yon eksepsyon, ou kapab toujou elijib pou lòt fòm èd, tankou Sispansyon Depòtasyon    oswa Pwoteksyon Anba Konvansyon Kont Tòti (CAT).

Èske m ka travay pandan aplikasyon azil mwen an ap trete?

Wi, men w dwe tann 150 jou apre w fin soumèt aplikasyon azil la anvan w aplike pou yon pèmi travay (Dokiman Otorizasyon Travay oswa EAD). Lè w resevwa kat travay la w la, ou ka travay legalman Etazini pandan dosye azil ou a ap trete.

Ki opsyon m genyen si yo refize aplikasyon azil mwen an?

Si yo refize aplikasyon azil ou a, ou ka:

  • Fè apèl kont desizyon an nan Komisyon Dapèl Pou Imigrasyon (BIA).
  • Mande yon jij imigrasyon pou yon revizyon si yo refere dosye w la nan tribinal imigrasyon.
  • Chèche lòt fòm soulajman, tankou Sispansyon Depòtasyon oswa Pwoteksyon CAT, ki yo menm gen lòt kondisyon pou yon moun kalifye.

Si yo pa akòde w okenn soulajman, yo ka mete w nan pwosedi depòtasyon epi depòte w.

Ou gen plis kesyon sou sijè sa a ak kijan li konsène w? Kontakte yon ekspè Documented.info pou jwenn repons konfidansyèl e gratis. Pou plis enfòmasyon klike lyen sa a. 

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt