Administrasyon prezidan Trump lan revoke yon lwa ki te an plas depi lontan pou anpeche ajan imigrasyon federal yo fè arestasyon nan espas tankou lekòl, lopital, ak legliz. Sa kreye yon vag kè sote ak enkyetid nan anpil kominote imigran. Sa vin lakoz kèk moun evite chache swen medikal pandan ijans grav.
Aprè desizyon prezidan Trump lan, “NYC Health + Hospitals”, ki jere 11 lopital piblik nan vil la ak 70 sant sante, te pibliye yon avi piblik pou imigran k ap viv Nouyòk yo. Nan lèt la, yo fè konnen klèman:
“Nou respekte vi prive w. Lè w vini nan etablisman swen sante nou yo, ou pa oblije pataje enfòmasyon sou estati imigrasyon w pou resevwa swen. Nou sèlman pataje enfòmasyon pasyan ak konsantman yo oubyen si lalwa otorize oswa egzije sa.”
Eske moun k ap bay swen yo ka pataje enfòmasyon pèsonèl mwen san konsantman m?
Nan sikonstans nòmal non, yo pa gen dwa sa a.
Dapre nòt sou Pratik Konfidansyalite NYC Health + Hospitals la, lopital yo pa gen dwa divilge enfòmasyon medikal pèsonèl ou bay ICE, sof si lalwa egzije sa. Sa vle di, ICE dwe prezante yon sitasyon, yon lòd tribinal oswa yon manda.
Yo ka pataje enfòmasyon w san pèmisyon w sèlman nan ka sa yo:
- Yon òdonans tribinal ki valab oswa yon sitasyon
- Rezon patikilye pou aplike lalwa, tankou lokalize yon sispèk oswa ankèt sou yon krim)
- Pou sekirite nasyonal oswa sèvis pwoteksyon
- Si lalwa federal, eta, oswa lokal egzije sa
Si ajan yo pote yon manda oswa yon sitasyon yon jij siyen, lopital la dwe obeyi ak demann lan, menm si yo ka toujou konteste sitasyon yo nan tribinal. Men si dokiman an se yon ajan ICE ki siyen l (se pa yon jij), lopital la pa oblije obeyi ak li.
Kidonk, èske lopital yo an sekirite jodi a pou imigran iregilye?
NYC Health + Hospitals bay anplwaye li yo metòd klè sou fason pou yo reyaji fas ak vizit ICE yo. Objektif pwotokòl sa a se pou garanti sekirite pasyan yo pandan y ap konfòme yo ak lalwa — epi asire yo pa mete imigran an danje san rezon pandan y ap chèche èd medikal.
Pou pasyan yo, li enpòtan pou yo konprann diferans ki genyen ant zòn piblik ak zòn ki pa piblik nan yon lopital. Ajan ICE yo gen dwa antre nan zòn piblik lopital yo, tankou sal datant yo ak lòt zòn ki ouvri pou tout moun yo. Ajan ICE yo pa gen otorizasyon pou antre nan zòn prive yo, tankou chanm pasyan yo, laboratwa oswa biwo medikal yo.
Li enpòtan pou w sonje lopital ak sant sante kominotè yo gen obligasyon legal pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou (tankou non w ak dat ou fèt) ak dosye medikal ou. Sa vle di yo pa gen dwa pataje enfòmasyon w, sof si gen yon manda lajistis.
Ki dwa m genyen kom pasyan?
Anplis pwoteksyon vi prive, NYC Health + Hospitals te bay lis dwa fondamantal tout pasyan genyen—kit yo se imigran:
- Ou gen dwa pou w jwenn swen sante: Kèlkeswa estati imigrasyon w oswa kapasite w pou peye. Vil Nouyòk garanti aksè ak swen medikal pou tout moun, san eksepsyon.
- Vi prive w pwoteje: Ou pa bezwen bay moun k ap ba w swen yo estati imigrasyon w pou w jwenn sèvis.
- Asirans sante disponib: Tout timoun, moun ansent, ak granmoun ki gen 65 an oubyen plis kalifye pou yo jwenn asirans sante kèlkeswa estati imigrasyon yo. Si w pa kalifye oubyen w pa ka peye l, ou ka elijib pou NYC Care, yon pwogram sante ki pa koute chè oswa ki gratis.
- Yo aksepte IDNYC: Kat idantite gratis sa a ke gouvènman an bay, ka itilize pou enskri nan lopital epi jwenn aksè a lòt sèvis tankou rabè sou preskripsyon ak dosye vaksinasyon.
- Swen disponib nan lang ou: lopital piblik ak klinik vil Nouyòk ofri sèvis entèpretasyon nan plis pase 200 lang, 24 sou 24, 7 jou sou 7, ki gen ladan espanyòl, chinwa ak kreyòl ayisyen. Dokiman ekri yo disponib nan 13 lang moun plis pale nan vil la.
. - Ou bezwen èd?
- Vizite: nychealthandhospitals.org/locations
- Rele 311 pou w jwenn èd ak lopital, NYC Care, IDNYC, oswa pou antre an kontak ak ajans vil yo.