Logo
Jun 02, 2026 | Paz Radovic

Green Carts: Pèmi ou bezwen pou w vann fwi ak legim Nouyòk

Men kijan pou w antre sou lis datant pou w jwenn yon Green Cart nan Nouyòk pou w vann fwi ak legim

Green Carts yo se ti biznis ki pote fwi, legim frèch, ak lòt manje ki bon pou sante nan katye Nouyòk kote pa gen anpil aksè ak manje ki sen.

Green Carts ka vann fwi ak legim kri ki antye, ki pa koupe, boutèy dlo potab, nwa, ak fwi oswa legim koupe ki deja byen vlope. 

Ou pa bezwen gen yon boutik ni eksperyans. Ou bezwen sèlman yon charyo mobil, yon lisans, epi angaje w pou respekte règ sante ak sekirite yo.

Ou pa bezwen sitwayen ameriken ni rezidan pèmanan pou w aplike pou yon pèmi Green Cart. Sepandan, depi w kòmanse vann fwi ak legim kòm vandè Green Cart, yo konsidere w kòm yon travayè endepandan. Sa vle di w oblije deklare revni w epi peye taks sou lajan w touche, menm jan ak nenpòt pwopriyetè ti biznis.

Gen yon kantite lisans ki limite pou vandè Green Cart, epi li ka pran plizyè mwa oswa menm plizyè ane anvan yo ba w opòtinite pou aplike. An reyalite, lis datant lan ouvè sèlman pou vandè ki vle travay nan Brooklyn, Bronx ak Staten Island. Green Carts gen dwa opere sèlman nan kèk zòn ki byen spesifye. W ap jwenn lis zòn ki otorize yo nan lyen sa a.

Jwenn lisans pou w vann manje ak yon charyo mobil

Pou w ka opere yon Green Cart, ou dwe gen yon Lisans Mobile Food Vending. Frè lisans lan se $50. Pwosesis apwobasyon an ka pran anviwon 4 a 6 semèn, selon disponiblite randevou ak tan verifikasyon dosye (background check).

Konsa tou, ou sipoze suiv epi fini Kou Pwoteksyon Manje pou Vandè Mobil, yon fòmasyon sou sekirite alimantè lalwa egzije. Kou a montre fason pou manyen manje san danje, ijyèn, ak règ sante yo. Li disponib an anglè, espanyòl ak chinwa (sou entènèt oswa an pèsòn). Apre kou a, ou dwe pase yon egzamen pou w resevwa sètifika w.

Pou plis detay, vizite paj lisans vandè manje mobil la DOHMH oswa rele 311 epi mande pou “Mobile Food Vending License”.

Antre sou lis datant Green Cart la

Gen sèlman 1,000 pèmi Green Cart ki disponib nan vil Nouyòk. Ou ka aplike nan lyen sa a pou w antre sou lis datant lan. Si w deja aplike, ou ka verifye pozisyon w sou lis la sou menm platfòm nan.

Si w gen yon andikap, ou ka jwenn priyorite pou plasman sou lis datant Green Cart la.

Kondisyon pou w jwenn pèmi Green Cart

Apre w fin soumèt aplikasyon w pou lis datant Green Cart la, Depatman Sante ak Ijyèn Mantal nan Nouyòk ap kontakte w pou konfime plas ou sou lis la.

Lè yo chwazi non w nan lis datant lan, Depatman Sante ap voye yon aplikasyon pa lapòs ba ou pou pèmi an. W ap gen 30 jou pou voye l tounen ansanm ak tout dokiman yo mande yo. Se poutèt sa li pi bon pou w prepare tout papye yo davans.

  • Lèt verifikasyon (OATH): ki pwouve ou pa dwe okenn amann. Pou w fè demann lan, voye fòm OATH Food Vendor Invoice Search Request nan pa imèl nan adrès vendorinquiry@oath.nyc.gov.
  • Sètifika otorizasyon pou taks sou lavant: dokiman sa a pa dwe gen plis pase 90 jou depi Pwogram Biznis Expres Nouyòk bay li. Ou ka aplike nan lyen sa a. W ap bezwen kreye yon kont NY.gov epi ranpli aplikasyon an ak enfòmasyon sou biznis ou an tankou non w, adrès biznis la, ak nimewo taks ou (SSN oswa ITIN). Lè yo apwouve w, yo ba w yon nimewo Sètifika Idantite ki dwe parèt sou aplikasyon pèmi Green Cart ou a.
  • Asirans pou travayè ak asirans andikap: asirans obligatwa si w gen anplwaye. Si w ap travay pou kont ou sèlman, ou dwe ranpli fòm eksepsyon CE-200 sou entènèt pou pa bezwen pran asirans travayè.
  • Akò depo: Ou dwe netwaye epi estoke charyo ou a nan yon depo ki otorize oswa nan yon etablisman Depatman Sante vil Nouyòk apwouve. Pou w jwenn youn, konsilte kat Mobile Food Vending Commissary a.

W ap prezante dokiman sa yo nan enspeksyon anvan pèmi a. Si gen papye ki manke oswa si w rate delè yo, sa ka lakoz reta oswa menm fè w pèdi plas ou sou lis atant lan.

Konbyen sa koute pou w jwenn yon pèmi Green Cart?

Lè yo ofri w yon pèmi Green Cart, frè a se $75 epi li valab pou 2 zan. Chak 2 zan, w ap bezwen: renouvle Lisans Vant Manje Mobil ou a pou 50 dola, peye yon frè verifikasyon taks 10 dola, epi renouvle Pèmi Green Cart ou pou 50 dola.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt