Si w se yon imigran k ap viv Nouyòk, kit ou regilye legal ou pa, li enpòtan pou w konnen ou ka rele lapolis nan nimewo 911 lè w gen ijans.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an jiyè 2025.
Operatè apèl 911 yo p ap mande si w se imigran.
Nouyòk se yon vil sanktyè. Sa vle di moun k ap reponn ijans lokal yo, tankou polisye, ponpye, ak pèsonèl medikal, pap mande w estati imigrasyon w, epi yo pa pataje enfòmasyon w ak ICE. Lwa vil Nouyòk fèt pou pwoteje tout rezidan, kèlkeswa kote yo fèt oswa estati imigrasyon yo. Si w an danje oswa ou bezwen èd prese, ou ka rele 911 san danje.
Kilè ou ta dwe rele 911?
Rele 911 sèlman nan sitiyasyon ki ijan e ki menase lavi tankou: dife, lè w blese grav oswa gwo pwoblèm sante, krim k ap fèt tankou agresyon oswa vòl, aksidan machin ki gen moun blese, oswa si ou menm oswa yon lòt moun pa santi l an sekirite fizikman.
Si w pa fin sèten se yon ijans, ou ka toujou rele. Operatè a ap ede w detèmine si 911 se sèvis ki apwopriye a oswa si li dwe konekte w ak yon lòt ajans vil la, tankou 311 (pou èd ki pa ijans).
Sa k pase lè w rele 911?
Lè w rele 911, yon operatè ijans ki resevwa fòmasyon ap reponn apèl ou. Li ap kòmanse pale anglè, men si w di lang ou pale a, pa egzanp “Espanyòl”, “Mandaren”, “Kantonè”, oswa “Kreyòl Ayisyen”, y ap konekte w imedyatman ak yon entèprèt. Entèprèt yo disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7 nan plis pase 170 lang, epi yo rete sou liy lan pou ede w kominike byen ak operatè a.
Operatè a ap poze kesyon pou w konprann sa k ap pase ak ki kote w ye. Eseye rete kalm epi reponn kesyon klè. Ou pa oblije bay non w si w pa alèz, men si w bay li, sa ka ede operatè ijans yo jwenn ou pi vit. Ou pa bezwen di anyen sou estati imigrasyon w nonplis.
Si w ap rele sou yon telefòn selilè, operatè yo ka wè zòn jeneral kote w ye a gras ak GPS, men yo pa ka wè detay presi tankou nimewo apatman oswa etaj la. Se poutèt sa li enpòtan pou w di adrès egzak ou klè: nimewo bilding nan, etaj la, ak apatman an. Si w pa konn adrès la, dekri repè ki toupre yo, kafou, oswa magazen ki pre w.
Rete sou liy lan jiskaske operatè a di w ou ka fèmen apèl la. Sa ede sekouris yo gen bon enfòmasyon pou yo lokalize w epi bay bon kalite èd.
Si w pa kapab pale poutèt danje oswa pou yon lòt rezon, ou ka voye tèks bay 911, men fè sa sèlman si w pa kapab rele. Sonje sèvis Text-to-911 disponib sèlman an anglè ak espanyòl nan senk awondisman Nouyòk yo.
Rele 911 san telefòn nan Nouyòk
Si w bezwen rele 911 nan Nouyòk men w pa gen telefòn selilè, gen yon opsyon ki vrèman itil: LinkNYC kiosks. Se gwo poto dijital ou wè sou twotwa yo toupatou nan vil la. Chak kyòs yo gen yon bouton wouj 911 jis anba ekran an. Ou ka peze l de fwa oswa peze l pandan apeprè 7 segonn, epi w pral konekte imedyatman ak sèvis ijans yo. Ou ka jwenn kyòs sa yo nan tout senk awondisman vil la, souvan nan plas kote ansyen telefòn piblik yo te konn ye a.
Ki moun k ap vin ede w?
Selon kalite ijans ou dekri a, operatè a ap voye ekip ki apwopriye a:
- Depatman Polis Nouyòk (NYPD) jere kesyon krim, vyolans, oswa danje pou sekirite piblik.
- Depatman Ponpye Nouyòk (FDNY) jere kesyon dife, gaz ki fuite, ak bilding ki tonbe, epi pafwa yo ede nan ijans medikal.
- Paramedik oswa EMTs (EMS) ki se Sèvis Ijans Medikal vini ak anbilans pou gwo pwoblèm medikal.
Nan kèk ka, plizyè ekip ka vini. Pa egzanp, si yon moun blese pandan yon krim, polis ak paramedik ka vini ansanm. Yo ka rive an inifòm ak limyè k ap klere oswa sirèn. Travay yo se reponn ak ijans lan, pa pou verifye estati imigrasyon w.
Apre ijans lan
Lè ijans lan sou kontwòl, moun k ap reponn yo ka poze kèk kesyon suivi. Ou ka reponn sèlman sa w santi w alèz pou w pataje. Si w te viktim yon krim oswa vyolans nan kay la, oswa si w se yon viktim trafik moun, ou ka kalifye pou kèk pwoteksyon tankou viza U oswa viza T menm si w pa gen papye. Pale ak yon avoka imigrasyon pou w aprann plis sou opsyon sa yo.
Si apèl 911 la gen rapò ak vyolans, danje, oswa aktivite kriminèl, polisye Nouyòk ka vini pou fè ankèt. Yo pral poze kesyon pou konnen kisa ki te pase.
Ou gen dwa rete an silans sou kèk sijè epi mande yon entèprèt si sa nesesè. Polis Nouyòk itilize yon sèvis ki rele Language Line, ki bay entèpretasyon nan telefòn nan plis pase 170 lang. Sipèvizè patwouy yo gen telefòn selilè ki gen nimewo Language Line anrejistre, konsa polisye k ap travay sou teren yo ka jwenn sèvis entèpretasyon nenpòt lè.
Si w temwen oswa ou patisipe nan ensidan an, polisye yo ka mande w non w ak enfòmasyon kontak ou. Sa pa vle di y ap fè ankèt sou ou. Li ede yo ranpli rapò yo oswa ede lòt moun. Si w pa santi w alèz, ou dwe rete kalm epi di: “Mwen ta renmen pale ak yon avoka anvan mwen reponn” oswa “Èske mwen ka gen yon entèprèt?” Sa yo se dwa legal ou.
Ou gen dwa tou pou w pa reponn kesyon sou estati imigrasyon w.
E si yo mennen yon moun lopital?
Si yon moun blese grav, paramedik yo ka mennen li nan lopital ki pi pre a. Ou ka mande EMT yo oswa moun ki resevwa apèl la nan ki lopital y ap mennen moun nan. Si w pa sèten, ou ka rele 911 ankò epi eksplike sitiyasyon an, yo ka ede w jwenn kote fanmi w oswa pwòch ou a ye.
Lopital nan vil Nouyòk, espesyalman lopital piblik yo, konsidere kòm espas sekirize pou tout imigran.
Ajan ICE ka antre nan sal datant lopital la, men yo pa ka antre nan chanm kote yon pasyan ap resevwa swen san manda yon jij siyen oswa san otorizasyon lopital la.
Anplwaye lopital yo pap rapòte estati imigrasyon w bay ICE. Yo pataje enfòmasyon sou pasyan sèlman si w bay pèmisyon pou sa, oswa si lalwa egzije yo fè sa. Ou pa bezwen gen nimewo Sekirite Sosyal ni asirans pou resevwa swen medikal ijans.
Nan moman laperèz oswa danje, lavi w ak sekirite w se sa ki pi enpòtan. Pa kite krent depòtasyon oswa baryè lang anpeche w chèche èd. Sistèm 911 nan vil Nouyòk fèt pou pwoteje tout moun, kèlkeswa moun ou ye oswa kote w soti.