Logo
Apr 30, 2026 | April Xu

Kòman pou w vin yon sitwayen ameriken epi prepare tès natiralizasyon an

Gid sa ap montre w etap pwosesis natiralizasyon an epi ba w kèk resous tankou klas pou sitwayènte.

Men sa w dwe konnen:

  • Yon imigran kapab vin sitwayen ameriken pa natiralizasyon aprè 5 lane kòm rezidan pèmanan legal Etazini.
  • Moun ki marye ak yon sitwayen ameriken kapab natiralize 3 ane apre li gen rezidans li.
  • Pou w vin yon sitwayen ameriken, yon rezidan pèmanan legal (LPR) dwe ranpli fòmilè N-400  Aplikasyon pou Natiralizasyon an, epi pase egzamen sou istwa ak gouvènman Etazini kòm nouvo tès sivik la.
  • Gen resous gratis ki disponib pou ede imigran yo prepare tès natiralizasyon an.

Natiralizasyon se yon pwosesis anpil moun k ap viv Etazini sou rezidans itilize pou yo vin sitwayen ameriken.

Kiyès ki kalifye pou natiralizasyon?

Natiralizasyon disponib pou moun ki gen rezidans epi ki ta renmen vin yon sitwayen ameriken. Se USCIS ki trete dosye fòmilè N-400 an, ki se aplikasyon pou natiralize a.

Fòmilè a ap mande w non w, adrès kay ou, estati imigran w ak kèk lòt enfòmasyon pèsonèl. L ap gen kesyon sou dosye kriminèl ou si w genyen, epi kantite tan w genyen deja Etazini.

Lè w ap ranpli fòmilè a, reponn tout kesyon yo. Ou dwe ajoute tout pyès enpòtan tankou kopi kat rezidans ou, foto idantite w ak tout lòt pyès USCIS mande.

Pou w kalifye pou natiralizasyon, yon rezidan pèmanan legal dwe:

  • Gen 18 ane pou pi piti nan moman l soumèt Fòmilè N-400 an
  • Gen kat rezidans pandan omwen senk lane (twa ane si w marye ak yon sitwayen ameriken)
  • Ap viv Etazini pandan omwen senk lane youn deye lòt (twa zan si w marye ak yon sitwayen ameriken)
  • Gen omwen 3 mwa l abite nan distri oswa eta kote l aplike pou sitwayènte a
  • Yon moun ki gen bon karaktè moral
  • Kapab li, pale, ak ekri anglè bazik
  • Konprann baz istwa peyi Etazini, fòma epi prensip gouvènman ameriken an
  • Pase yon egzamen sou gouvènman ak istwa Etazini
  • Montre angajman l pou l respekte prensip ak nòm konstitisyon ameriken an
  • Pat mete l deyò nan lame ameriken paske l se yon etranje
  • Pat janm kite lame ameriken an san otorizasyon

Ale nan randevou byometrik ak tès sivik

Depi w fin ranpli fòmilè N-400 an, USCIS ap planifye yon randevou byometrik kote y ap pran anprent ou, foto w, epi fè w  siyen non w nan randevou sa. Yo itilize enfòmasyon sa yo pou fè envestigasyon sou ou.

Aprè USCIS fin resevwa epi analize aplikasyon w lan ansanm ak rezilta envestigasyon w lan, y ap fè yon entèvyou pou gade konesans ou sou aplikasyon w lan, sou gouvènman ak istwa peyi Etazini. W ap pase yon tès anglè ki gen ladan l lekti, ekriti epi konpreyansyon w sou lang lan. 

W ap bezwen aprann 128 kesyon sou istwa ak gouvènman Etazini pou nouvo tès sivik la. W ap bezwen  60% pou reyisi, ki vle di w dwe reponn omwen 12 nan 20 kesyon yo kòrèkteman.

Si w echwe, ou gen 2 lòt posibilite pou w refè l ant 60 ak 90 jou apre dat premye entèvyou ou a. Lè w ap refè tès la, y ap poze w kesyon sèlman sou pati w pat reyisi yo nan premye tès la. Si yo ba w refi, w ap resevwa yon lèt ki eksplike rezon ki fè yo ba w refi. Ou ka konteste desizyon an oswa aplike ankò  a lavni.

Vizite sit UsCitizenshipSupport.com pou w gade kesyon ak repons USCIS yo.

Resevwa yon desizyon sou aplikasyon w lan

Apre yo apwouve aplikasyon w lan, w ap resevwa yon lèt pou seremoni natiralizasyon kote w pral pote sèman, ki genyen dat, lè, ak kote seremoni sèman an ap fèt. W ap fè sèman pou w fidèl ak peyi Etazini pou w vin yon sitwayen ameriken nan seremoni an.

Resous pou preparasyon natiralizasyon

Bibliyotèk piblik Nouyòk

Bibliyotèk piblik vil Nouyòk la prete moun liv ak materyèl aprantisaj sou natiralizasyon epi yo genyen resous sou entènèt. Resous bibliyotèk yo nan lis sa a.

USCIS

Sit entènèt USCIS la bay aksè ak sèvis preparasyon epi konsèy legal pou natiralizasyon. Ou ka vizite paj sa a epi antre kòd postal ou pou w wè òganizasyon k ap bay sèvis sa yo.

Young Men’s Christian Association (YMCA) New Americans Initiative citizenship preparation classes

Pwogram sa a bay etidyan opòtinite pou aprann pwosesis natiralizasyon ameriken an. Kou sa yo aprann yo teknik pou li, ekri, tande ak pale y ap bezwen pou ranpli fòmilè natiralizasyon an epi pase entèvyou a. Etidyan ki enskri nan kou sa ap aprann dwa ak responsablite sitwayen ameriken yo, istwa Etazini, gouvènman ak edikasyon sivik peyi a. Pou plis enfòmasyon oswa pou enskri nan yon klas, voye yon imèl nan newamericans@ymcanyc.org  oswa vizite paj sa a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt