Estati espesyal pou imigran minè se youn nan pwoteksyon imigrasyon ki pou timoun imigran paran “abandone, maltrete, oswa neglije”. Timoun ki benefisye estati SIJS la kapab legalman rete Etazini epi aplike pou yon rezidans pèmanan legal.
Chak eta fikse pwòp definisyon legal pa yo sou abandon, abi ak neglijans. Sa a se yon apèsi jeneral pou jèn imigran ki ap konsidere aplike pou pwoteksyon imigrasyon sa a:
- Abi vle di yon moun ap maltrete w. Abi ka vini sou plizyè fòm, tankou abi emosyonèl oswa fizik. Nan ka SIJS, li pa toujou vle di se paran w k ap maltrete w. Si yon lòt moun (tankou yon fanmi oswa yon vwazen) ap fè w mal epi paran w pa ka pwoteje w, sa ka konte kòm abi.
- Neglijans se lè youn oswa tou de (2) paran w yo pa kapab oswa pa ba w swen ou bezwen an. Si paran w yo pa ka ba w manje, ba w yon kote ki an sekirite pou w dòmi, oswa yo pa kapab pran swen w lè w malad, sa ka konsidere kòm neglijans.
- Abandon se lè youn oswa tou de (2) paran yo pa la ditou pou pran swen w. Sa ka paske yo mouri, oswa paske yo kite w epi ou pa gen kontak avèk yo.
Li enpòtan pou w sonje definisyon “abandon, abi, ak neglijans” ka diferan nan peyi lakay ou. Konpòtman ki ka konsidere kòm yon bagay nòmal nan kilti kèk peyi ka konsidere kòm abi oswa neglijans Etazini.
Si yo apwouve w pou SIJS, ou p ap kapab fè aplikasyon pou w rantre paran ou a lavni. Li enpòtan pou w pale ak yon avoka pi vit posib pou yo ka ede w konprann si ou kalifye pou SIJS.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou atik sa a te fèt an Septanm 2025. Yon lòt vèsyon atik sa a te pibliye pou premye fwa sou ImportaMi.
Ki moun ki kalifye pou mande estati espesyal imigran pou minè?
Pou w kalifye pou SIJS, ou dwe satisfè kritè sa yo:
- W ap viv Etazini. Sa vle di w ap viv Etazini san dokiman oswa estati legal, epi ou ka nan pwosedi depòtasyon (ou deja gen yon ka nan tribinal imigrasyon). Ou pa ka aplike pou SIJS andeyò Etazini.
- Ou gen mwens pase 21 ane. Malgre ou ka aplike pou SIJS jiskaske ou gen 21 an, gen kèk eta ki mande pou w konplete lòt etap nan pwosesis aplikasyon an (tankou jwenn yon òdonans tribinal pou minè) anvan ou gen 18 ane. Tcheke avèk yon avoka pou w asire w ou konnen egzijans laj nan eta kote w ap viv la.
- Ou pa kapab viv ak omwen youn nan paran w yo paske sitiyasyon lakay ou danjere oswa paran w yo pa kapab pran swen ou.
- Ou pa marye.
Yon tribinal pou minè Etazini dwe ba w yon òdonans ki di:
- Yo deklare w kòm depandan oswa yo mete w anba titèl yon ajans leta, yon depatman, oswa yon moun yon tribinal leta nonmen. Sa vle di, ou sou kont yon adilt pou sipòte w epi pran swen w, oswa leta ap pran swen w.
- Ou pa ka reyini ak youn oswa tou de (2) paran w yo akòz abi, abandon, oswa neglijans.
- Retounen nan peyi lakay ou pa nan byenèt ou.
Yon òdonans tribinal pou minè se yon etap esansyèl pou w jwenn SIJS. Chak eta gen yon pwosesis diferan pou òdonans tribinal pou minè. Li enpòtan pou w pale ak yon avoka pou yo ka ede ou ak pwosesis pou w jwenn yon òdonans tribinal pou minè.
Kijan pou m aplike pou estati espesyal pou imigran minè?
Apre w gen òdonans tribinal pou minè a, ranpli fòm I-360 la, epi voye l bay Sèvis USCIS.
Asire w ou ale nan tout odyans tribinal ou yo. Si ou se yon minè ki pa akonpaye Etazini, gen anpil chans pou w deja gen yon odyans tribinal ki pwograme. Ou menm oswa avoka w la ap eksplike jij la ou bezwen plis tan pandan w ap tann yon desizyon sou aplikasyon SIJS ou a.
- Si w rate yon odyans tribinal ki pwograme, sa kapab gen konsekans grav sou pwosesis aplikasyon w lan epi li ka lakòz yo depòte w.
- Menm si w poko gen yon avoka, ou dwe toujou ale nan odyans tribinal ou kèlkeswa sa k rive. Nan odyans lan di jij ki sou dosye w la ou bezwen tan pou w jwenn yon avoka.
- Tcheke estati dosye w la souvan pou w toujou konnen ki lè ak ki kote odyans tribinal ou ap fèt. Pafwa dat ak lè odyans yo konn chanje, kidonk li enpòtan pou w tcheke estati dosye w la souvan.
Yon fwa ou gen yon aplikasyon SIJS annatant ak fòm I-360 lan, Immigration and Customs Enforcement (ICE) ta dwe mete yon poz sou nenpòt pwosedi ranvwa. Sa vle di ICE pa gen dwa depòte w pandan w gen yon aplikasyon SIJS an pwosesis.
Resevwa yon desizyon sou estati espesyal imigran minè
Malerezman, pa gen yon kantite tan egzak pwosesis sa a ka pran. Donk, asire w ou kontinye tcheke bwat postal ou ak estati dosye w la. Si ou demenaje nan yon nouvo adrès, toujou depoze yon chanjman adrès pou ou pa rate okenn avi enpòtan.
Yon fwa ou resevwa yon desizyon, pakou pou w jwenn estati legal pako bout.
Si USCIS refize aplikasyon w lan, ou ka gen opsyon pou fè apèl. Pale ak avoka w sou opsyon sa a.
Si USCIS apwouve aplikasyon w lan, ou dwe enfòme jij la nan pwochen odyans ou a pou dil petisyon w lan te apwouve.
W ap oblije depoze yon demann pou yon ajisteman estati. Sa a se pwochen etap la pou vin yon rezidan legal epi jwenn yon kat vèt. Malerezman, rive nan etap sa a nan pwosesis la ka pran tan.
Pandan w ap tann, li posib pou yo ba w sa yo rele yon deferred status. Sa vle di ou pwoteje kont depòtasyon epi ou ka aplike pou yon pèmi travay.