Logo
May 26, 2026 | Denia Pérez

Risk ki genyen lè yon moun fè byometrik ak anprent pou imigrasyon oswa travay

Repons yon avoka imigrasyon sou risk ki genyen ak ICE lè yon moun fè byometrik ak anprent

Kit w ap aplike pou yon nouvo travay oswa depoze yon renouvèlman pèmi travay, yo ka mande w depoze kopi anprent ou. Yo rele sa a, byometrik.

Kisa byometrik la ye?

Byometrik la se pwosesis rasanbleman done pou idantifye yon moun. Li ofri yon kouch sekirite paske li pèmèt yon moun verifye idantite w ak pase w. Kòm egzanp byometrik genyen itilizasyon anprent ou pou w debloke telefòn ou, epi skane vizaj w anvan w monte yon avyon.

Etazini egzije pou w bay anprent ou pou w jwenn pèmi travay, mande azil, chanje estati w, pami lòt aplikasyon yo. Kèk travay egzije w depoze anprent tou pou yo verifye dosye kriminèl ou epi asire yo ou kalifiye pou yo anplwaye w.

Nan gid sa a, nou kesyone Rachel Levenson, avoka prensipal imigrasyon nan Brooklyn pou òganizasyon Make the Road New York, sou risk imigran yo ka rankontre pandan y ap konfòme yo ak egzijans byometrik yo.

M ap aplike pou yon nouvo travay epi patwon an mande m fè anprent mwen. Èske si mwen soumèt anprent mwen, ICE ka arete m?

ICE gen chans arete nenpòt moun ki san papye, oswa gouvènman an kwè ki dwe depòte. Nenpòt enfòmasyon nan pwosesis verifikasyon idantite yon endividi ka pataje ak gouvènman an, pami yo, verifkasyon dosye kriminèl konpayi prive yo fè, jan sa rapòte sou sit sa a. 

Daprè sa m konnen, jiskaprezan ICE poko sible moun sèlman paske yo depoze anprent yo pou verifye idantite ak dosye kriminèl yo nan kad pwofesyonèl.

Akoz gwo pataj done ki genyen ant ICE ak lòt ajans gouvènmantal yo epi ak konpayi prive ki fè verifikasyon idantite ak dosye kriminèl, sa ka chanje a lavni.

Ou dwe sonje tou anprent ki fèt nan yon komisarya oswa lòt ajans fòs lòd reprezante gwo risk. Pa egzanp, si w gen yon manda arestasyon kont ou epi w ale nan yon komisarya pou fè anprent ou pou yon verifikasyon dosye kriminèl, yo kapab arete. Gen gwo posibilite pou yo transfere w bay ICE.

An rezime: si w gen enkyetid konsènan operasyon ICE akòz ou soumèt anprent ou pou verifikasyon dosye kriminèl pou rezon pwofesyonèl, ou dwe disktite sitiyasyon espesifik ou an ak yon avoka imigrasyon.

Mwen te konsilte yon avoka imigrasyon, epi youn nan  pwosesis konsiltasyon yo se depoze anprent nan Biwo Federal envestigasyon (FBI) . Èske FBI pataje enfòmasyon ak (ICE) ?

Depi lontan, verifikasyon dosye kriminèl nan FBI fè pati pwosesis konsiltasyon imigrasyon. Sa fèt pou plizyè rezon, tankou, ajans imigrasyon yo fè pwòp verifikasyon dosye kriminèl nan FBI pa yo nenpòt lè yon moun aplike pou yon benefis imigrasyon oswa nan pwosesis depòtasyon.

Pou rezon sa a, li enpòtan anpil pou avoka imigrasyon w lan konnen kisa ki ka parèt nan yon verifikasyon dosye kriminèl konsa.

Sa vle di, ICE gen aksè ak baz done FBI yo, ki genyen enfòmasyon sou arestasyon kriminèl, akizasyon oswa kondanasyon, lòd pwoteksyon, epi kapab gen enfòmasyon sou vyolasyon lwa imigrasyon sivil. Demann pou verifikasyon antesedan nan FBI mande pou pataje adrès ou ak lòt enfòmasyon pèsonèl.

Pou kounye a, li pa klè si depoze yon demann anprent nan FBI kapab mete moun a risk pou entèvansyon ICE.

Si w gen enkyetid sou risk operasyon ICE yo paske w depoze yon verifikasyon dosye kriminèl nan FBI pou konsiltasyon w ak yon avoka imigrasyon, ou dwe diskite enkyetid sa a ak avoka a.

Mwen gen pèmi travay mwen depi kèk lane e mwen pa t bezwen soumèt nouvo anprent. Sepandan, mwen resevwa yon avi nan men USCIS ki di m mwen dwe ale an pèsòn nan yon sant analiz pou m bay nouvo anprent. Èske ale nan randevou byometrik mwen an mete m an danje arestasyon oswa detansyon? 

Nan dat ki te 12 desanm 2025, USCIS te anonse li p ap re-itilize foto ki te fèt nan randevou byometrik ki gen plis pase twa lane. Sa vle di, menm si lontan USCIS te konn re-itilize byometrik pou yon nouvo aplikasyon, kounya yon moun gen plis chans pou li pwograme pou yon nouvo randevou byometrik lè yo depoze yon nouvo aplikasyon imigrasyon tankou renouvèlman pèmi travay.

Gn kèk repòtaj sou moun yo arete nan randevou byometrik, men depi janvye 2026 ka sa yo ra anpil. 

Depatman Lapolis Nouyòk (NYPD) te arete m. Èske pase m avèk sistèm jistis kriminèl la fè m riske arestasyon oswa detansyon ICE si m dwe fè anprent pou dosye imigrasyon m?

Byen ke antesedan ak sistèm jistis kriminèl la kapab ogmante risk arestasyon oswa detansyon ICE nan yon randevou byometrik pou imigrasyon, depi janvye 2026, genyen sèlman kèlke ka detansyon moun ki rapòte nan randevou byometrik yo. 

Anpil moun ki gen dosye kriminèl reyisi ale nan radevou byometrik yo san pwoblèm.

Sepandan, sitiyasyon an ap evolye rapidman, e si w gen enkyetid sou risk sa a, ou dwe diskite dosye w la ou ak yon avoka imigrasyon.

Èske gen lòt bagay mwen sipoze konnen oswa konsidere anvan mwen depoze byometrik mwen? 

Li natirèlman stresan pou depoze byometrik. Sepandan, li enpòtan pou konnen se yon pati obligatwa nan pwosesis la pou pifò, si se pa tout aplikasyon imigrasyon, e si w pa ale nan randevou w la oswa ou pa reyisi mete yon lòt randevou, y ap rejte aplikasyon w lan sou baz abandon.

Anba règleman avi pou konparèt administrasyon Trump lan, aplikasyon ki refize yo ka debouche sou pwosesis depòtasyon oswa lòt operasyon ICE.. 

Pou rezon sa a, si w gen enkyetid sou konsekans negatif ki genyen nan aplike pou yon benefis imigrasyon, li enpòtan pou w jwenn konsèy legal fyab sou risk sa yo anvan w depoze nenpòt aplikasyon.

Si w deja depoze dosye w epi kounya w pa konte ale nan yon randevou byometrik imigrasyon ba ou a, li enpòtan pou w pale ak yon avoka imigrasyon nan etap sa a pou w ka pran yon desizyon ki byen enfòme.

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt